Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, June 25, 2012

Do you know the lyrics and translation to the song Kenbe Fem

Is that the one?

Senyè, gade mizè'm yo. M'pa ka pale
Senyè tande soupi'm yo. M'pa ka pale
Anmwey! Anmwey! Anmwey o! M'pa ka pale

Senyè tande kri mwen yo. M'pa ka pale
Jiskilè m'ape rive.  M'pa ka pale
Senyè m'santi m'pa gen fòs m'pa ka pale
Senyè tande soupi'm yo. M'pa ka pale

Menm si loray kon vye van ap soufle
Kanpe la, met espwa'w nan Bondye
Lè lavi a parèt tou nwa pou ou
Rele Bondye, l'a fè limyè pou ou
Pinga w dekouraje lè wap soufri
Priye Bondye, met lafwa ou pou nan li

Kenbe fèm! Hang in there
Rete fèm! Remain steadfast

Pa kite'w twouble pou sa ka pase
Tout bagay yo anba kontwòl Bondye
Menm si w'ap soufri Bondye pa bliye'w
Se sèl nonm ki konn siye dlo nan je
Jou an pa twò lwen pou nou delivre
Kenbe lafwa nou, gen yon gran Bondye

Pèsònn pa ka bloke delivrans ou
Nenpòt kote'w ye, je Bondye sou ou
Pa koute gwo bri sapat enmi an
Ak pisans Bondye, n'ap pike devan
Pran kouray zanmi'm, menm si ou meprize
Gen yon jou fikse pou nou delivre

Gen bèl palè k'ap prepare pou nou
Kanmenm ou konnen viktwa se pou ou
Bèl kay, bèl oto yo, tout va pase
Se pawòl Bondye sèlman k'ap rete
Se pasaje nou ye, fòk nou soufri
Nan'on ti tan ankò nou prale rejwi

Nan mitan gwo pwoblèm
Li toujou la avè'n
Se pou nou kenbe fèm
Lè ou pa gen senkòb
Pou mete yon bèl wòb
Sonje Bondye Jakòb

Kenbe fèm
Rete fèm

Lè chimen an fènwa
Sonje se li k' sèl wa
Se li k' gen tout pouvwa
Lè'w santi'w meprize
Pinga w dekouraje
Nou se moun destine

Na kenbe fèm
Lè chemen an tou nwa
Se pou nou rete fèm
Piga'n dekouraje
Na rete fèm
Apiye sou Bondye

Kenbe, fòk nou kenbe
Rete, se pou nou rete fèm
Kenbe, wi fò nou kenbe
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

1 comment:

  1. A colleague recommended me to this resource. Thank you for the details.
    My weblog - Remove Stickers

    ReplyDelete