Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, October 23, 2012

Hi I was wondering can you do the song Yves et Yvan: Danse Danse lyrics please?


Twa lame pral atake Jida
Za-ka-syèl ranpli ak lespri
Li di Jozafa Letènèl pale
Pandan w’ap louwe m’ap ba ou viktwa

Se konsa m’danse
Se konsa m’louwe
Se konsa m’danse pou Bondye m nan
Se konsa sa ye

M sonje David an Izrayèl
Ki te wè lach la t’ap retounen
Li retire manto li, Michal fache
Se premye fwa li te wè ‘on wa k’ap danse

Chak moun g‘on jan yo danse
Chak moun g‘on jan yo louwe
Chak moun g‘on jan yo danse pou Bondye
Se konsa sa ye

M pa ka bliye ki kote ou  te jwenn mwen
Se sa’k fè lè’m rantre nan tanp lan
Gen de moun ki pa ka konprann mwen
Jan yo wè’m kanpe m’ap danse

Chak moun g‘on jan yo danse
Chak moun g‘on jan yo louwe
Chak moun g‘on jan yo danse pou Bondye
Se konsa sa ye

Ad lib…
Danse’l non
Leve de men w tande!
Louwe’l non, se pa mwen li ye
Leve de men’w legliz!

Chak moun g‘on jan yo danse
Chak moun g‘on jan yo louwe
Chak moun g‘on jan yo danse pou Bondye
Se konsa sa ye

G‘on onksyon ki fè men’m anlè toujou
G‘on onksyon ki fè sa
G‘on onksyon ki fè m’ap louwe l toujou
G’on onksyon ki fè sa
G‘on onksyon ki fè m’a chante l toujou
G‘on onksyon ki fè sa

S’on onksyon k’ fè m pa ka chita lè’m nan tanp lan
S’on onksyon ki fè sa
Lè m’ap danse, ou pa konprann mwen, s’on onksyon k’ andan m
S'on onksyon ki fè sa
S’on onksyon k’ andanm ki fè m’ap louwe jan’w wè m nan
Son onksyon ki fè sa
Pou kote m soti a, pou kote l mete’m, m’ap louwe’l
G’on onksyon ki fè sa
L retire nan fatra, L retire nan labou, fò’m louwe’l
G’on onksyon ki fè sa
Mwen di s’on oksyon k’andan m ki fè men’m anlè
S’on onksyon ki fè sa
S’on onksyon k’andan’m m ki fè’m pèdi tèt mwen lakay
G’on onksyon ki fè sa
S’on onksyon ki fè’m leve pou jwa’m anlè
G’on onksyon ki fè sa
S’on onksyon ki fè m’ap danse toujou
G’on onksyon ki fè sa
G’on onksyon, wi, ki fè m’ap louwe’l toujou
S’on onksyon ki fè sa


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

3 comments: