Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, July 1, 2014

Ki sa li signifye le w di “bay yon moun kou an angle” e ki sa "ou se libate"signifye an angle?

Your second word is selibatèsingle
Ou selibatè? (Eske w selibatè?)Are you single?


Your first wordbay koumeans “to punch, to hit”

1. Bay yon moun kouto hit someone

2. Li te ban m kou. – He hit me

3. Mwen te ba l kou. – I hit him.



You also use bay kou (actually “bay kout …”) when you strike with any object (tangible or not):

4. Bay kouto punch, to strike, to hit someone
       Li te ban mwen yon kou nan vant.He hit me in the stomach

5. Bay kout pwento strike with the fist
       Li ban m yon kout pwen.She punched me with her fist.

6. Bay kout pye – to kick with the feet
       Li ban m yon kout pye. – She kicked me.

7. Bay kout batonto hit with a club
        kout baton – a strike of the club
        Polis la bay misye san (100) kout baton.- The police officer hit the man with the club 100 times

8. Bay kout sentiwon – to hit with the belt
       kout sentiwon – strike of the belt
       Papa m ban mwen 15 kout sentiwon. – My father hit me with the belt 15 times.

9. Bay kout dan(or mòde)   – to bite
        yon kout dan– a bite
         Chen an te bay pitit la yon kout dan.  The dog bit the child.
          Mesye a bay pòm la yon gwo kout dan enpi tout dan l tonbe. – The man took a big bite out of the apple and all his teeth fell out.

10. Bay kout kouto – to stab with a knife
11. Kout manchèt – to stab with a machete
12. Kout chèz – to hit with the chair
13. Kout sandal – to hit with sandals
Etc….


14. Kout tèt is different.  This expression means a "repeated bump of the head when one’s trying to fall asleep, especially if they are sitting down."
      Bay kout tèt – to bump one’s head repeatedly a a result of falling asleep

      Pandan misyonè a t’ap bay mesaj la tout moun ta ri paske 
      yo te kapab wè pastè legliz t’ap bay kout tèt sou chè a.- 
      While the missionary was delivering the sermon everyone was 
      laughing because they could see the church pastor falling asleep 
      on the pulpit.

      Li te sipoze etidye, men se kout tèt l’ap bay sou biwo li. - He was supposed to study, but he’s falling asleep at his desk.


15. Bay kout men – to assist, to support, to sponsor
          Kout men – assistance, help
          
          Ban’m yon kout men tanpri. – help me please

          Ban’m yon kout men ak valiz la. Li lou anpil. – Help me with the bag. It’s heavy.


16. Kout lang – malicious gossip

           Menm si yo ba w kout lang pa okipe yo. Kwè nan tèt ou. Pa kite sa yo di deranje w. - Even if they spread malicious gossip about you don’t worry about it. Believe in yourself. Don’t let what they say about you get to you.


17. Kout pitit – when a women try to pass another man’s child as the child of a man she’s already with.
            Pitit sa a pa sanble avè w ditou. Sanble madanm ou ba w yon kout pitit.- This child does not look like you at all. Your wife lied to you.


18. Kout je  - a scornful look

            Lè fanm nan te antre nan legliz la tout moun t’ap koupe l kout je.         Kongregasyon an te bliye ke yo menm tou yo se pechè.  - When the woman entered the church everyone was looking down at her.  The congregation had forgotten that they also are sinners.


19.  Kout entelijan (or Kou entelijan) – to outsmart someone

      Machann nan fè yon kou entelijan ak touris la. Misye vann fanm nan yon fo tablo pou anpil lajan.- The seller tricked the tourist.  He sold her a fake painting for a lot of money.


20. Kout pa konprann – to pretend to be naïve about something


              Pa vin ban’m okenn kout pa konprann la a. Ou konnen trè byen sa k’ap pase.  - Don’t play dumb with me you know very well what’s going on?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment