Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, March 17, 2015

A friend wrote:.......

A friend wrote:

"Mandaly,

Mèsi anpil pou repons ou a.

Vè 1970/80 mwen te aprann ekri Kreyol la sèvi ak sistenm Pressoir-Faublas.
(Mouin té konn ékri Kréyòl-la konsa.)  Mwen te fèt nan NYC.  M pa janm we peyi
Ayiti.  Mwen te konn volonte nan sant kominite pou ede rèfije yo.  Mwen ansanye
klas otograf Kreyòl la.  Ositou, mwen montre rèfije pale Angle sinmp.

Pa gen
Ayisyen isit di tou.  Gen anpil moun etranjè.  Men majòrite se blan Mèriken ou
byin Èropyen.  Ou pa we nèg nwa souvan.

Gen dè semin, m te vin manm
"Facebook" pou m ta fè konesans Ayisyen.  Madam mwen se Chinwa li ye.  Se pou
rezon sa, m pa t pale Kreyòl depi lontann lontann.

Gen sèlman youn semin, m
te komanse etidye otograp ofisyel (IPN).  M konnen nivo mwen tre ba.  Chak jou m
ap fè ti progre.

Vè 1970/80 m te patisipe nan manifèstasyon pou di gouvman
Mèriken pa ede rejim Duvalier.  Ositou pou klasifye Ayisyen kòm rèfije Kiben yo:
rèfije politik; pa rèfije ekonòmik.  Rejim nan deja gin foto mwen (ak anpil lòt
moun); m pa vle mouri nan Forte Dimanche.  Vè 1980s, mwe travay isit pou militè.
Se isit m fè konesans madam mwen.  Apre mariye li, m pa gen anpil kontak ak
kominite Ayisyen.

Se sa ki istwa mwen.
"

Mandaly says:

Istwa  w sanble ak istwa yon moun ki egzile lwen ras li men, malgre tout,  mwen wè ou fè anpil zefò pou patisipe nan kominite Ayisyen an kit yo te Nouyòk (New York), Ayiti (Haiti) oubyen sou entènèt la.  Mwen etone tande ou pako janm mete pye Ayiti. Ou pale bon Kreyòl la. Konpliman.    .....Sanble lonbrit te antere Ayiti :)
Wi sa te toujou fè kè m mal lè Meriken te konn Akeyi Kiben enpi yo voye Ayisyen tounen lakay yo paske yo di se pou GRANGOU yo t'ap kouri.   Mwen te toujou panse, "Wi, se pou grangou yo t'ap kouri. Yo pa prizonye politik. MEN .... SE PWOBLEM POLITIK PEYI A KI TE LAKOZ DEZOLASYON EKONOMIK LA. Donk, men jan ak Kiben yo se pwoblèm politik ki t'ap fè nou kite peyi nou  tou."   Antouka......

Mwen apresye kòmantè ou. Kontinye konsa. M'espere tande w ankò.
Yon gwo kout chapo bay tout fanmi ou kote ou ye a.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment