Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Friday, March 6, 2015

I'm wondering if you could help me find this song yon jou m va rejui avek Jesus kris Nan yon bel cite lajwa ap nouye. And there's another one it goes like this lavi ap mennew tankou yon ti bato

Zanmi k’ap koute
Ki pa konvèti
Sa se yon ti chan m’ap chante pou ou
Si ou pa prese fè yon ti chita
Pou w kapab tande
Si mwen ta mande w ki jou ou te fèt
,Ou prêt pou reponn se tèl jou ou tèl dat
Alo zanmi mwen mwen ta renmen mande w se konbyen ou rete


Lavi ap mennen w tankou yon ti bato
Ou pa konn ki bò l’ap rive avè w
Asepte Jezi paske se li menm sèl ki kapab delivre w
Ou genyen 22, 23 ou 24 an
Ou kap gen 40, 50 ou 60 an
Alò zanmi mwen mwen ta renmen ou di’m konbyen tan ou rete


Chak fwa ou rete ou di w’a gen tan
Kòm si lavi a te depann de ou
Alò zanmi mwen, mwen ta renmen ou di m konbyen tan ou rete
Chak jou ou leve ou ta dwe priye
Renmèsye Bondye pou sa l fè pou ou
Li menm ki sove w
Li sitèlman renmen

Li bay vi li pou ou

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

3 comments: