Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.

Monday, August 22, 2011

Kisa ou ta fè si ou ta gen yon milyon dola?

Ah! Mwen ta separe li ansanm avèk ou

kisa "Nap swiv bagay yo?" vle di?

N'ap swiv bagay yo.
We're keeping tabs on things.
We're keeping an eye on things.
We're just observing.
We're following things.

'Swiv (v.)' literally means 'to follow'

Machin?!!

machin → car, automobiles

machin a koud → sewing machine

machin a lave → washing machine

machin pou lave asyèt (or from French: lave-vesèl) → dishwasher

Sunday, August 21, 2011

Do you see double?

Do you see double?
Eske ou wè doub?

double → doub
blurry → twoub


Do you have blurry vision?
Eske ou wè twoub?

Read me the double line.
Li liy doub la pou mwen.

How many lines do you see?
konbyen liy ou wè?

Do you see one line or two?
Eske ou wè yon liy oubyen de liy?

do you see double

Eske ou wè doub?

Ask me anything

What is this mess?! (creole)

What is this mess?! (mess as in: mayhem, riot, disorder, clutter, pandemonium)
Ki gagòt sa?!!
Ki melimelo sa?!!
Ki briganday sa?!!!
Ki tenten sa mezanmi!!!

Same idea as in:
What the hell is this?!!
Ki gagòt sa mezanmi?!!

WTF?
Ki briganday sa?!!! (non vulgar)

What is this chaos?!!!
Ki gagòt sa?!!!

mwen lakay mwen

I'm at home.

Ask me anything

How come you don't say hello to me anymore? (creole)

How come → kouman fè or kijan fè
Say hello → salye

How come you don't say hello to me anymore?
Kouman fè ou pa salye mwen ankò?

How come you're still here?
Kouman fè ou la toujou?

How come you don't call me?
Kijan fè ou pa rele m?

Say hello to your mom for me.
Salye manman ou pou mwen.

Say hello to your family.
Salye fanmi ou.

how to say "get out" or "kick out", as in "I kicked her out of the party"

to get out - sòti deyò, mete (subject) deyò

to kick out - mete (subject) deyò

example:

Get out!
Sòti deyò!   or
Mete ou deyò!

You must kick him out.
Fòk ou mete li deyò.

I got kicked out of the party.
Yo mete mwen deyò nan fèt la.

I kicked her out of the party.
Mwen mete li deyò nan fèt la.

She kicked her husband out of the house.
Li mete mari li deyò nan kay la.

We are at war. This is a spiritual war. (creole)

War → lagè

We are at war. → Nou nan lagè.

We are in a spiritual war. → Nou nan yon lagè spirityèl.

This is a spiritual battle. → Sa se yon konba spirityèl.

Saturday, August 20, 2011

How do you say Physical Therapist? outside?Thank you

Outside - deyò
Outside of - andeyò

I'm outside.
Mwen deyò a.

It's raining outside.
Lap fè lapli deyò a.

Take a walk outside.
Fè yon ti mache deyò a.

Put you arms outside of the box.
Mete bra ou andeyò bwat la.
____________
Haitian creole Terms for Physical Therapist are:

Espesyalis nan Tretman Fizik - Specialist in Physical Therapy.
Espesyalis nan Terapi Fizik - Specialist in Physical Therapy.
Medsen nan Terapi Fizik - Doctor or Expert in Physical Therapy

Physical Therapy - Tretman Fizik, Terapi Fizik

Thanks.

u se tout la vim,san ou la vim pa anyen,bb kote tout bel pwomes nou yo bb repasew kote tout bel pawol nou te konn pale yo

Ou se tout lavi m.
You are my whole life.

San ou, lavi m pa anyen.
Without you, my life is nothing.

Kote tout bèl pwomès nou yo.
What happened to our beautiful promises

Repase w (sonje?)
Remember

Kote tout bèl pawòl nou te konn pale yo.
What happened to the loving words we used to share.

Ah! sa se yon chante wi :)

troubled, as in : "She is troubled"

to be troubled (as in to be worried, to be burdened, to be stressed) → gen pwoblèm, gen tèt chaje

She is burdened.
Li gen pwoblèm.  or
Li gen tèt chaje.  or
Tèt li chaje.

I am burdened.
Mwen gen pwoblèm.  or
Mwen gen tèt chaje.   or
Tèt mwen chaje.

I am stressed over all the party preparations.
Tèt mwen chaje avèk tout preparasyon fèt la.

A person who's known to cause a lot of problems, or a troublemaker is called a "tèt chaje" in Haitian Creole.

EXAMPLE:
Be careful with this girl.  She's a loose canon.
Fè atansyon ak fi sa.  Li se yon tèt chaje.

what's your name?

Kijan ou rele?

Ask me anything

Seize the day

Seize the day → pwofite jounen an
Seize the moment → pwofite tan an, pwofite moman an
Seize the occasion → pwofite okazyon, sezi okazyon

Sezi (v.) - to seize

pwofite (v.) - to make the most of, to take advantage of