Nicole renmen w epi li sonje w.
Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.
Wednesday, January 11, 2012
Do they really use "aprann" for "teach" and "learn"? How does that work?
Teach → anseye, edike, montre, enstwi, or fòme
Teach me how to swim.
Montre m naje.
He taught me everthing I know.
Li montre m tout sa m konnen.
He teaches in a good school.
Li anseye nan yon bon lekòl.
Learn → aprann
I learned to drive when I was only twelve.
Mwen te aprann kondwi lè m te gen sèlman dizan.
empowering parents in kreyol
to empower parents
Ekipe paran yo (to equip the parents)
Ekipe paran yo ak kapasite pou... (to equip parents with the ability to...)
Otorize paran yo (to authorize the parents)
Bay paran yo otorite (To give parents authority)
Tuesday, January 10, 2012
To bind, as in binding a book.
to bind → kole, tache, simante, makònen, marye
to bind a book.
kole paj liv la ansanm.
how do you say you will be missed very much
M'ap sonje w anpil.
N'ap (or M'ap) santi absans ou anpil. (your absence will be felt.)
Labels:
I miss you,
sonje
Love your site. I'm taking some youth to LaJuene to visit some schools and want to teach the Game "Go Fish" to the Haitians. Can you translate? Go Fish!
Jwe Go Fish an Kreyòl
Ou kapab jwe jwèt sa a ak twa (3) jiska sis (6) jwè
Men, si pa gen anpil moun, de (2) moun kapab jwe jwèt la tou.
W’ap bezwen yon lo 52 kat pou jwe jwèt la.
Lè mèt jwèt la distribye kat yo, l’ap bay chak moun senk (5) kat.
Si se de moun k’ap jwe, mèt jwèt la va bay yo chak sèt (7) kat.
Mete rès kat ki rete yo tètanba nan yon sèl pil arebò tab la.
Men kijan jwèt la koumanse:
Jwè ki a goch mèt jwèt la dwe chwazi youn nan lòt jwè yo pou mande l yon ran kat presi.
Pa egzanp, jwè a dwe mande kat la konsa: “Magalie (non youn nan lòt jwè yo), ban m yon jacks."
Jwè a ki mande kat la kapap sèlman mande yon ran kat ke li menm li genyen tou. Sa vle di, si li pa gen kat dyaman, li paka mande yon lòt jwè pou yon kat dyaman.
Kounye a, si “Magalie” (ti fi yo te mande a) genyen kat “jacks” ke jwè a te mande li a, li dwe bay jwè a tout kat “jacks” ke li genyen.
Konsa, jwè sa a vin gen yon lòt tou. Li gen dwa mande yon lòt moun pou yon lòt ran kat.
Men, si “Magalie” (jwè yo te mande a) pa gen ran kat yo mande l la, “Magalie” dwe rele “Go fish!”. Lè sa a jwè a ki te mande kat la va kapab retire youn nan kat yo te mete tètanba a arebò tab la. Lè jwè a pran yon kat nan pil la, si se kat li te mande a, jwè a dwe montre tout moun kat la epi l’ap gen yon lòt tou pou li mande yon lòt moun. Men si kat li pran nan pil la pa sa li te mande a, li dwe kenbe kat la pou li, epi sa va tou pa jwè ki te rele “Go fish!” la.
Pandan jwèt la ap mache, depi yon jwè vin genyen 4 kat ki gen men ran an (pa egzanp, li gen dwa genyen 4 kat dyaman), li dwe montre tout moun li, epi li dwe mete l sou kote. Jwèt la dwe kontinye jiskaske jwè yo pa gen kat ki rete nan men yo oubyen pil kat ki te tètanba a fini.
Moun ki genyen jwèt la se moun ki rete ak plis diferan pil kat menm ran an.
to stand up, to not show up for an appointment / date
to fail to keep your word → bay poto
She stood me up last night.
Li ban m poto yèswa.
He said he'd come help us today. But he never showed up. He stood us up.
Li te di l'ap vin ede nou jodi a. Men li pa't janm vini. Li ban nou poto.
Subscribe to:
Posts (Atom)