I'm unable to sleep...
- O O mezanmi! Ki moun k’ap frape pòt la?
Oh my goodness! Who's knocking at the door?
Female Neighbor! It's me. Open the door for me please.
-Bonswa
vwazen. Ala yon vizit sipriz ou fè aswè a!
Good evening male neighbor. What a surprised visit you made tonight!
-Bonswa
vwazin.
Good evening neighbor.
-Kijan ou ye
vwazen?
How are you neighbor?
-Enben, mwen
pa byen ditou ditou.
Well, I am not well at all.
-O! Eske ou malad?
Are you ill?
-Non
vwazin. M pa malad non.
No neighbor. I'm not ill.
-O O! Eske ou
pran move nouvèl?
Did you get some bad news?
-Non vwazin,
mwen pa resevwa move nouvèl.
No neighbor, I didn't get any bad news.
-O O! Eske
apatman ou gen pwoblèm?
Is there a problem with your apartment?
-Non
vwazin. Apatman m pa gen okenn
pwoblèm.
No neighbor. There's no problem with my apartment.
-Men vwazen, gwo lannuit sa a, ou vin frape
pòt mwen. Ou di m ou pa byen ditou. Sa w genyen?
But neighbor, at this time of the night, you come knocking at my door. You tell me that you are not well at all. What's wrong?
-Vwazin, mwen
pa byen paske mwen pa fouti dòmi avèk chen ou yo k’ap jape tout lannuit lan.
Neighbor, I'm no well because I'm unable to sleep with your dogs that are barking all night.
-O mezanmi
eskize mwen. Mwen pa’t reyalize si chen m yo
t’ap anpeche w dòmi. Mwen va fè
yo rete silans.
O dear I'm sorry. I didn't realize that my dogs were keeping you from falling asleep. I'll make them quiet down.
-Tanpri fè
sa. Mwen dwe al travay demen maten byen
bonè e li preske minui.
Please do that. I must go to work really early tomorrow morning and it's almost midnight.
-Wi, vwazen, ou p’ap tande yo ankò. E vwazen, kòm ou
deja reveye, poukisa ou pa antre? Enpi
mwen ta fè yon bon ti te majolèn pou ou.
Mwen garanti w. Sa va fè w dòmi
tankou yon ti bebe.
Yes neighbor, you won't hear them anymore. And neighbor, since you're already awake, why don't you come in? And I'll make some good oregano tea for you. I guarantee you. It'll make you sleep like a baby.
- Vwazin, mwen fatige anpil. Mwen
dwe leve bonè demen. Mwen sèlman
bezwen dòmi anpè. Tanpri, kontwole
chen w yo…. enpi m'ava jwenn somèy. Bòn nui vwazin.
Neighbor... I'm really tired. I must get up early tomorrow. I simply need to sleep in peace. Please control your dogs... And I 'll get some sleep. Good night neighbor
-Dakò. Pase
bòn nui vwazen.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words