Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.

Thursday, February 14, 2013

girlfriend/boyfriend

boyfriend
menaj
mennaj
mennay
anmoure
nonm
boubout

girlfriend

menaj
mennaj
mennay
anmourez
fanm

boubout

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Bòn Fèt Sent Valanten - Happy Valentines' Day

Bòn Fèt Sent Valanten
Happy Valentines' Day

My heart is flooded with love for you.
Lanmou ap jayi nan kè m pou ou.

You are my everything.
Ou se tout mwen.

You are the love of my life.
Ou se lanmou lavi m.

You are the love of my heart.
Ou se lanmou kè m.

You're the only one for me.
Se ou sèl ki pa'm.

I love you from the bottom of my GUTS.
Mwen renmen w nan tout zantray mwen.

I'm crazy about you.
M fou pou ou.

You make me crazy for you.
Ou fè m fou pou ou.

My love.
Cheri mwen
Kòkòt mwen
Chouboulout mwen
Ti chouchou mwen
Nonm mwen (my man)
Fanm mwen (My woman)

Let's make love until morning.
Ann fè lanmou jouk li jou.

Let's make love tonight.  
Ann fè lanmou aswè a.

That's all I got :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Ki diferans ki ganyen ant yon dyòlè ak yon blòfè?

Yon dyòlè renmen vante tèt li.
Li kapab byen egzajere lè l'ap pale.
M panse dyòlè a fè dyòlè pou l ka blofe w.

Yon blofè ap fout ou manti pou w pa chape.
Pa gen anyen nan sa l di ki verite.
Blofè a pa dyòlè pou sa.

Men ni dyòlè a ni blòfè a gen kèk bagay an komen:
Yo pale anpil, yo renmen atansyon, yo depann sou moun k'ap koute yo.
Men, kisa pou w fè? Nou tout gen yon ti dyòlè ak blofè nan nou.
Se konsa sa ye.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Wednesday, February 13, 2013

Jan w vini an se konsa yo pran w (the way you come is how you are perceived)? Is this right?

Men wi se sa.  I think it's about first impression.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Cet affaire de Créole, c'est une perte de temps. Sa pap ammener un Haitien loin. Ki Haitiens ou we ki rive loin avec ce Creole?

Wòl Kreyòl se pa pou mennen moun lwen non.  Wòl li se pou l kominike, rasanble sa ki pre ak sa ki lwen, trase wout tan dantan pou nou ka wè kote pou n mete pye n pou n kontinye douvan n, e simante nou kòm yon pèp e ede nou etabli idantite ke n'ap chache a.
Avèk respè mwen salye w, men san regrè m kondane mepri w.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Barely, hardly, scarcely? "The bullet grazed my skin but I barely felt it." and "Hardly anyone turned up for the meeting." and "I had scarcely entered the room when the lights went out."

Barely (hardly, scarcely, just) →  apèn, apenn, annik, senpleman, jis, preske pa
Not quite → pa toutafè, preske
scarcely (infrequently) → raman, pa souvan   

1. Nou apenn rive.
    We just arrived.

2. "The bullet grazed my skin but I barely felt it."
     "Bal la te fwole po m men mwen pa toutafè santi li."

3. I barely know her.
    Mwen apenn rekonèt li.
    Mwen pa toutafè fin konnen l nèt.

4.  "Hardly anyone turned up for the meeting."
     "Apenn si gen enpe moun ki parèt pou reyinyon an."

5. "I had scarcely entered the room when the lights went out."
     "M te annik antre nan chanm nan lè limyè yo te tenyen."

6. I scarcely remember anything about the day my father died.
    Mwen preske pa sonje anyen nan jou papa m te mouri a.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

O'clock sharp and flat? "I will pick you up at two o'clock sharp." and "Have this report done at seven o'clock flat."

Precise or exact? (at an exact time in Haitian Creole)
We say:
presiz
pil
tapan
egzak
won kon boul

1. M'ap vin chache w a uitè tapan.
    I'll come pick you up at exactly eight o'clock.

2. Li te fè midi won kon boul lè solèy la te fèmen je l, nyaj yo te vin tou nwa, e lapli te tanmen tonbe.
    It had just turned 12:00 on the dot, when the sun stopped shining, the clouds became dark, and it started to rain

3.  Depi l fè setè pil, klòch legliz la pran sonnen.  
     At exactly seven o'clock the bells of the church start ringing.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

What does the Mi- at the beginning of the names Miloudy, Miloury, and Milove mean? What does the name Merujy/Meroudjy/Meroudjie mean? What does the name Rood/Wood mean? I've read theories that it's a form of Rudy, but the people theorizing weren't Haiti

These name are not "typical" Haitian names, as far as I know.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Bon swa! Mwen vle konnen kisa "cachiment" se nan anglais. Mesi anpil.

Kachiman → cherimoya, sweetsop, sugar apple or sugar pineapple
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Tuesday, February 12, 2013

Exclamatives 1)nouns:"what a relief(mess, disaster)!" or "What a lot of work!" 2)modified nouns:"What a good idea!" or "What a handsome/beautiful man/woman!" 3)Adjective:"How interesting(lovely, tedious)!" 4)Adverbs:"How eloquently he speaks!"

To express these exclamatives, with nouns and / or modified nouns, we may use Haitian Creole interjections ala, ala de -
You may also use se pa ti as noted in #4 and #5.

1. What a pain in the neck !
     Ala yon pongongon!
   
2. What a dilemma!
     Ala tèt chaje!
     Ala traka!
     or you can say:
     Ala de tèt chaje o!
     Ala de traka mezami!

Some people say:
3.   What a nuisance for me!
      Ala de tèt chaje pou mwen!

4. What tight corner I'm in!
     Ala de traka m'ap pase!
    Se pa ti traka m'ap pase non!


5. What an embarassment!
     Ala yon wont!
     Se pa ti wont non!

It's the same for modified nouns.  You may use ala or ala de

6. What strange traditions you have!
     Ala tradisyon dwòl nou genyen!
      or
     Ala de tradisyon dwòl nou genyen!

7.  What strange people, these Haitians!
     Ala moun dwòl, Ayisyen sa yo!
     Ala de moun dwòl, Ayisyen sa yo!

8. What arrogant child!  He just walked past me, he doesn't care to say hello.
   Ala timoun malelve. Li pase bò kote'm, li pa menm ka di bonjou.

9. How rowdy your sister is!
     Ala sè w la woywoy!

With adjectives or adverbs, Use ala or ala de.  You may also use se pa ti or se pa de.  Feel free to use emphasis here, using these modifiers more than once in the same sentence:

10. How pretty!
    Ala bèl!
    or
    Ala bèl sa bèl!
    or
    Se pa ti bèl non!


11. How pitiful!
     Ala tris!
     or
     Ala tris sa tris!
     or
     Se pa ti tris non!

12. How clever she is!
      Ala l entelijan!
      Ala entelijan l entelijan!
      Se pa ti entelijan l entelijan non!

13. How quickly she ran to come here when she saw you!
      Ala li kouri vin la vit lè l te wè w!
      Se pa ti vit li te kouri non lè l te wè w!

14. How great it would be if I won the lottery.
      Ala bon sa ta bon si m te genyen nan lotri a.
      Se pa ti bon l ta bon non si m te genyen lotri a.

15.  What a vicious man!
        Ala nèg mechan!
       Nèg sa, se pa ti mechan non l mechan!

I also want to add the following types of sentences:  "There's no one more .....! " or "There's nothing more ...!"

16. Nanpwen moun malelve konsa!
     There's no one more arrogant!

17. Nanpwen jenerasyon engra konsa!
     There's no generation more ungrateful!

18. Nanpwen nèg peng konsa!
     There's no worse penny pincher!

19. Nanpwen fanm manfouben konsa!
      No one is more of tramp than this woman!

20.  Nanpwen anyen m ta pi renmen konsa!
       There's nothing I'd like more!

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

How come ...?

How come ... → kouman fè, kijan fè, or kòman fè.... and sometimes we add ...ke

1. Kouman fè ou pa rele m ankò?
    How come you don't call me anymore?

2. Kijan fè ou malad si souvan?
    How come you get sick so often?

3. Kouman fè ou pale Kreyòl byen konsa?
    Hoe come you speak Creole so well?

4. Kouman fè pa gen lanèj Ayiti?
    How come there no snow in Haiti?

5. Kijan fè Ayiti poko fin rebati?
    How come Haiti has not been rebuilt yet?


This is different from:
Kouman ou fè ..... How do you make .....

6. Kouman ou fè tyanm tyanm?
   How do you make tyanm tyanm? 

7. Kijan n'ap fè pou soti la a?
    How will we get out of here?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Ou bannann??

You're in deep trouble.
Ou bannann
Ou pran
Ou chire
Ou nan ka
Ou pran nan mera
 Ou pran nan twa wa
Ou nan tout sa k pa bon
or
Ou jwenn ak zo grann ou.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Ki bwason alkòl ki pi gou nan Ayiti?

Gou?!!!  Pou mwen se Prestige. (if you're talking about just taste)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Monday, February 11, 2013

Limani - Is there a way to download all the audio files at once? It seems like I have to click on each file individually (and there are pages and pages to go through). Is that right? Also any plans to make it a podcast on itunes? thx

I'm not sure that can be done at this time.... downloading all of them at once.
But I'll look into putting a list together. ...and number the corresponding written post.

I've been meaning to do the podcasts... I look into that too.

Kenbe la toujou.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

'To meet' in contexts? "I am delighted to meet you." or "I'm finally going to meet Jean-Paul." or "I met my professor at the movies." or "I ran into your sister in town." or "I will meet you at the restaurant." or "Congress meets on Thursdays."

To meet (to be introduced, to make acquaintance) → rankontre, fè konesans, rekonèt ou

1.  I am delighted to meet you.
    Mwen te kontan fè konesans ou.
    Mwen te kontan rekonèt ou.

2. I'm finally going to meet Paul. (for the first time?)
    Mwen resi pral rekonèt Paul .

Pleased to meet you link

To meet (to encounter) → rankontre, kontre, kontre bab pou bab, kwaze ak, jwenn ak

3. "I met my professor at the movies."
    "Mwen te kwaze ak pwofesè mwen nan sinema a"


To meet (get together) → reyini, rasanble, met tèt ansanm, pote kole

4. "The ladies club meet on Thursdays"
    "Gwoup dàm yo rasanble lèjedi."

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words