If the women are
rivals then both a them are matlòt.
Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.
Tuesday, April 22, 2014
When haitians say matlot (with accent on o), which one is the matlot the other woman or the married woman?
Can you use jou pou jou in a sentence?
Jou pou jou –
exact date of the anniversary of an event.
jou pou jou ki te fè
anivèsè tranblemanntè Ayiti a, tout mount e fè yon moman silans.
One of my Haitian friends told me she is afraid of people with blue eyes. Are things like this common in such a homogenous country?
Certainly not, your may have had a bad experience with a
blue-eyed individual.
Monday, April 21, 2014
Poukisa yo aprann timoun ayisyen pou pa gade nan je ni pou yo pa kwaze pye yo, et pou pa soufle?
Granmoun pa tolere timoun gade yo nan je. Se timoun
odasye ki fè sa dapre yo menm. Sa
demontre yon timoun ki gen aksyon sou li.
Men m poko janm jwenn yon nasyon ki ka pèdi tan l ap
defigire yon moun delatètopye tankou Ayisyen. Depi yo gade w, yo gendwa di si w "gwo" oubyen si w "piti". Etranje va gade w anba linèt, men Ayisyen di w,
Bondye ba l je, se pou l gade. Ya kanpe
sou ran pou yo gade w. Sèlman yo p’ap gade w nan je.
Men pou di w vre, m gen pwoblèm ak moun ki pa ka gade
m nan je lè y’ap pale avè m. Lè yo fè sa yo sanble y’ap kache m yon bagay.
Zafè kwaze pye a se menm bagay la. Si w gen respè
pou moun ki pi gran pase w, ou chita devan l nan yon fason ki onore l….. yon
fason ki soumèt. Se konsa m te leve.
Pou koze soufle a, m pa konn sa pou m di :) Gramoun mwen ta flanke m yon kalòt si m
pwenti bouch mwen ap soufle devan yo. E
si m ta mande yo, “poukisa m ka soufle sou granmoun?” yo ta flanke m on lòt
souflèt. Donk se granmou yo ki konnen
sekrè a, paske yo pa’t janm ban m chans envestige sa :)
Ki kote m kapab trouve roch galet?
Ou pral fè yon “resèt”?
Wòch galèt se nan larivyè ou ranmase sa.
Sunday, April 20, 2014
What is santi pise?
What’s the context? Besides the obvious meaning, you can
find this in a name-calling type of situation.
Someone might call another “ti santi pise” meaning vagabond, worthless person
“Se sa m bliye m pat fe” can you explain the usage of this term, specifically when can I use it? Thanks Mandalay.
Your example literally means it’s what I forgot I didn’t do basically meaning that I did everything
Or in the future tense
Se sa m bliye m p’ap fè – (literally, it’s what I forget I will
not do) meaning that I will do
everything.
Pa egzanp:
Misye te tonbe joure
m. Se sa l bliye l pa’t di’m. (notice past tense) – He began to curse at me. He really let me have
it/ or He didn’t mince his words.
Another example of how
it’s used:
John had not seen his wife for two weeks. When he called her on the phone to say he was
coming home, he playfully said to her, Lè
m rive lakay se sa m bliye m’ pa’p fè w. (notice future tense)-
meaning that he’s really going to indulge with her.
One more example:
N’ap desann Jakmèl
pou wikenn nan avèk kèk ti medam. Napwen travay. Nanpwen obligasyon. Nou pral
pran plezi nou nèt. Se sa n bliye n p’ap fè. Meaning We’re going to party hard (or something
like that)
Saturday, April 19, 2014
Bonjou, Mandaly! I'm reviewing Singular Definite Articles and I'm confused about one of the examples for the Special Note about the vowels "i" and "ou." You said words that end with "i" or "ou" and is preceded by a nasal sound will use "AN." Here's my confusion. You used "LENNMI AN" instead of "LENNMI A.
Although the H. Creole article “an” is used for
words that end with a nasal vowel such “pen
an, kan an, pon an”; it’s also used for
words that end with a non-nasal vowel which is preceded by a nasal sound:
Examples:
You'll say "zanmi an"
instead "zanmi a", because of the nasal sound "zan..."
in zanmi
You'll say "fanmi an" instead of "fanmi a" because of the nasal sound "fan..." in fanmi.
We say:
jou a or jou an
avangou a or avangou an
bouk la or bouk lan
soukous la or soukous lan
lanmou an because of the nasal sound "lan..." in lanmou
You'll say "fanmi an" instead of "fanmi a" because of the nasal sound "fan..." in fanmi.
We say:
jou a or jou an
avangou a or avangou an
bouk la or bouk lan
soukous la or soukous lan
lanmou an because of the nasal sound "lan..." in lanmou
Thus “lennmi an”
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Ki jan w di "the matter at hand" Eske w Gen yon fraz pou sa nan kreyol?
The matter at hand
– sijè, kesyon; sijè ki sou tab la,
kesyon ki sou tab la
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Thursday, April 17, 2014
what is dyayi? I've seen many different translations. i know it means to dance or move your body some way but what does mean "mwen pral dyayi sou ou"?
“M pral djayi sou ou” seems to mean “I’m going to flip out on you” (to be
angry or furious). I’m not sure what the
context is.
It also translates to shake, to have the shakes, to go into a trembling fit.
Egzanp:Fanm nan t’ap kriye nan antèman pitit li a. Li t’ap djayi atè a. Se dis gason ki t’oblije kenbe l anvan l te vin resi kalme.
“Djayi”
can also mean “to dance”.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
What are some synonyms for "ugly" besides "lèd" regarding people or thing? for example, "That house around the corner is ugly." "Flavor of love or flavor flave is an ugly person." What are some degrees of ugliness in creole(if there is any)?
What are some synonyms for "ugly" besides
"lèd" regarding people or thing? for example, "That house around
the corner is ugly." "Flavor of love or flavor flave is an ugly
person." What are some degrees of ugliness in creole(if there is any)?
Degrees of ugliness?
Is that about comparatives?
You should listen to Maurice Sixto’s Sentaniz where
the mistress of the house calls Sentaniz ugly in many many different ways….
In Haitian Creole we may use koukou,
makawon, mafweze, kaka zonbi, mangousa,
malfouti, chwèt, makoubi, etc….
As for describing an ugly object, we might use gwosomodo
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Lè yo rele mwen “blan” an Ayiti
Bonjou
mesyedam, lasosyete d Ayiti.
Jodiya
mwen vle diskite yon mo mwen tande trè souvan an Ayiti – “blan.” Lè m flannen
nan santye andeyò, lè m achte pwovizyon nan mache, lè m fè dekabès, lè m ap
rele “Anmwey !” aprè pikan pike gwo zotèy mwen, mwen tande moun di “Blan.” E se
pa yon sèl fason pou yo di l. Moun ka rele l, moun ka chwichwi l, moun ka
tchwipe l, e moun ka salye avè l ak tout politès. Kelkeswa ka a,
mwen konn tande l.
Sa k fè moun di sa alantou mwen
tout tan? Oke chè
lektè, m ap mete sekre rèd pa m nan lari. Mwen menm, mwen
gen po blan, je vèt, mwen fèt lòtbòdlo. Donk, an Ayiti moun konn rele mwen
"blan." E jodiya, mwen ta vle pataje yon ti tranch esperyans mwen
genyen ak mo sa a nan bèl peyi nou.
Bon, an palan de esperyans pa m,
mwen ka fè de (2) kan moun ki konn rele mwen "blan."
Premyeman, gen moun ki rele mwen "blan" premye fwa yo wè mwen paske yo poko konnen kijan mwen rele, yo wè mwen se yon etranje, e san touche gwo istwa kolonyal, se nan jan sa nou konn kalifye moun konsa an Ayiti. Aprè sa nou koze, nou bay blag, nou mande youn lòt anpil kesyon. Mwen aprann konbyen sè ak frè yo genyen, e mwen di yo manman mwen byen, menm si sante li pa pafè. Mwen esplike kòman mwen travay nan yon lekòl. Nou pataje esperyans nou ak lide nou sou sistèm edikasyon, e nou diskite ki wòl kominote entènasyonal la ak dyaspora a ka genyen nan zafè sa yo. Kòm mwen se yon Kreyolis, souvan nou pale sou wòl lang kreyòl ak lang franse nan sosyete a tou.
Pale nou fin pale youn ak lòt,
mwen pa "blan" ankò, mwen se “zanmi,” “Msye Scott,” ou “Tiscot.” Men wi, gen kèk moun ki konn rele m
“blan” toujou. Mwen di yo “Se pa konsa fanmi mwen lòtbo konn rele m, non
papa!” (gen kèk ti grenn moun ki parèt sezi. "Non ? Manman w pa rele ou
blan ?" Adje.) E si nou rive fini koze a nèt, mwen pa vle moun ki konnen
mwen byen rele mwen "blan" paske se kòmsi nou ka bliye tout lòt
karatèristik, lefèt ke nou chak gen pwòp istwa ak rèv nou, e se sèlman koulè ki
enpòtan. Aprè mwen di sa, moun konn reponn "Tout moun se moun. Tout moun
gen menm valè." Pifò Ayisyen konprann sa byen. Anfèt, jeneralman isit la
moun konprann sa pi byen pase lòt kote sou latè, e se pou sa mwen renmen pale
avèk Ayisyen e mwen gen anpil zanmi Ayisyen.
Gen yon dezyèm gwoup moun ki konn
rele mwen blan tou. Men okonmansman yo pa rele mwen blan. Non, odebi se
“Monsieur Scott, bienvenue en Haïti. Comment allez-vous?” Tre janti, non? Men,
sa pa dire twòp tan. Menmsi mwen eseye mare lang mwen, mwen gen tandans antre
bouch mwen nan koze EPT (Edikasayon Pou Toutmoun) oubyen sou valè lang Kreyòl
Ayisyen an, e kòman m ap etidye kilti ak istwa d Ayiti. Epitou, mwen ka fè wè nan de tan twa
mouvman yo konstate mwen pa rich. Donk, mwen pa rich, mwen pa sòt. Kisa yo ka
fè ak yon etranje ki pa ni sòt ni rich ?
Bridsoukou, se
pa « Bienvenue Monsieur Scott » ankò. Bridsoukou, se yon blan mwen ye. Yon
etranje, yon moun ki sòt yon lòt kote. Yo pale ak zanmi yo devan mwen e yo di
"Kominote entènasyonal la ap toujou mete tèt yo nan zafè nou." Yo pase m nan tenten, yo rele mwen
“yon blan fou.” Yo pa reponn lè mwen pale ak yo an kreyòl. Mezanmi, sa preske
fin dekouraje mwen nèt.
Bon,
san fè okenn konklizyon, mwen ka kondanse esperyans mwen ak mo “blan” an konsa:
Pou
pifò moun an Ayiti, plis mwen pale kreyòl, plis mwen fè efò pou konprann
sosyete Ayiti, e plis nou di ansanm ke yon bon edikasyon se yon dwa pou tout
timoun, kèlkeswa koulè, kèlkeswa nasyonalite, kèlkeswa lang, e kèlkeswa klas,
plis yo konn ban mwen yon non pase jis “blan.”
Men pou yon dezyèm ti gwoup, dotan
mwen pale sou lide sila yo, dotan yo konn rele mwen “blan.” Men mwen santi gwoup sa a sèvi ak mo
a nan yon lòt fason. Genlè se pa sèlman yon jan pou kalifye mwen, men se yon
metòd pou fè m santi m kòm yon moun deyò, pou betize mwen, e, dabò, pou fè mwen
fèmen bouch mwen ak tout koze Edikasyon Pou Toutmoun sa a.
Mwen
pa ka di mwen konprann tout bagay nan sosyete Ayisyen an, e donk jodiya m ap
sèlman pataje esperyans mwen ak nou.
Epi, si nou vle, nou ka eksplike m kisa li siyifye.
-pa Scott
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Wednesday, April 16, 2014
Mési anpil for all your speedy responses, Mandaly! Now another question. How come "You" plural is "Nou" like the Haitian Creole "We" instead of "Vou" or something like that? Won't this be confusing? Also, do you have any audio lessons for these pronouns? I can't even try to imagine what these contractions sound like, "L, N, and Y" for "Li, Nou, and Yo." I'm starting to run into a bit of challenge from not hearing as I read. Xoxoxo
Usually if the word is within context, you will not
be confused.
And if both of us were having a conversation, and I said:
Kisa pou nou fè menm? – So what should we do?
Here, we know that “nou” translates “we”.
Kenbe la.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
If I come onto a group of people and I want to say
hello, I’d say: Kouman nou ye
mezanmi? How are you all doing?
(Actually that’s how I usually greet a group of people)
Or in a speech, the speaker might say to the
audience.
Nou pa dwe bay legen. Nou pa dwe fè bak. Se pou nou kenbe la. Se pou nou
vanse douvan. – You
must not give up. You must not back down.
You must hang in there. You must
move forward.
It’s easy to see that “nou”, in both examples above, translates as plural “you”
here?And if both of us were having a conversation, and I said:
Kisa pou nou fè menm? – So what should we do?
Here, we know that “nou” translates “we”.
So it’s all in the context.
And regarding listening exercises, the more you
listen to all types of conversations the more your ears will be trained and
eventually be comfortable in understanding and hearing the pronouns whether
they’re contracted or not.
Kenbe la.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
what does it mean to "fe sisisy" in hcreole? btw i probably spelled it wrong! thanks?
Do you mean fè
lasisin, or is it something else? Fè lasisin – taunt, to tease someone
with food
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Subscribe to:
Posts (Atom)