Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, June 16, 2015

Ki jan pou m itilize mo "kómkwa" a? Ki sa li vle di? Èske ou dakò li vle di "as if..." Èske l gen plizye sans? Mési.

Bonswa wi zanmi 

Nou pa ka pale sou kòm kwa san nou pa mansyonen kòm kwa dire oubyen menm kòm ki dire
Twa (3) ekpresyon sa yo vle di, nan lang angle a, seemingly, in other words, that is to say, apparently, allegedly

Mo sa a kapab sèvi kòm konjonksyon oubyen advèb.

Ou itilize l lè w’ap bay plis esplikasyon onswa klarifijasyon

Men kèk egzanp:
    
       1. Mouche gen yon manyè ki dwòl kòm kwa dire li ta yon fanm konsa. – The man has got some weird mannerism as if he were a woman.

      2. Ameriken yo akize prezidan an kòm kwa se li men ki lakòz resesyon an. – Americans have accused the president, seemingly blaming him for the recession.

      3. Olye pou misye ban m lajan li dwe m nan, li tonbe plenyen ban mwen  kòm ki dire pou m ta kite lajan an ba li. – Instead of giving me the money he owes me, he started complaining to me. Apparently he wanted me to leave the money to him.


     4. Pou ki sa w ap akize m konsa, kòm kwa dire se mwen menm ki lakòz malchans ou? – Why are you blaming me as if I was the cause of your misfortune?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment