Download link for this audio clip:
To listen to this audio, press the play button and follow along please :)
Zanmi mwen yo, Bonjou!
Hello my friends!
Kouman nou ye?
How are you doing?
Mwen espere tout bagay ap mache byen.
I hope everything is going well.
WORD: PA
Pa → negative indicator
Pa → forms possessive pronoun
Pa → steps
Pa → by means of, via, per, by ....
Pa → negative (not, do
not, don’t …)
1. Se pa sa.
It's not that.
That's not it.
2. Pa fè sa.
Don’t do that.
3. M pa’t konnen
(contracted)
Mwen pa te konnen
(uncontracted)
I didn’t know.
Pa → part, form possessive
pronouns
4. Sa se pa’m.
(contracted)
Sa se pa mwen.
(uncontracted)
That’s mine.
5. Sa se pa l la.
(contracted)
Sa se pa li a.
(uncontracted)
This is his/hers
6. Sa se valiz pa m nan.
This bag is mine.
That's my bag.
7. Pase pa dèyè a.
Go through the back
8. M’ap voye l pa lapòs.
I’ll send it by mail
9. Mwen touche de fwa pa mwa.
I get paid two time per month.
I get paid twice a month.
10. Vwayaj la ap koute $150
pa tèt.
The trip will cost $150
per person
11. Pran medikaman ou twa fwa pa jou jan yo preskri l la.
Take your medicine three times per day as prescribed.
12. Li dwe fè premye pa a.
She/He must take the
first step.
13. Jodi a se jou konje m. Mwen p'ap fè yon pa.
Today is my day off. I won't make one step.
Today is my day off. I won't go anywhere.
14. Chak pa mwen fè mennen m
pi pre lakay.
Each step I take leads
me closer to home
15. Ti pa ti pa n’a rive. (contracted)
Ti pa ti pa nou va rive. (uncontracted)
Little step little step we'll arrive.
Step by step we’ll get
there
Fè pa – pardon, go easy
on, forgive
16. Fè pa m → forgive me
17. Fè pa l tanpri → forgive
him, go easy on him please
18. Mwen fè pa w jodi a, men pa fè sa ankò.
I forgive you today, but don't do that again.
I'll let it slide today, but don't do that again.
Se tout pou jodi a. Mèsi e n'a wè.
That's all for today, Thanks and see ya.
Track: Reyinyon Konbit by Manno Charlemagne