Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.

Sunday, December 23, 2012

how do you say merry christmas in haitian creole

Bonswa koman no ye Eske w ka di m tanpri kijan yo di sa an kreyol: Challenge Eating another’s bread Whistling Waving the hand (threateningly) against someone Wearing sackcloth Handshaking and striking the palms Mesi anpil pou ede m ak sa

Challenge Eating another’s bread (as in to confront those who are stealing?)
Pa kite yon moun manje pen k pa pou li

Whistling 
soufle ak bouch ou

Waving the hand (threateningly) against someone 
lonje dwèt nan figi yon moun
menase moun ak men w

Wearing sackcloth 
mete rad ki fèt ak twal sak

Handshaking 
bay lanmen

and striking the palms (as in a palm strike against someone)
tape 

and striking the palms (as in shooing someone/something away?)
Bat men dèyè yon moun

or, is it....

clap hands
bat men

"Challenge Eating another’s bread Whistling Waving the hand (threateningly) against someone Wearing sackcloth Handshaking and striking the palms" 
Konteste moun k'ap manje pen ki pa pou li, pa soufle ak bouch ou, lonje dwèt nan figi moun, mete rad ki fèt ak twal sak, bay lanmen ak bat men w.


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

How long have you lived in Haiti?

How long have you lived in Haiti?
Pou konbyen tan ou te abite Ayiti?
or
Konbyen tan ou genyen depi ou abite Ayiti?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

How do you say I love you son

I love you son.
Mwen renmen w pitit gason.

I love you my son.
Mwen renmen w pitit gason mwen

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

What does etandone mean in creole?

etandone, etandone ke (piske) → since, considering, in view of the fact that
Egzanp:
1. Etandone ke pa gen moun ki pa vin nan reyinyon an, n'ap ranvwaye l pou pwochèn fwa.
2. Etandone nou pa't gen lajan sou nou, nou te oblije pran daso sou kamyonèt la.
3. Enben, etandone ou te pran daso sou kamyonèt la, m'ap oblije arete'w.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

What does chouchoute mean in creole?

chouchoute (from French chouchouter) → to pamper, to baby, to shower with attention and love

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

I attended a well inauguration ceremony in the central plateau and the group sang a song that had words like: Ka se ka se ka se mai ka se ma i ya jan m' vle. Something about corn and something about "we want it". I'm looking for the lyrics. Ideas?

Sounds like a vodou, angaje, or konbit song.
There are a couple of books on amazon.com which might have this song.  You will be able to search the words to this song without buying the book.
Click on the book on the amazon.com website, search the key words KASE MAYI and you might have some of these books come up. Click on one of these books, click on the SEARCH INSIDE arrow and you can type in some of the words in the search box and you'll see a whole list of songs with the words "KASE MAYI".
My friends tell me that you might have better luck searching for the conga rhythm Kase (on MP3s) , or the type of dance called kase.
There's also the cd Rhythms of rapture It has a "Mayi" rhythm.
I'll keep my ears and eyes open :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

mwen bezwen chan ki di noe noe ouvri pot la pou mwen

Ah, m chache chante sila tankou yon moun fou, men m poko jwenn ni.  Mwen konn tande l sou yon cd, men m pa ka sonje kilès ladan yo.  Pandanstan m'ap chache a, fè'm sonje tanpri.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Mandy, kisa ou pral fè pou christmas la? e ki kado ou espere jwenn?

Mwen toujou fete lavèy. E, jou Nwèl la mwen dòmi nèt ale.
Pafwa, mwen pran yon ti diven wouj pou chofe kè'm.  Petèt se pousa mwen dòmi anpil konsa. :)
Kanta pou kado, mwen sensèman pa janm espere resevwa anyen.  Lè mwen te piti mwen te konn tann Tonton Nwèl pote yon poupe ak yon sabo, men Tonton Nwèl pa't janm vini.  Konsa mwen aprann pou m pa atann mwen a anyen. Men, Nwèl mwen toujou bèl grasadye... anpil lanmou, anpil lespwa, anpil diven, anpil bonbon, e sitou anpil mistletoe :)
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

This is the next step in the oxford learning series.

This is the next step in the oxford learning series. 
Sa a se etap ki swiv seri etid Oxford yo.

learning, here, can also be translated as fòmasyon, ansèyman, aprantisaj

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

I just wanted to say that the song "Krisifiksyon" an Kreyol nan kou se absoliman bel!!!!! It brought tears to my eyes especially in Kreyol. Mesi anpil, Kreyol Lwiziyen

Yes, it is an absolutely beautiful song.   Pierre Gardy Fontaine brings it to life.
I see you want to use it as a farewell song one day.  I'll be sure to tell Mr. Fontaine :)
Pase yon bon jounen Kreyòl Lwiziyen.
E si nou pa pale ankò, pase yon bon sezon fèt Nwèl e yon bòn ane 2013.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

When was the last time? (Kilè te dènye fwa a?)

Pa toutafè ti cheri a (not quite darling :)
Use Ki dènye fwa? or Ki dènye lè (When was the last time?)

For example:

1. Ki dènye fwa ou te danse kanaval?
    When was the last time you dance at a carnival?

2. Ki dènye fwa ou te bwè dlo nan yon kwi?

    When was the last time you drank water from a calabash gourd?

3. Ki dènye lè ou te dòmi nan yon kay pay?

    When was the last time you slept inside a hut?

4. Ki dènye fwa ou te koute lapli k'ap tonbe anba yon kay fèy tòl?

     When was the last time you listened to the rain fall from inside a tin roof house?

5. Ki dènye fwa ou te panse ak premye beze w?

    When was the last time you thought about your first kiss?


6. Ki dènye fim ou te wè?

     What was the last movie you saw?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

How do you say......you are late / It's late

1. You are late.
    Ou anreta.

2. Sorry, I'm late.
     Sorry for being late
    Eskize m deske m anreta.

3. It's late.
    Li ta.

4. It's too late.
    Li twò ta.

5. It's getting late.
    L'ap fin ta.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words