Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Wednesday, June 19, 2013

can you explain more "pran fil". No English translations in your examples please. I want to read through them and try to understand.....

pran fil - expression for to be succeeding at something, to thrive, to progress, to flourish

1. Apre sèlman de jou nan klas Kreyòl la blan meriken an fin pran fil nèt nan lang lan.  Lotrejou tout moun kanpe sou ran pou gade l k'ap fè pri tenkantenk ak yon machann an Kreyòl.

2. Li gen twa mwa sèlman nan travay, li gentan pran fil nèt.  Kounye a se li'k manadjè.

3. Anna apenn vin abite nan vwazinay la, men tout vwazen gentan konn non l.  Tout moun se zanmi l.  Li fin pran fil nan katye a.

4. Biznis la ouvè de pi dezan, li pa janm pran fil.  Sanble yo pral oblije fèmen l.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment