Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Friday, February 28, 2014

This is not a question, put here is a nice lecture given in slow Haitian Creole for beginners to listen to for listening comprehension.

This is not a question, put here is a nice lecture given in slow
Haitian Creole for beginners to listen to for listening comprehension.
The Creole starts at around 6 minutes
:

http://www.youtube.com/watch?v=DpXc7ylYwYk

-TiWil



 
Yves Dejean's (Or Iv Dejan's) FIU lecture in writing for those that need it.
Thanks TiWil.
-Mandaly


********************************
Lecture starts at 6:18


Mwen sipoze tout moun ki la yo konprann Kreyòl.
M’ap eseye pale dousman, mwen p’ap pale vit.
Si nou pa konprann, m ta kontan nou leve men nou,
nou di m nou pa konprann pou m ka repete pawòl la,
Oubyen pou m di de twa mo Angle
 Men nou mande m fè koze a an Kreyòl
Se pou sa m’ap fè l an Kreyòl
Si yo te mande m fè l an Angle m t’ap fè l an angle.

Men, ann komanse:
Mwen vle pale nou de yon problèm ki enpòtan anpil pou Ayiti
Se enpòtans lang kreyòl pèp Ayisyen an pou edikasyon lekòl Annayiti.

Nou kab konnen, kòm mwen wè nou se moun  ki enterese nan pwoblèm Ayiti, 
nou kab konnen jiskounye a lang lekòl Annayiti se Franse.

Lontan menm menm menm, yo te pini timoun ki pale Kreyòl lekòl.
Kounye a yo preske pa fè sa, men yo fè l toujou wi sèten kote.
Men tanzantan gen pwofesè ki bay ti esplikasyon an kreyòl
M’ap kòmanse avèk pwoblèm enpòtans lang kreyòl la
Si mwen pa pale ase klè, fè’m yon siy
Nou pa bezwen pè, entewonp mwen si pawòl mwen pa klè
E si nou pa fin konprann jan m pale a.
M’eseye pale dousman.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment