Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

This is not a question, put here is a nice lecture given in slow Haitian Creole for beginners to listen to for listening comprehension.

This is not a question, put here is a nice lecture given in slow
Haitian Creole for beginners to listen to for listening comprehension.
The Creole starts at around 6 minutes
:

http://www.youtube.com/watch?v=DpXc7ylYwYk

-TiWil



 
Yves Dejean's (Or Iv Dejan's) FIU lecture in writing for those that need it.
Thanks TiWil.
-Mandaly

********************************
Lecture starts at 6:18

Mwen sipoze tout moun ki la yo konprann Kreyòl.
M’ap eseye pale dousman, mwen p’ap pale vit.
Si nou pa konprann, m ta kontan nou leve men nou,
nou di m nou pa konprann pou m kab repete pawòl la,
Oubyen pou m di de twa mo Angle

Men nou mande m fè koze a an Kreyòl.
Se pou sa m’ap fè l an Kreyòl.
Si yo te mande m fè l an Angle m t’ap fè l an angle.

 Men, ann komanse:
Mwen vle pale nou de yon problèm ki enpòtan anpil pou Ayiti
Se enpòtans lang kreyòl pèp Ayisyen an pou edikasyon lekòl Annayiti.
Nou kab konnen, kòm mwen wè nou se moun  ki enterese nan pwoblèm Ayiti, 
nou kab konnen jiskounye a lang lekòl Annayiti se Franse.

Lontan menm menm menm, yo te pini timoun ki pale Kreyòl lekòl.
Kounye a yo preske pa fè sa, men yo fè l toujou wi sèten kote.
Men tanzantan gen pwofesè ki bay ti esplikasyon an kreyòl
M’ap kòmanse avèk pwoblèm enpòtans lang kreyòl la.
Si mwen pa pale ase klè, fè’m yon siy.
Nou pa bezwen pè entewonp mwen si pawòl mwen pa klè
E si nou pa fin konprann jan m pale a.
M’eseye pale dousman.
 
Nan yon konferans mwen t’ap fè
Mwen te sèvi ak yon pwovèb Ayisyen,
“Baton ou gen nan men w se avè l ou PARE kou”.
Gen yon moun nan sal la ki entewonp mwen. Li di m,
“Baton ou gen nan men w se avè l ou BAY kou”.
 
M’ap sèvi ak premye fòm pwovèb la enpi ak chanjman moun ki entewonp mwen an te fè a pou m envite nou tout ki la kalkile - Se yon kokennchenn zouti nou chak nou genyen nan sèvo nou.
Li kòmanse devlope depi nan vant manman nou.
Gen gran rechèch savan fè pandan senkant dènye ane sa yo ki montre yon ti bebe ki nan vant manman l tande bri vwa moun k’ap pale kote li ye a.

Epi li kòmanse distenge son ki fè pati lang moun pale nan zòn nan ak lòt bri li tande.
Pa egzanp li tande bri klaksonn machine.
Li tande bri loraj k’ap gronde.
Li tande chen k’ap jape, eksetera.
Yon lè konsa manman l ki Annayiti kapab rankontre ak yon gwoup tourist Ameriken k’ap pale Angle fò.
Ti bebe ki nan vant manman l tande bri son lang Angle a.
Li distenge yo ak bri yon moso mizik y’ap jwe sou pyano.
Men kwak li rekonèt se bri vwa moun k’ap pale,
Li deja konnen yo pa menm ak son manman l pouse lè l’ap chante yon ti chante an Kreyòl, “Dodo titit, krab nan kalalou”,
Dodo titit krab nan kalalou
Dodo titit sirik nan bonbon
 
Bon, li distenge son chante Kreyòl la avèk son pawòl Angle li tande yon gwoup touris Ameriken ki pase kote manman l te kenbe l la, li distenge li wè toude se son lang, men li rekonèt son lang manman l, papa l, frè l, sè l, zanmi, vwazinaj, lòt moun nan kay la, lòt moun nan vwazinaj la konn pale. Li rekonèt se pa menm afè.

Pa mande m antre nan plis detay ak sa.  Detay mwen jwenn nan liv ki detaye eksperyans laboratwa ki fèt ak ti bebe, epi ak ladrès ki pèmèt savan rekonèt ti bebe ki nan vant manman yo distenge bri vwa moun k’ap pale kòm son lang Kreyòl lè yo benyen nan Kreyòl,
kòm son lang Angle lè yo benyen nan Angle,
kòm son lang Panyòl lè yo benyen nan Panyòl,
tankou ti bebe an Dominikani, peyi a kote Ayiti a. 
Yo rekonèt son lang Franse lè yo benyen nan Franse, eksetera.
Remake mo benyen an.  Li ede nou rekonèt lang se aktivite ki pi anvayi lavi nou, lavi moun. Se yon pawòl Chomsky, “the most invasive human activity”. 

Nou kapab manje twa fwa pa jou, enpi nou fè kèk ti bat bouch pandan lajounen an.  Travayè gendwa travay witèdtan oubyen plis pase sa. Ti elèv lekòl ak gran elèv ak etidyan nan inivèsite gen dwa pase anpil tan lekòl enpi bon valè tan lakay yo ap etidye, ap li liv, men remake lè konsa se ak yon lang yo sèvi.
Epi moun konn fè ti pale pandan y’ap manje, ti pale pandan y’ap travay.
Lè moun ap kalkile pawòl nan tèt yo, lè y’ap reve je klè, y’ap pale, ata nan dòmi, se ak yon sistèm lang ki nan tèt yo y’ap sèvi.

Sa klè. Nanpwen aktivite ki pi anvayi tout lavi nou pase lang.
Men se pa nenpòt ki lang.  Se yon lang yo deja konnen.  E pou  pifò moun sou latè kit Annayiti, kit Ozetazini, kit Anchin, kit Annafrik, kit Annewòp, nenpòt ki kote sou latè a se yon lang yo atrap san yo pa chwazi l lè yo tou piti.  Depi yo gen 3,4 an , nannan sistèm lang lan, sa ki pi enpòtan nan òganizasyon lang lan deja tabli nan lespri sèvo yo.  Ant dènye 4 mwa ti bebe pase nan vant manman yo ak lè yo rive sou 4 an, nan mòn Ayiti, nan plenn Ayiti,  nan bouk Ayiti, nan vil Ayiti, yon sistèm ekstrawòdinè devlope nèt nan sèvo yo – epi sistèm sa a òganize lòd 16 konsòn ak 10 vwayèl Kreyòl, rapò son sa yo genyen youn ak lòt, plas kote yo kapab parèt, ak plas kote yo pa kapab parèt – kouman yo aji youn sou lòt.
Depi anvan 1750, kifè depi plis pase 260 ane non Kreyòl tounen non sistèm sa  Annayiti.  Sa pa fatige tèt mwen ditou lè m sonje plis pase 9,300 000 moun Annayiti konnen yo pale Kreyòl epi konbyen lòt milyon moun nan peyi a te sèvi ak menm non Kreyòl la depi plis pase 260 ane.  Se yon ti pawòl mwen di anvan m tounen nan nannan koze a nan sistèm lang Kreyòl la.

Sistèm nan òganize lòd mo Kreyòl yo, rapò yon mo ak yon lòt, fòm mo yo, sans yo, sans fraz mo sa yo fòme. Sa Noam Chomsky ekri an 2008, pa jwit dokiman pou tout kalite lang vo pou Kreyòl Ayiti a tou.

Depi 1983, se pa yon egzajerasyon ki fè nou di aprann plis, nou aprann plis sou lang pase pandan 2000 ane refleksyon ak rechèch sou lang anvan sa.

Malerezman, Annayiti, gen plizyè entèlektyèl ki pale pawòl kwochi sou lang Kreyòl nou an, e ki ekri koze anfantiyaj sou li.
Sa tris pou nou tande moun ki pase douzan lekòl k’ap mande eske Kreyòl se yon lang?
M tande sa nan bouch anpil entèlektyèl Ayisyen ki konnen m’enterese nan lasyans lan.
Yo konn mande m èske Kreyòl se yon lang?

M ta renmen mande doktè Ayisyen k’ap swen tout kalite maladi ak anpil devouman seryozite, entelijans, konesans, pwogrè lasyans  ak rechèch modèn,  si gen moun Annayiti ki deja mande yo èske lestomak Ayisyen dijere manje tankou lestomak moun Ozetazini, Anfrans, Anchin?

Eske kè Ayisyen yo bat menm jan ak pa Ris, Polonè, Japonè, Brezilyen?
Eske Ayisyen se moun tankou Alman, Dominiken, Italyen, Kongolè, Meksiken, Mawoken?

Sa tris pou nou li aktik 213 konstitisyon 1987 la, yon bon konstitisyon .
Men ki ekri tenten sou lang Kreyòl la nan atik 213 ki deklare yo mete yon akademi Ayisyen pou fikse lang Kreyòl la epi pou fè l devlope annòd selon prensip lasyans.

Yon lang fikse lè tout moun ki te pale l fin mouri. Alèkile li fikse, li mouri.
Se tankou nou kab di Grèk ansyen fikse, Laten ansyen  fikse.  Yo pa envante, nanpwen okenn fòm nouvo, okenn fòm fraz nouvo ki parèt nan lang sa yo.

Sa nou ta di si yon asosyasyon doktè Ayisyen ta la pou li fikse yon wotè yon ti bebe Ayisyen ki fèk fèt pa ta gen dwa depase lè li fin fòme ant 11, 12, 13 oubyen 14 an?

Si doktè sa yo ta deklare ti Ayisyen oblije fèt ak 5 grenn dwèt nan men yo e ak 5 grenn pye … grenn zòtèy nan pye yo. Si doktè yo ta di ti Ayisyen dwe fèt ak kè yo sou bò goch epi ak de zòrèy, youn ak goch, youn a dwat.

Se ri nou ta ri.
Si yo ta di ti bebe Ayisyen dwe konn kouche anvan yo konn chita, yo dwe konn chita anvan yo konn kanpe, yo dwe konn kanpe anvan yo konn kouri.  Yo dwe gazouye anvan yo pale. Yo dwe konn pale anvan yo chante.

Kouman fè de vye pawòl sou lang Kreyòl pale nan peyi nou nan bouch moun ki pale Kreyòl depi yo timoun pitit – yo ti katkat, jan yo rele yo Annayiti?
Depi 60 an m’ap fè rechèh sou lang Kreyòl nou an, nan Sid , nan Nò, nan Latibonit, nan zòn Tigwav, nan Pòtoprens.

M pa janm rankontre ak yon grenn Ayisyen ki pa janm al lekòl, ki pa konn li, ki pa konn ekri, epi ki ta mande èske Kreyòl se yon lang.
Se kèk Ayisyen ki pase anpil tan lekòl ki poze de vye kesyon konsa.
Lòt Ayisyen, moun ki pa enstri, moun ki p’at gen chans al lekòl,
Yo pale Kreyòl. Yo konnen se yon lang yo pale.

M’ap sèvi ak pwonon Kreyòl yo pou nou reflechi sou de deklarasyon diferan.

Premye deklarasyon: "Gramè Kreyòl se yon gramè ki esansylèman Endo-Ewopeyen, men ki senplifye anpil anpil anpil".
Se yon pawòl yon ekriven Franse Julien Vincent ekri an 1889.
Sa se yon deklarasyon.
Dezyèm dekalrasyon an: Fòm kout pwonon Kreyòl Ayiti yo mete anpil anpil anpil konplikasyon nan sistèm son Kreyòl Ayiti a.
Mo espesyalis rele fonoloji ak fonetik.

Egzanp m’ap bay yo se bon jan pawòl plis pase 9,000,000 Ayisyen ti zòtèy,… jan koze a konn di …Ayisyen ti zòrèy pale toulejou.
M’ap konpare yo ak egzanp pawòl moun ta kapab di fasil, men sistèm son Kreyòl la pa asepte.
Mwen make egzanp sa yo ak yon ti etwal lè m ekri yo, jan sa fèt nan liv lasyans lan.
Ann reflechi sou fòm pwonon pèsonèl yo.

An Kreyòl, pwonon pèsonèl, premye pèsonn sengilye – se “mwen” avèk yon fòm kout yo ekri ak yon lèt “m”.
Dezyèm pèsonn se  wou”, oubyen “ou”, oubyen yon son yo ekri ak lèt “w”.
Twazyè pèsonn se “li” oubyen yon son yo ekri ak lèt “l”.
Premye pèsonn pliryèl se “nou” oubyen yon son yo ekri ak lèt “n”.
Dezyèm pèsonn pliryèl se menm bagay, “nou” oubyen yon son yo ekri ak lèt “n”.
Twazyèm pèsonn pliryèl se “yo” ak yon son, yon demi vwayèl yo ekri ak lèt “y”.

Kounye a m’ap ban’n yon seri egzanp
Si m tonbe ekri yo sou tablo, n’ap pase twòp tan
Men m’ap eseye di yo klè.

Premye egzanp mwen bay:
Mwen la.
Mwen wè w.
(M’ap pale ak yon moun)

 Dezyèm egzanp:
M la.
M wè w.
Twazyèn egzanp:
Mwen anvi bwè yon tas kafe.

Katriyèm egzanp:
M anvi bwè yon tas kafe.

Kounye a m’ap bay yon senkyèm egzanp, yon pawòl sistèm son lang lan pa asepte:
Yo pa di:
Mwen a wè w demen.

Yo pa di:
Mwen ap vini

Yo di:  
M’a wè w demen.
M’ap vini.
Yon bon pawòl yo di ankò se:
Ou vini.
W’ale.

Yo pa di:
Wou vini.

Yo di :
Se wou.
Se wou ki di pawòl la.
Men yo pa di:
se ou.

Ni yo pa di:
Se w.

Yo di:
Li vini, l’ale.

Yo di
Li oblije vini epi li ale.

Menm jan yo di:
Nou vini, lè m vini ou pa te la.
Nou vin yè, lè nou vini ou pa te la.
Men yo pa di:
M vin yè.

Yo pa di:
Lè m vin ou pa te la.

Yo di
Nou arete volè a.
Oubyen
N’arete volè a.
N’a wè demen.
Men yo pa di:
Nou a wè demen.

Yo di:
Yo vin.
Yo ale vini epi y’ale. Nou wè yo.
Men yo pa di:
Nou wè y

Avèk fòm kout pwonon twazyem pèson pliryèl la.
Men sa k pi dwòl, nan zòn Nò yo di “Nou wè y”, men se yon fòm espesyal pwonon sengilye, twazèm pèsonn nan, deyè nan Nò.

Sa vle di se yon pawòl nou ka pwononse fasil men yo pa di l pou fòm kout pwonon pliryèl la.
Yo di:
Li di’m.
Yo di’m.
Yo di w.
Di’l.
Di’n.
Di yo sa.

Fòm kout pwonon dezyèm pèsonn sengilye yo ekri ak lèt “w” a pa manke fè mèvèy ak mo ki fini ak vwayèl a e è i an en.
Lè nou pwononse vwayèl sa yo nou pa lonje po bouch nou kòm si n’ap fè yon ti boude.
Men nou lonje po bouch nou pou vwayèl ki won: o ò on ou.
Men mèvèy fòm kout pwonon “ou a nou ekri ak lèt “w” kapab fè lè li anrapò ak yon mo ki fini ak vwayèl a e è i an en.
Li gen dwa fè yo tounen vwayèl ki won kòmkwa nou fè yon ti lonje po bouch nou.
Egzanp
“M pa papò w.”
M kab di yon moun “M pa papò w.”
Oubyen m ka di  l “M pa papa w.”
Yo di toude.

Men si pwonon kout “w” a ki pral mande pou n awondi bouch nou, nou kòmanse awondi bouch nou anvan nou rive sou li.
Menm jan m kab di yon moun “Ale alo wOubyen “Ale ale w
Aysiyen konn di “Madigra m pa pò w
Oubyen “Madigra m pa pè w

Oubyen “sa m fò w” oubyen “sa m fè w

Yo kab mande yon moun la,  m ta kab mande youn nan mesye yo la a, “Ban m nouvèl manmò w” oubyen “Ban m nouvèl manman w
M kab di yon moun “Sa m dou w” oubyen “sa m di w

Yo kab di yon moun “M renmò w” ou byen “M renmen w

Ti medam, m pa voye nou al fè ti mesye yo deklarasyon non
Ti mesye, m pa voye n al fè ti medam yo deklarasyon non
Se pawòl lasyans m’ap pale.
Nou mèt dim “pale palo w” oubyen “pale pale w
N’ap kouto w” oubyen “n’ap koute w

Alò nou wè kòman fòm kout pwonon sa a aji sou vwayèl ki ta fèt tankou vwayèl o ou on ò.
Li fè yo tounen vwayèl sa yo.  Yo gen dwa tounen vwayèl sa yo.
M’ap mete sou nou toujou.  Lè nou chonje plis pase 9,000,000 moun di tèl pawòl tèl jan, men yo pa di l tèl lòt jan. Epi pèsonn poko vini ak okenn esplikasyon pou sa.  Ki sa koze gramè senp, gramè pi senp vle di?  Sa pa vle di anyen.  Se pawòl van.

 9,000,000 moun Annayiti epi Ayisyen nan dyaspora a tou.  Lè y ap soti, lemoman y'a prale yo di, oubyen yo konn di “M’ap vini”.  Yo pa di “Mwen ap vini
Oubyen yo di “M’ale” yo pa di “M’al”.

Lè yo tounen yo di “M vini” yo pa di “M vin”.

Yo di “Men sa m pote  yo pa di “Men sa m pot.”
Men yo di “Men sa m pot pou ou.”

 Yo pa di moun,
gad mwen”, ni “gad ou”, ni “gad li”, ni “gad nou”, ni “gad yo

Men yo di :
Gade m
Gade mwen
M gade w
M gade ou
M gade li
M gade l
M gade nou
M gade n
M gade yo

Yo di,
Entèl konnen mwen
Oubyen
Entèl konnen ou
Entèl konnen li
Entèl konnen nou
Entèl konnen yo

Oubyen
Entèl konnen m
Entèl konnen w
Entèl konnen l
Entèl konnen n
Entèl konnen yo

Yo pa di “Entèl konn mwen

Yo di
Chofè, mete m channmas.
Oubyen
Mete l channmas.
Mete m channmas
Mete yo channmas

Yo pa di,
Chofè, met mwen channmas

Nou te kwè Kreyòl te senp.
Nou wè li konplike.
Tout lang konplike.
Sa ki ta dwe fè n sezi, ni pou Kreyòl ni pou nenpòt ki lang nan 6000 lang yo pale sou latè a, si se pa plis.  Tout timoun piti konn pale Kreyòl Annayiti depi yo gen 3 osinon 4 an.

Tout timoun ki benyen nan yon lang anvan yo fin fòme, nenpòt kote sou latè a, atrap sistèm konplike lang lan. Kit chinwa, kit Franse, kit Arab, kit Swahili, kit Kreyòl Ayiti a.

Mwen di "benyen", depi yo benyen nan lang nan
Mwen konnen lawouze pa ka kont pou fè jaden bannann, pwa, mayi, patat donnen si nanpwen lapli, si nanpwen kannal irigasyon, si nan nanpwen kont dlo.

Yon ti farinay Franse pou 4,000,000 timoun Annayiti ki gen 5, 6 an jis 11, 12 an pa reyisi ban nou menm yon grenn milyon moun ki ta kapab di lang Franse rele yo chèmèt chèmetrès. 

Tankou lang Panyòl rele ti Kiben avèk ti Dominiken chèmèt chèmetrès.
E se an Panyòl yo etidye lekòl. 
Tankou lang Angle rele ti Ameriken chèmèt chèmetrès. 
E se an Angle yo etidye lekòl.  
Tankou Alman Annalmay etidye an Alman paske se an Alman yo benyen.
Pawòl la di, “Selon filande w, se selon sale w.”

Toutotan sistèm lekòl Ayiti a pa sèvi nèt ak zouti ki nan lespri sèvo tout Ayisyen ki fèt e ki leve Annayiti, responsab lekòl fèmen pòt konesans nan figi 4,000,000 timoun ki pa te benyen nan Franse, ni ki pa kapab benyen nan Franse. Paske yo pa gen okazyon benyen nan Franse.

Tankou sou tan lakoloni ant 1650 konsa ak 1800 ….1804, yon ti ponyen timoun ki fèt nan peyi nou benyen nan Kreyòl pandan yo benyen nan Franse tou. Yo atrap toulede lang yo. Kòm lekòl fèt an Franse, zouti Franse a ki deja nan lespri sèvo yo sèvi yo chemen konesans pou y’aprann li, aprann ekri, konte, pou y’aprann istwa Dayiti, jewografi, fè adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon, divizyon, eksetera.
Yon lòt pòsyon timoun, ak chans, ak redi, ak fòse, reyisi konn kont Franse pou yo devlope lòt konesans. 

Eske sa kapab fèt menm jan pou tout timoun?  Pandan plis pase mil ane Annewòp lekòl te fèt an Laten, se konsa yon ti lelit vin gen gran konnen Anfrans, Annangletè, Annitali, Annalmay, Annespay, enpi nan lòt peyi Annewòp.  Men se de pousan, sa vle di se de moun sou chak 100 moun jis nan finisman 19èm syèk jis apre 1870 konsa ki te konn li ,ki te konn ekri an Annewòp.

Jodi a pandan pifò moun sa yo pase plis pase 10 an lekòl se nan lang yo pale toulejou, kouwè manman yo ak papa yo, yo etidye.  Gran devlopman lasyans ki fèt nan 19èm mwatye 20èm syèk la e k’ap kontinye kounye a mache ak sistèm lekòl, sistèm inivèsite gran gwoup savan ki etidye e ki travay nan lang manman yo. Epi pifò grantèt nan tout branch lasyans depi 50 an, depi 1961, se nan lang yo te pale lakay yo toulejou yo te aprann li, yo te aprann ekri, yo te aprann konte, yo t’al lekòl, kit lang yo se Alman, Angle, Arab, Chinwa, Ebre, Franse, Endi, Japonè, Nòvejyen, Panyòl, Ris, Suedwa, pou n nonmen douz grenn lang pami 6000 lang kretyen vivan pale sou latè a e m mèt di anlè tou ak kominikasyon radyo, televizyon, ak entènèt. 

Eske nou wè jan ti elèv lekòl ta devlope abitid reflechi, egzaminen yon bagay, yon pwoblèm, yon sitiyasyon si yo te ba yo okazyon rekonèt òganizasyon ki anndan yon lang yo pale toulejou, yo tande moun pale tout kote depi yo tou piti. 

Si pawòl mwen pale ak nou la a an Kreyòl pa gen valè, si yo pa ede nou konprann chemen nòmal devlopman tout kalite konesans pou tout timoun tout kote sou latè depi tout tan se lang yo te atrap nan zòn kote yo leve a, nan bouch moun yo rele manman, papa, frè, sè, kouzen, kouzin, matant, tonton, vwazen, vwazin, moun k’ap ale vini nan lari, m mèt pe bouch mwen.  Mwen mèt rekonèt m se yon radotè k’ap deraye.

Men si nou konprann pawòl mwen yo, si nou rekonèt rezon m nan pla men’m, si nou panse se bon pawòl mwen pale, se pa manti, se pa rans, se pa tenten, depi nou enterese pou Ayiti devlope pou konesans lasyans modèn pran pye nan tout peyi a, se pou nou di genyen yon zouti ki deja nan tèt tout timoun ki fèt e ki leve Annayiti.  Se lang kreyòl la.  Ann sèvi avèk li nan tout lekòl nan peyi Dayiti pou konesans ak lasyans gaye tout kote. 
Viv konprann! Aba jakorepèt!

 Kesyon yo mande m la se:
Eske mwen kwè se ak Kreyòl sèlman yo te dwe sèvi nan lekòl Annayiti kòm sèl lang lekòl Annayiti, epi yo ta sèvi ak Kreyòl pou moun aprann Franse, Angle, avèk lòt lang?

Opinyon pa’m, lekòl  te dwe fèt Annayiti an Kreyòl tankou an prensip lekòl fèt an Angle Ozetazini pou ti Ameriken ki pale Angle sèlman e tankou an prensip lekòl fèt an Panyòl an Dominikani.  Kounye a anpil fwa lè yo poze kesyon sa a, youn nan lide ki nan tèt moun, sitou Ayisyen ki poze …Ayisyen ki konn poze kesyon sa a,  yo konprann lè nou di fòk lekòl ta fèt an Kreyòl Annayiti, sa vle di  timoun pa bezwen aprann Franse Annayiti.  Se pa sa sa vle di. Mwen konnen Ozetazini, timoun ki fèt Ozetazini, ki leve nan peyi a, ki pale Angle, se Angle ki lang yo, y’al lekòl, si gen mwayen yo kab aprann yon lòt lang lekòl, yo twò kontan gen yon pwogram serye k’ap montre yo yon lòt lang.   Sèlman atansyon.  Ayiti pa Etazini.  Ayiti pa Etazini de fason diferan. 
Youn, Ayiti se peyi ki pi pòv Annamerik. Mwen di sa…. m ta di sa ak dlo nan je, men se reyalite a.  Se peyi ki pi pòv an Annamerik.  Men peyi ki pi pòv sa a ap gaspiye ti resous li genyen nan fè kòmsi se yon bagay nòmal pou tout timoun yon peyi ki pale yon grenn lang etidye nan yon lòt lang ki pa lang peyi a.

 Ayiti gen yon avantaj gran peyi tankou Etazini avèk kèk ti peyi Annewòp, Annafrik pa genyen .
Tout popilasyon Ayiti a, tout moun ki fèt e ki leve Annayiti , ki rive fèt Annayiti, kounye a yo rive a laj de katòz an, oubyen yo kontinye ap grandi.
Tout moun sa yo pale Kreyòl.
Kreyòl rele yo chèmèt chèmetrès.

Yon ti ponyen moun fèt nan fanmi ki pale de lang
Nan fanmi ki pale Franse e ki pale kreyòl.
Ti ponyen moun sa yo, yo atrap ni Franse ni Kreyòl.
M pa wont di m ladan.
Mwen fèt nan yon fanmi ki pale ni Franse ni Kreyòl
Franse se lang mwen menm jan ak Kreyòl depi m piti
M konn pale toulede lang sa yo

Sèlman lè m vin gran, mwen wè sitiyasyon pa’m pa sitiyasyon majorite peyi a, e lè sa a mwen tonbe batay pou lekòl fèt pou sèvis tout moun.  Pou lekòl pa fèt pou yon ti ponyen moun.

Alò natirèlman gen moun ki di mwen lènmi lang Franse a.
Kòman m ta fè lenmi yon lang mwen pale depi m piti? Se ta yon bagay ridikil.

Mwen pa lenmi okenn lang.  Men nan rechèch mwen fè, nan etid mwen fè, mwen poko jwenn yon sèl grenn peyi sou latè ki ta gen plis pase yon milyon moun ladan, tout milyon moun nan pale yon lang,  epi pou milyon moun sa yo ta vin fonksyone nan yon lòt lang ki pa lang peyi a.
M poko jwenn sa. 
Si nou jwenn sa tanpri souple pale m kote nou wè sa.  M pa wè okenn peyi sou latè a.
Sa mwen wè, mwen wè plizyè peyi sou latè a kote yo sèvi ak lang peyi a, men tout polpilasyon an vin enstri, alèkile yo gen dwa pouse etid lwen.  Kifè nan peyi tankou Almay gen anpil Alman ki aprann pale yon lòt lang, swa Franse, swa Italyen, swa Angle, eksetera… men se pa tout Alman ki konn pale yon lòt lang.   Se anpil…. Men nan yon peyi ki rich, nan yon peyi kote lekòl fèt nan lang peyi a.

Men ti peyi Dayiti ki pòv nan karayib la, gen 9,000,000 moun ki pa gen lòt lang pase Kreyòl. Gen yon ti pòsyon Ayisyen, apre desan ane lekòl, plis pase 200 ane lekòl an Franse, pa gen 300,000 Ayisyen ki pale Franse fen. Sa vle di ki fonksyone an Franse. Ki kapab degaje yon an Franse nan lavi a.  Pa gen 300,000. 
Kounye a 9,000,000 pa kab benyen nan 300,000. 
300,000 kapab benyen nan 9,000,000.  
300,000 Ayisyen ki konn pale Franse yo, yo pale Kreyòl pi rèd pase Franse. 

Kifè se pa yon enjistis yo ta fè yo, si lekòl ta fèt an Kreyòl pou tout moun.  Epi yo toujou kab, depi yo aprann li, yo aprann ekri an Kreyòl, pa gen rezon pou yo pa ta aprann li, yo pa ta aprann ekri an Franse menm si se ta avèk paran yo, avèk fanmi yo ki konn pale Franse. 

Konsa, kesyon se yon kesyon, yon sitiyasyon ki prese, se yon sitiyasyon 200 ane reta pou nou repare.  E nan sitiyasyon ki prese, napwen jwèt.  Sa vle di ann sèvi tout moun anvan nou sèvi yon ti ponyen.  Alò se sa repons mwen an pou kesyon sa a.  Men Annayiti moun ki enterese, kounye a anpil moun enterese aprann Angle, paske Ayisyen se pa Anfrans non yo pral chèche lavi si yo kite peyi a, se Ozetazini, se Okanada, de twa grenn.

Bon, se yon bon kesyon.
Kesyon an se, esplike rapò lang avèk devlòpman peyi Dayiti.  Eske Ayiti ta kab devlope si Kreyòl ta lang entriksyon lekòl?
Bon kesyon sa parèt yon kesyon ki difisil, men se pa yon kesyon ki difisil ditou.  Eske Danmak devlope? Youn nan peyi ki pi devlope Annewòp paske popilasyon an etidye an Danwa – sèl grenn kote sou latè yo pale Danwa se nan Danmak avèk nan Gweland. Men Gweland menm menm pa gen san mil moun la.  Danmak gen kat milyon moun, men se youn nan peyi ki pi devlope Annewòp. Youn…lèfini kite mwen di sa pou nou wè pi klè toujou.  Atansyon ak egzanp ti peyi Ewòp sa yo, Danmak, Woland, Bèljik.  Nan peyi sa yo, yon moun monte machin ni, li fè alès, inèdtan li Annalmay.  Li fè alwès, dezèdtan li Anfrans.  Li fè nan Sid, twazèdtan li Annitali.  Li janbe kannal nan Nò, mwens ke inèdtan li Annangletè.  Alèkile, popilason Danmak, popilasyon Woland, popilasyon yon pati Bèljik ki pale Flaman. Popilasyon peyi sa yo, de peyi ki devlope, kote tout moun al lekòl, enben popilasyon sa yo nan yon avantaj pou y’aprann swa Angle, swa Italyen, swa Franse. Ayiti, ti peyi pòv mwen an, yon zile ki pa lwen Etazini men sèlman pa gen fasilite pou popilasyon an janbe vin apran Angle Ozetazini.  An nou enstri l nan lang pa li.  Ann enstri tout 9,000,000 moun sa yo ki pa gen lòt lang pase Kreyòl nan lang pa yo. 

Eske sèvi ak yon lang kab enpoze yon peyi devlope?   Men koute byen mezanmi!  Kounye a Annayiti, mwen menm m’anreta paske m fin granmoun.  Men lè m mache, … fè yon ti mache nan lari Pòtoprens, tanzantan m wè yon moun fè sa, li rale yon telefòn selilè.  Anpil moun ki pa manje kont yo, gen telefòn selilè.  Yo pran nouvèl, radyo bay nouvèl, televizyon bay nouvèl an Kreyòl tou.  Yo konn sa k’ap pase.  Yo tande gen yon tranblemanntè ki fè Ojapon ki rèd menm jan ak tranblemanntè k’te fèt lakay nou … ane pase.
Bon… Donk afè de devlopman…, devlopman pa mare ak tèl lang.  Devlopman ka mare ak tèl lang si nenpòt ki peyi sou latè te kapab gen yon popilasyon ki enstri san  pa gen okenn moun nan popilasyon ki pale lòt peyi.  Elas Bondye!  Grasadye Annayiti nan 9,300,000 moun  ou 9 milyon edmi moun  ki nan peyi a se sèten gen 10,000 Ayisyen ki konn pale Angle, nan peyi Dayiti, m p’ap pale nan dyaspora a non.  Se sèten gen 20,000 Ayisyen ki konn pale Panyòl avèk fwontyè Dominiken an.  Se sèten gen 300,000 mil Ayisyen ki konn pale Franse tou.  Alèkile, Ayisyen ki konn pale Franse, mwen konn pale Franse, anpil bagay m etidye nan vi’m atò lengwistik se an Kreyòl m te etidye l. …Non, se an Angle m’etidye lingwistik Ozetazini, an Angle enpi an Franse nan Inivesite Indiana.  Men sa m konnen, sa m etidye an Franse, sa m etidye an Angle, sa m etidye an Laten, sa m etidye an Grèk, sa’m etisdye an Ebre, mwen kab tradui l, mwen kab di l pou lòt kantite Ayisyen frè ak sè m yo ki pa konn pale lòt lang pase Kreyòl. Alò jan nou tande m pale la, nou tou wè mwen gen dwa pale avèk Ayisyen parèy mwen yo Annayiti pou m esplike yo koze lang ak tout kalite koze m’etidye. 

Konsa yon popilasyon nòmal avèk yon gouvènman nòmal, yo pa bezwen tout moun peyi a konn pale de lang pou peyi a devlope, gen kont moun ki konn pale Angle pou yo ranmase tout konesans ki genyen an Angle nan kesyon lasyans, nan kesyon endistri, nan kesyon kòmès pou yo gaye konesans sa yo an Kreyòl nan peyi Dayiti.  Donk…  e sa deja fèt. 

Donk se pa yon kesyon de aprann yon lang etranje pou tout moun nan yon peyi ka pale yon lòt lang pou peyi a kòmanse devlope. Si se sa, ann tann san lòt ane, paske sa ta mande san lòt ane pou tout Ayisyen ta konn pale Angle oubyen pou tout Ayisyen ta konn pale Franse.  Sa fè desan ane depi lekòl ap fèt an Franse Annayiti.  Mwen di n plis moun ki konn pale Franse ki fonkysone an Franse se yon 300,000 moun a kote 9,000,000 moun ki fonksyone an Kreyòl sèlman.  Ak 300 000 moun sa yo ki fonksyone nèt an Kreyòl tou.  Mwen kwè m reponn kesyon sa a.
Bon, yo mande m eske genyen inivèsite oubyen lekòl Annayiti ki koumanse anseye an Kreyòl.  An 1986 apre 16 an egzil Ozetazini, mwen kouri antre nan peyi m lè dezyèm Divalye a tonbe.  Alèkile rantre rantre nan peyi m yo te bezwen m nan Université D’Etat D’Haiti.  Se lè sa, alò nou pa bezwen sezi, lè sa a m’anseye 3 klas nan L’Ecole Normal Superieur chak semèn, 3 klas nan Fakilte Lengwistik chak semèn donk yon pwofesè inivèsite k’ap anseye sis kou. Nou pa wè sa nan peyi nou Ozetazini.  Lè m parèt premye jou nan klas L’Ecole Normal Superieur, lè’ m parèt premye jou nan klas Fakilte Lengwistik, m’ouvè sou elèv yo an Kreyòl. M tande kèk ti pawòl chwichwichwi… komsi kèk elèv a di “Ah mèt la genlè pa fò” li pa fè kou an an Franse.  Apre de semèn tout etidyan te vle vin enskri nan kou m.  Mwen fè 8 an ap anseye an Kreyòl nan Fakilte Lengwistik, nan Ecole Normal Superieur. Men yon ansyen etidyan l’Ecole Normal Superieur mwen, men yon ansyen etidyan  Fakilte Lengwistik mwen, mande yo si se manti m’ap fè.  Alò natirèlman gen efò ki fèt.  Sèlman efò a se efò kèk grenn moun degrennen.  Sa pa kab rezoud pwoblèm peyi a. Mwen gen youn nan ansyen etidyan mwen, mwen fyè de li.  Li pwofesè nan Fakilte Lengwistik nan L’Ecole Normal tou, le maître Zephyr, ki fè kou li an Kreyòl tou. Gen detwa kat egzanp mwen te bay la, men se pa anpil. Alò mwen reponn kesyon sa a tou.


Eske ou kapab ban nou kèk non womansye Ayisyen ki ekri nan lang Kreyòl jodi a? Alò m ka bay non Frank Etienne ki ekri Pèlen Tèt ak kèk lòt liv.  Gen youn yo rele Gary Victor ki tradui Le Petit Prince de Saint Exupéry.  Gen kèk lot ki ekri kèk ti woman. Pa gen anpil.

Sèlman kesyon sa a mennen yon lòt kesyon m’ap reponn.
Youn nan gwo pwoblèm ki genyen lè lekòl pa fèt nan lang peyi a, nan yon peyi, enben anpil Ayisyen nan sa ki pase lekòl, nan sa ki fè gran etid, ki gen chans fè gwo etid, tankou mwen, gen anpil ladan ki pa janm fè okenn efò pou yo ta transmèt konesans yo ranmanse an Angle oubyen an Kreyòl oubyen nan nenpòt ki lang, nan lang pèp la.  Sa se yon gwo pwoblèm.

Nan ekriven Ayisyen ki ekri bagay an Kreyòl, genyen anpil yo ekri an Kreyòl avèk de grenn je yo ki kale sou sistèm lang Franse. Kifè pawòl yo pa fin dwat. Alò sa se yon gwo pwoblèm ki soti nan afè de kwè…

Franse pa yon lang pou sèten Ayisyen.  Franse se yon ti Bondye pou sèten Aysiyen.  Grasadye m pa adore ti Bondye sa.  Mwen sèvi ak Franse, m pa adore Franse. Alò anpil Ayisyen, twouve, pandan yo fè etid yo an Franse, yo pa wè lòt modèl pou yo suiv ata lè yo pale Kreyòl.  Sèl pa vante tèt li di l sale.  Se yon pwovèb ki di sa. Sèl pa vante tèt li di l sale.  Men malerezman m’oblije di se pa tout Ayisyen ki kapab kanpe devan yon piblik Ayisyen pou yo bay yon seri esplikasyon an Kreyòl tankou m’ap ban nou la a.  Se regretan.

Bon, se yon bon kesyon.  Se yon kesyon ki enteresan.

Kesyon an se,  Eske mwen kwè  lekòl ta dwe fèt an Kreyòl Annayiti pou nou fasilite majorite moun nan oubyen pou nou travay pou liberasyon yo?
Se yon bon kesyon men sèlman sa ki mwens bon nan kesyon an se OUBYEN fasilite moun, OUBYEN travay pou liberasyon.  Nan pwen oubyen la!  Se fasilite moun!  Se travay pou liberasyon!  Se toude ansanm.  Pa gen rezon pou youn pa mache men nan men avèk lòt la. 

An reyalite nou sèten liberasyon p’ap kapab fèt toutotan nou pa bay majorite popilasyon an posibilite pou li pran lapawòl nan lang pa li e li konnen moun respekte’l paske li gen konesans nan lang pa li.

Donk pa gen ansèyman an Kreyòl ki ta fèt serye nan peyi a ki pa ta tounen yon zouti pou libere pèp la tou.  Toude mache ansanm.
Mèsi pou kesyon an

Nanpwen lòt ankò?  Nou bout?  Konsa mwen bout tou.
….
Se yon demann.
Li mande m si l ta kab pran egzanp mwen bay yo pou l kopye yo.  Trè byen.
Men, men sa m’ap fè, anvan m’antre la a, m te fè pwofesè, ansyen elèv mwen an fè yon fotokopi tèks la. 
Alò wè li e fè l ba ou fotokopi tèks la tou.
Ou pa bezwen pèdi tan ap kopye egzanp.
W’a jwenn egzanp yo la.  Ak plezi.

Nenpòt moun ki vle sa…..kopiray pa m, se kopi rèd.  Sa vle di depi moun kopye sa m di, sa m ekri, sa m deklare, m byen kontan.

Sòfsi mwen di yo, pa fè m di tenten m pa di
Bon, pa fè m di betiz mwen pa di.

Sa se yon kesyon enteresan tou. 
Yo mande’m, ki wòl dyaspora Aysiyen an kapab jwe pou yo ede fè chanjman sa a rive Annayiti pou yo sèvi ak kreyòl nan edikasyon?

Enben se moun dyaspora yo ki pou wè ki wòl yo vle jwe, e ki wòl yo kapab jwe
Men yo kab rann nou anpil sèvis.  Mwen wè de fason yo ka ban nou sévis.
Yo ka rann nou sèvis nan ban nou temwayaj.
Pifò moun ki nan dyaspora Ayisyen yo, oubyen yon bon valè moun ki nan dyaspora Ayisyen yo, se moun ki rive Ozetazini pandan yo te deja gen plis pase kenzan.

Gen… kounye a gen yon bon valè timoun … premye kantite moun ki vini Ozetazini nan ane ant 1950 ak 1960.

Tout seri moun sa yo gentan fè pitit ki gen dwa gen pitit pitit menm.
Alèkile, gen anpil timoun, paran yo se Aysiyen, men yo se Ameriken natifnatal. E premye lang yo, lang prensipal yo, se Angle.

Yo kab bay konkou tou. Men moun ki rive nan granmoun, lè m di nan granmou nan,  pa nan granmou aje tankou m non. Men ki rive nan granmoun …..

Yo te fin… an nou di you te fin gen kenzan ou jiska ventan lè yo te antre nan peyi a.  Yo kab pote yon temwayaj.  Yo kab pale Ayisyen ki Annayiti yo, otorite Ayisyen ki Annayiti.
Di yo, se pa paske yo vin Ozetazini pou di obout 1 an Angle a rele yo chèmèt chèmetrès

Si m te fè koze a an Angle la a, mwen sèten gen moun ki ta di m ou konn gran pawòl wi an Angle, men sèlman yo ta wè pwononsyasyon m pa pwononsyasyon yon moun ki pale Angle kòm natifnatal. Se pa vre.
Depi m ouvè bouch mwen an Angle yo konnen se yon etranje k’ap pale e poutan m pase 25 ane nan vi m Ozetazini. Mezanmi o! 

Alò tout Ayisyen ki pase anpil ane nan vi yo Ozetazini men ki te rive lè yo pa te timoun, yo kab temwaye yon moun pa aprann yon lòt lang fasil, ata nan peyi kote yo benyen nan lang sa a kòm granmoun. 

Kouman yo ta fè aprann Angle fasil Annayiti?  Kouman yo ta fè aprann Franse fasil Annayiti? Kouman yo ta fè aprann Panyòl fasil Annayiti? 

 Donk Aprann Franse Annayiti, se yon bagay ki kapab fèt, se yon bagay nou dwe ankouraje nan lekòl, men fòk nou gen kouraj di yo sa pa vle di Franse pral rele nou chèmèt chèmetrès. Se nan redi, se nan travay di, se nan move kondisyon. 

Sa vle di mwen sèten sou san moun ki jwenn bonkou Franse Annayiti, si gen 10 ki rive degaje yo serye an Franse apre anpil ane etid, se chans. Men nanpwen 100 k’ap rive degaje yo, se yon bagay ki enposib.

Pandan mwen te Ozetazini, m’anseye nan inivèsite Indiana pandan twazan pou etidyan ki te avanse deja.  Mwen konnen pwoblèm etidyan, Angle se lang yo, k’ap aprann Franse. Menm ak yon bon pwofesè sa difisil. Moun  pa atrap yon lang konsa. Aprann nenpòt ki lang etranje, sa mande anpi l efò. Anpil tan.  Men m sèten m’ap pale avèk yon seri mesyedam la a ki fè eksperyans sa a tou. 
Nou fè l ak Kreyòl, m sèten, nan nou, genyen ki fè l ak Franse genyen ki fè l ak Alman, genyen ki fè l ak Panyòl oubyen avèk lòt lang. 

Donk aprann yon lang mande tan, mande efò, mande kouraj, e rezilta yo pa menm pou tout moun.

Alò mwen di tout moun k’ap fè efò aprann yon lòt lang, Bòn chans!, Bon kouraj!, men, pa di lòt moun – Aprann Panyòl fasil. Aprann Franse fasil. Aprann Kreyòl fasil. Aprann Ris fasil – Se manti. Aprann lòt lang pa fasil pou okenn kretyen vivan nòmal.  Alò gen esepsyon.  Gen de moun estrawòdinè, men nou pa oblije kwè nou se moun ekstrawòdinè. Antouka  m pa yon moun ekstrawòdinè.

Eske m fini avèk nou ou byen gen kesyon toujou?
Bouch mwen pou mwen – m ka pale long.  Mesi anpil
 

2 comments:

  1. Thanks for the link and for the written out text. It was very interesting. I wish there were a simple way to convince people of the value of instruction in creole here in Haiti.

    ReplyDelete
    Replies
    1. Haitian Creole instruction in Haiti's school (especially in secondary) is something that will happen little by little.
      Because a lot of progress has been made I think I can say, I am pretty sure (or is this hoping?) that Haitian Creole will be well established in every school division in Haiti by the next generation.

      Delete