Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.
Tuesday, August 28, 2012
Jan ou gen bon ke sa a! (kisa fraz sa vle di nan angle? Mwen pa fin konprann "bon ke sa a") Mesi!!
Premyèman, bon kè vle di good hearted, compassionate
Li gen bon kè.
He has good heart (literally)
He's compassionate.
Dezyèman, Haitian Creole expressions that start with "Jan ..." or "Pou jan ..." indicates the modifiers SO, SO MUCH, FOR SUCH A ...
Example:
1. Jan ou gen bon kè sa, poukisa li ta fè'w sa?
The way you have this good heart, why he would fo you that (LITERALLY)
For such a compassionate person like yourself, why would he do that to you?
You are so compassionate, why would he do that to you?
2. Jan' m te anvi wè'w sa enpi ou pa vin vizite'm.
The way I wished to see you, and you not come visit me (LITERALLY)
I wanted to see you so much and you didn't come to visit me.
3. Pou jan'l te bon timoun sa, mwen pa't janm panse li ta fè sa.
For the way he was this good kid, I didn't never think he would do that (LITERALLY)
He was such a good kid, I never thought that he would do this.
3. Jan nou t'ap konte sou prim sa, enpi nou pa't resevwa'l. Sa dekourajan!
The way we counted on this bonus, and we didn't receive it. ....(LITERALLY)
We were counting on that bonus so much, and we didn't receive it. That's discouraging!
4. Jan'w se yon moun ki gen lòd sa, kijan fè ou pa't prevwa sa?
The way you are this person that has order, how happen you didn't foresee this (LITERALLY)
For such a organized person like yourself, how could you have not foreseen this?
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

I sin. I repent. I repeat. I'm getting dizzy. (how can I say this in Creole?)
☺life cycle ?
I sin. I repent. I repeat. I'm getting dizzy.
Mwen peche. Mwen repanti. Mwen repete. Sa ban'm tèt vire.
or
M peche. M repanti. M repete. Sa fè'm toudi.
to get dizzy → gen tèt vire, gen vètij, or toudi.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
koman yo rele "savon" yo itilize pou pase rad oubyen lave asyet yo?
Ou vle di pou lave rad? Savon lesiv, savon lave; powder detergent would be savon an poud or fab
For dish soap it's savon vesèl or likid vesèl
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
For dish soap it's savon vesèl or likid vesèl
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Monday, August 27, 2012
What is "Se pa rans non."? Thanks
Se pa rans non.
This is no joke.
It's not a game.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
This is no joke.
It's not a game.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Beze ak lanmou pou ou tou
Beze ak lanmou pou ou tou.
Kisses and love to you too.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Kisses and love to you too.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
what we had has been broken beyond repair. .. or I didn't think what we had could break beyond repair but I see I was wrong (nan kreyol tanpri)
I didn't think what we had could be broken beyond repair, but I see I was wrong.
Mwen pa't panse sa nou te genyen an te kapab kraze nan dènye eta, men mwen wè mwen te tronpe'm.
Our lien/friendship had be broken without hope of reparation.
Lyen nou / zanmitye nou brize san espwa reparasyon.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
kòm, kon, tankou, menm jan → Just as, as, like, since?
To listen to this audio, please click on the play button and follow along :)
Bonjou zanmi mwen yo. Kouman nou ye?
Kòm → like, as (prepositions)
Kòm → as (conjunction)
Kòm si → as if
Kòm comes from the French:
kòm si (from French comme si)
kon (from French comme)
konsa (from French comme ça)
Kòm / antanke → in the role of, as, like
1. Kòm bon zanmi ou,
mwen ta konseye’w pou rele’l.
Antanke bon zanmi'w, mwen ta konseye'w pou rele'l.
Antanke bon zanmi'w, mwen ta konseye'w pou rele'l.
As your good friend, I would advise you to call her.
2. Kòm yon papa,
kijan ou ta regle sa?
Antanke yon papa, kijan ou ta regle sa?
Antanke yon papa, kijan ou ta regle sa?
As a father, how would you handle this?
3. Mwen renmen'w kòm zanmi,
pa kòm yon menaj.
Mwen renmen'w antanke zanmi, pa kòm yon menaj.
Mwen renmen'w antanke zanmi, pa kòm yon menaj.
I like you as a friend, not as a boyfriend.
Kòm (kon, kou, tankou, menm jan) → comparison
4. Doulè a te si tèlman sevè, li te kriye kon yon ti bebe.
Doulè a te si tèlman
sevè, li te kriye tankou yon ti bebe.
Doulè a te si tèlman
sevè, li te kriye menm jan ak yon ti bebe.
The pain was so severe, he cried like a little baby.
5. Se te yon nuit trè klè.
Lalin nan te klere kon solèy midi.
Se te yon nuit trè klè.
Lalin nan te klere kou solèy midi.
Se te yon nuit trè klè.
Lalin nan te klere menm jan ak solèy
midi.
It was a very clear night. The moon shone like the noon sun.
6. Mwen renmen vwa’w. Ou chante kòm yon zanj.
Mwen renmen vwa’w. Ou chante tankou yon zanj.
Mwen renmen vwa’w. Ou chante menm jan ak yon zanj.
I like your voice. You sing like an angel.
Kòm → (seeing that) since
7. Kòm se konsa ou
vle fè li, mwen swete’w bòn chans.
Since that's the way you want to do it, I wish you luck.
8. Kòm nou pa’t gen machin,
nou te oblije mache.
Since we didn't have a car, we had to walk.
Kòm si (kòmsi as one word, konmsi,
tankou si) → as if
9. Lè’m te wè li nan
landmen, nou te pale kòm si anyen pa’t pase.
When I saw her the next day, we spoke as if nothing happened.
10. Li te anbrase'm kòm
si’l te konnen li pa t’ap janm wè’m ankò.
She hugged me as if she knew she would never see me again.
And.... zanmi'm yo, se te tout pou jodi a, mèsi anpil anpil. Orevwa e pase yon bon jounen.
Mizik Poukisa w'pa pale manman? pa Manno Charlemagne
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Labels:
"AUDIO LESSONS",
as,
as if,
AUDIO LESSON,
kòm
Madame, mwen sonje ou te pale de bel Haitian kont. Ki moun ki rakonte ou tout Haitian kont yo ou te tande? Manman ou onswa papa ou?
Pifò nan kont ak devinèt mwen konnen, se te yon bòn ki t'ap okipe mwen menm ak sè'm yo, ki te rakonte'm yo. Li te plis pase yon bòn. Li te soti nan zòn Nò. Li te genyen yon bèl aksan kapwa.
Madanm sa a pa't manje anyen frèt. Li te kapab manje nenpòt gwo bout piman pike san pwoblèm. Li te gen vyann sou li. Lè l'ap mache, tè a te tranble. Kote'l pase, gason pa kanpe :) Se te gwo koze!
Lè l'ap tire kont, li te konn chante byen bèl. M poko janm rankontre yon moun ki kab tire kont kon li. Mwen p'ap janm bliye'l.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Madanm sa a pa't manje anyen frèt. Li te kapab manje nenpòt gwo bout piman pike san pwoblèm. Li te gen vyann sou li. Lè l'ap mache, tè a te tranble. Kote'l pase, gason pa kanpe :) Se te gwo koze!
Lè l'ap tire kont, li te konn chante byen bèl. M poko janm rankontre yon moun ki kab tire kont kon li. Mwen p'ap janm bliye'l.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
ki jan'w ta tradwi tek tek nan kreyol e anglais
tek tek, pou mwen, se bri dlo k'ap degoute.
Se sèl nan sikonstans sa a, mwen konn tande Ayisyen itilize mo tèk tèk la.
Mo tek tek la fè'm sonje lè dlo lapli ap degoute soti nan twati kay tòl mwen ki koule, pou tonbe nan bokit aliminyòm ke mwen mete la pou evite inondasyon anndan kay la.
Nan ki kontèks ou te tande mo sa a?
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Se sèl nan sikonstans sa a, mwen konn tande Ayisyen itilize mo tèk tèk la.
Mo tek tek la fè'm sonje lè dlo lapli ap degoute soti nan twati kay tòl mwen ki koule, pou tonbe nan bokit aliminyòm ke mwen mete la pou evite inondasyon anndan kay la.
Nan ki kontèks ou te tande mo sa a?
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Sunday, August 26, 2012
Hey Mandaly, do you know the lyrics to this song? Is it in Chant D'Esperans? "... Li soutni mwen. Ak men byen dous Li leve mwen. Sot nan vwazen vin nan limye, gras a Bondye Li leve mwen" mwen pa konnen si se konsa li ye, men se sa m sonje
Yes, it's #75 on the Creole side of the Chants D'Ésperance.
It's one of my favorite song :)
Nan bonte Li Jezi vini
Pou rachte nanm mwen pa lagras
Nan bafon peche ak lawont
Konpasyon'L leve mwen
Kè
Nan tè danje, Li soutni mwen
Ak men'l byen dous, Li leve mwen
Sot nan nwasè, vin nan limyè
M'ap adore'l, Li leve mwen
Depi lontan Li rele mwen
Anvan kè mwen te repanti
Men lè'm kenbe nan pawòl Li
Ak padon, L'leve mwen
Anpil pikan te pèse fwon'L
De klou terib te pèse men'L
Men lè mwen bandone peche'm
Amou Li leve mwen
Kounye a men L'anlè byen wo
Nanm mwen ape jwi yon repo
Kijan? Pouki? mwen pa konnen
Kouman Li leve mwen
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
It's one of my favorite song :)
Nan bonte Li Jezi vini
Pou rachte nanm mwen pa lagras
Nan bafon peche ak lawont
Konpasyon'L leve mwen
Kè
Nan tè danje, Li soutni mwen
Ak men'l byen dous, Li leve mwen
Sot nan nwasè, vin nan limyè
M'ap adore'l, Li leve mwen
Depi lontan Li rele mwen
Anvan kè mwen te repanti
Men lè'm kenbe nan pawòl Li
Ak padon, L'leve mwen
Anpil pikan te pèse fwon'L
De klou terib te pèse men'L
Men lè mwen bandone peche'm
Amou Li leve mwen
Kounye a men L'anlè byen wo
Nanm mwen ape jwi yon repo
Kijan? Pouki? mwen pa konnen
Kouman Li leve mwen
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
translation for rigwaz and cec like that t-vice video CEC la qualite
'rigwaz' is Haitian Creole for 'a whip'
As for CEC, it's not a word. It's probably a T-Vice inside joke or punchline.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
how would you say something like "I will not talk back to you again." As in talking without respect to their parents. Is there a way Haitian children say this?
to talk back → bay replik, fè repons
I will not talk back to you again.
Mwen p'ap fè'w replik ankò.
Mwen p'ap ba'w repons ankò.
or
I won't disrespect you again.
Mwen p'ap derespekte'w ankò.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
good translation for 'cagou'
It's kagou.
kagou → sick, weak, feeble, feeling down
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
kagou → sick, weak, feeble, feeling down
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Subscribe to:
Posts (Atom)