Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.

Sunday, March 3, 2013

Sending a letter to some kiddos and need help translating: I miss you dearly! I think about you everyday and hope you are doing well. I will come back to see you, I promise! Love you with all of my heart! love, Aubrey

I miss you dearly! I think about you everyday and hope you are doing well. I will come back to see you, I promise! Love you with all of my heart! love, Aubrey
Mwen sonje nou anpil anpil! M panse ak nou chak jou e m'espere nou trè byen.  M'ap retounen pou vin wè nou, mwen pwomèt nou sa!  Mwen renmen nou ak tout kè mwen!
Ak lanmou, 
Aubrey

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Nan Magazen Soulye a (Audio)

Download link for audio:
Click here to download…

To listen to this audio, click on the play button and follow along :)
 

Eskize m silvouplè, eske n gen soulye a kranpon pou foutbòl?
Excuse me please, do you have cleats for soccer?

Non mesye. Nou pa genyen yo nan magazen an pou lemoman.
No sir. We don't not have them in the store at this time.

Eske w kapab di mwen kibò mwen kapab jwenn youn?
Can you tell me where I may be able to get one?

Nou pa pote yo nan magazen an, men ou kapab achte youn sou kòmand.
We do not carry them in the store, but you can order one?

Ah wi? Si m kòmande yon pè jodi a, konbyen tan sa va pran pou m jwenn li?
Is that right?  If I order a pair today, how long will it take me to receive it?

Sa kapab pran w apeprè de(2) semèn konsa.  Eske ou ta renmen mete yon kòmand?
That may take about two weeks.  Would you like to put an order?

Wi, mwen ta renmen fè sa.
Yes, I'd like to do that.

Dakò. Men yon fòm pou w ranpli.  Ekri enfòmasyon w ladan l.  Konsa, nou va kapab rele w vin chache l lè l vini.   Eske se yon sèl pè ou vle?
Great.  Here's a form to fill out.  Write in your information.  This way, we will be able to call you to pick it up when it gets there. Do you only want one pair?

Non. Mwen ta renmen de(2) pè.
Non. I'd like two pairs.

Nou genyen diferan koulè. Nou genyen mawon, ble, nwa, ak blan.  Ki koulè w ta renmen?
We have different colors.  We have brown, blue, black and white.  What colors would you like?

Ban m yon nwa ak yon mawon.
Let me have a brown and black one.

Eske se pou ou w'ap achte yo?
Are you buying them for yourself?

Non. Se pou pitit gason mwen.
Non.  It's for my son.

Ki gwosè soulye pitit gason w mete?
What size shoe does your son wear?

Li mete soulye # 6½.  Eske se lè m resevwa soulye yo pou m peye w?
He wears size 6½ shoes.  Do I pay you when I receive the shoes?

Non. Se pa konsa sa fèt.  Lè nou fè yon kòmand, kliyan yo dwe peye nou anvan nou egzekite kòmann nan.
No.  That's not how it's done.  When we take an order, the client must pay before we send in the order.

Dakò, se konbyen lajan mwen dwe w?
Ok.  How much money do I owe you?

Te'm wè.  De pè soulye a $67.50 chak.  Sa fè $136*.  Eske ou ta renmen achte yon lòt bagay.
Let me see.  Two pairs of shoes at $67.50 each.  That makes 136 dolllars.  Would you like to buy something else?
*oops! math is wrong.  I blame it on the calculator :)


Non mèsi.  Mwen pa bezwen anyen ankò.
No thanks.  I don't need anything else.

Dakò. Total ou vini  $136.50 santim. Mèsi anpil mesye.  Nou va kontakte ou lè soulye yo vini.
Ok.  Your total comes to $136.50 cents.  Thanks a lot.  We will call you when the shoes get here.

Orevwa madanm.
Goodbye ma'am.

Orevwa mesye. Pase yon bon jounen.  E vizite nou ankò.
Goodbye sir.  Have a nice day. And visit us again.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

About (approximately, roughly) ... in Creole

apeprè
apeprè .... konsa
... konsa
... e kèk (...and some)
ozanviwon
roughly
approximately
around
about


1. Mwen bezwen apeprè trant moun.
    Mwen bezwen apeprè trant moun konsa.
    Mwen bezwen ozanviwon trant moun.
    Mwen bezwen trant moun konsa.
    I need approximately thirty people.

2.  Li fè dezè konsa.
     Li fè dezè e kèk.
     Li ozanviwon dezè konsa
     It's about two o'clock.

3.  Li te remèt mwen sèt dola e kèk.
     She gave me back  about seven dollars.

4.  Li dwe gen trantan e kèk.
     She must be about thirty years old.

5. Li te rive lakay li a minui e kèk.
    Li te rive lakay li a minui konsa.
    He got home roughly at midnight.


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Saturday, March 2, 2013

Poukisa Bondye bay chen an maling dèyè tèt li?

Petèt Bondye bezwen fè chen an rekonèt limitasyon l.
Petèt Bondye ap teste longè lang chen an.
Petèt chen an byen merite l.

Mwen bwè pwa :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

I know that 'menaj' means a boyfriend/girlfriend. So what are other words for 'menaj' and what are some words that are specifically for 'boyfriend' and 'girlfriend' respectively?

Mezanmi o!  Pitit, si pou m ta plen blòg sa a ak BON NON ak TI NON JWÈT  pou anmoure ak anmourèz, san konte sa'm pa janm tande,  pa ta gen espas rete ankò :)
Tcheke ak "link" sa a: endearing names

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

I don't have a question yet, but I just wanted to say how excited I am to find this blog! I've been wanting a way to improve my Creole, but hadn't found a good intermediate type resource. Thanks Madanm Mandaly!

"Ou mawon m?" What does this mean?

mawon v. → to shy away from, to hide away from

Eske ou mawon m?
or
Ou mawon m?
Are you hiding from me?

egz:
Depi misye fin genyen nan lotri a.  Li mawon tout fanmi l.  Li pè pou yo pa mande l lajan.
Since he won the lottery, he stayed away from his family.  He's afraid they'll ask him for money.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

What is to drink unsweetened/bitter coffee with someone? Is it just literal?

I guess someone really doesn't like sugar :)
I don't know if it means anything in English, but if you heard this in Creole, bwè kafe anmè ak yon moun (to drink bitter coffee with someone), it means that someone wants to get even, to retaliate or straighten things out with another

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

I don't know if I asked this question already so hear it goes. How do you say 'to care about'? "I care about you a lot."

to care about
gen sousi pou
sousye pou
gen sansiblite pou
konsidere
apresye
pote nan kè / pote sou kè


I care a lot for you.
Mwen gen anpil sousi pou ou
Mwen konsidere w anpil.
Mwen sousye m anpil pou ou.

He cares a lot about his mom.
Li gen anpil sansiblite pou manman l.
Li sousye l pou manman l anpil.
Li pot manman l nan kè l.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

What's mine is yours (in Creole) - I have "Sa ki pou mwen se pou ou"?

You've got it.

What's mine is yours
Sa ki pou mwen se pou ou.
Sa k pa m se pa w
Sa'k pa'm se pa'w tou.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Friday, March 1, 2013

what is anle anle?

Do you mean anlè anlè? I'm not sure what the context is, it might mean out of breath, short of breath
Or it might mean angry (besides oneself)
I can't think of anything else.

egz:
Mwen anlè anlè tankou yon moun ki t'ap kouri.
I'm out of breath as if as was running.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Thursday, February 28, 2013

I am wondering about the word RENK in haitian Creole. What is the part of speech? How do I use it (better :)? Can you give me a couple of sentences with RENK (in Creole). Thanks!

Renk, in Haitian Creole, can function as an adverb or an adjective.
Renk → only, just, all, the smallest/slightest

As you can see in #1, use it to modify a verb as in:
M renk gade w ... → I only looked at you...
Nou renk salye l ... → We only greet him....

1. Li pa't malad ditou.  Li renk di m li te gen yon ti tètfèmal, enpi l'al kouche li pa janm reveye.
    He wasn't sick at all.  He only told me that he had a little headache, he went to lie down and he never woke up.

As you can see in sentence #2, use it at the beginning of a sentence as in:
Renk sa'm ta ka di .... → All I could say
Renk sa'm te wè ... → All I saw ....
Renk parèt sèlman ... → Just show up ...

2. Mwen pa konnen sa ou vle m fè.  Renk sa m ka fè pou ou se lapriyè.
   I don't know what you want me to do.  All I could do for you is pray.

3. Fanm sa pa gen anyen serye l'ap regle.  Renk sa l'ap fè sèlman se veye zafè moun pou l'al fè tripotay.
    This woman is doing nothing important.  The only thing she does is spying on people so she can gossip.

As you can see in #4, #5, and #6 use it to modify a noun (in Creole) as in:
Renk di dola mwen genyen → I only have ten bucks.
Renk otograf ou m bezwen → I just need your autograph.

4. Nan pwen w rive la, renk Bondye sèl ki ka sove w.
     At this point, only God can help you.

5. Ki tenten w'ap fè la?  Apa w'ap fè bagay Bouki!  Ou ale lekòl pou sizan, renk yon lane sèlman w rete pou fini, enpi ou vle lage sa?
    What the hell are you doing?  Why are you acting foolishly?!  You go to school for six years, you only have one more year to go and you want to quit?

6.  Sitiyasyon an malouk.  Mari fache.  Madanm move.  Pitit fwase.  Renk youn nan yo di yon mo sèlman, sa va kont pou mennen gwo deblozay.
      The situation is tense.  The husband is upset.  The wife is angry.  The children are hurt.  Just one word from one of them is enough to cause a big racket.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Madanm Mandaly, I have run across "fi a" and "fi an". I realize that they are both correct, but are they always interchangeable at random or at will? Then again, which is more preferable? Kreyol definitely has a flavor of its own. Mesi anpil.

I use both.
I don't think it's about preference.

The majority of times people use definite article "an"/"lan" instead of "a"/"la" because that's how they talk in the region they are from.  
We say "Fèmen pòt la" and they say "Fèmen pòt lan" (Close the door).  
We say "Vitès la te ilegal" and they say "Vitès lan te ilegal" (The speed was illegal)
We say "Tibebe a grangou" and they say "Tibebe an grangou" (The baby's hungry)



And, other times a definite article "a" or "la" might be switched to "an" or "lan" depending on nasal sounds preceding or "surrounding" it.

For example:
instead of:
Netwaye kay la ban mwen
I could also say
Netwaye kay lan ban mwen. (influenced by the nasal sounds in ....ban mwen)
even though the rule says that we should say "kay la"

other examples:
You'll say "zanmi an" instead "zanmi a", because of the nasal sound "zan..." in zanmi
You'll say "fanmi an" instead of "fanmi a" because of the nasal sound "fan..." in fanmi.

We say:
jou a or jou an
avangou a or avangou an
bouk la or bouk lan
soukous la or soukous lan
lanmou an because of the nasal sound "lan..." in lanmou

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words


Madanm Mandaly, What is the words in HC for "Louisiana" and then for "Louisianan". I am thinking it is different from LC. Pa vre?

Wi, li diferan.
Louisiana in Haitian Creole is Lwizyàn (pronounced Lwi-zjà-n)
A man from Louisiana will be called Lwizyanè in H. Creole.
A woman from Louisiana will be called Lwizyanèz.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Hey girl nou pa pale kèk tan.... M ap sonje w :) i need to confirm how to say "I won't be home at that time." or "I'll be away" mèsi!

Mezanmi!  Etranje sou mwen :)
M'espere tout bagay anfòm kote ou ye a.

I will not be home at that time.
Mwen p'ap la lè sa a.
Mwen p'ap la lò sa a.
Mwen p'ap lakay lè sa.
Mwen p'ap lakay mwen lè sa a.

I'll be away.
M'ap deyò.
Mwen p'ap isi.
Mwen p'ap la.
M'ap an vwayaj.

Kenbe la :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words