fi, fanm, madanm, medam, dam, kòmè, makòmè
Wednesday, January 18, 2012
Tuesday, January 17, 2012
mwen la map goumen fok ou ta pale ak mwen sou kek bagay la ou (in English please)
Mwen la, m'ap goumen. Fòk ou ta pale ak mwen sou kèk bagay.
I'm here, I'm fighting. You must talk to me about some things.
The ending can either be "sou kèk bagay" or "sou bagay la". It can't be both.
Also "m'ap goumen" may mean "I'm hanging in there.".
Splatter.
I need wording for pill packets "one today, one tomorrow and one the day after."
Haitian Creole preposition "POU"
To play this audio clip, click the "play" button and follow along :)
Bonjou tout moun! Kouman nou ye?
Hello everyone! How are you?
The Haitian Creole word POU can be used as a:
1. POU (preposition) – for, indicating possession; for the benefit of
2. POU (conjunction)– in order that, so that
3. Se pou (must), Se pou (May) see link: SE POU NOU...
4. POU - louse, lice (as in headlice)
5. POU - pulsation (heart rhythm)
POU as a preposition
1. Ma va fè sa pou ou
I’ll do this for you
2. Peyi a se pou nou
The country belongs to us
The country is ours.
3. Mwen te voye yon lèt pou li.
I sent a letter belonging to him/her.
I sent him/her a letter
4. Tablo sa a se pou miray chanm mwen an.
This painting is for my bedroom wall.
5. Li mouri pou mwen.
He died for my benefit.
He died for me.
POU – in order to, so that
6. Mwen vini la a pou m pale ak ou
I came here so that I may talk to you
I came here to talk to you.
7. Ban m zèl pou m vole
Give me wings so that I can fly.
Give me wings to fly.
8. Mwen pran medikaman mwen pou m ka fè mye.
I take my medicine so that I may feel better.
9. M’ap ekri w pou m ka di’w tout sa k’ap pase.
I’m writing to you to tell you of everything that’s happening.
10. Pou m kapab dòmi byen, mwen fè egzèsis chak swa.
In order to sleep well, I exercise every night.
11. Pou w ouvè bwat la, w’ap bezwen yon kouto.
In order to open the box, you'll need a knife
To open the box, you’ll need a knife.
Se tout, Mèsi e orevwa.
That's all, thanks and good-bye :)
Monday, January 16, 2012
Sunday, January 15, 2012
i remember a few words of this song in Creole i heard on the radio...do you know the rest of the lyrics? ..... se li sel ki ka ba mwen delivrans tout fado mwen peche, nan men li dispose paske bondyem nan ka ban mwen delivrans
Se yon chan jwaye
Yon nouvèl glorye
Nanpwen lòt kòm li
Nan lemmon antye
Mwen renmen chante l
E m'ap pwoklame l
Bondye nou kapab
Ba ou la delivrans
Kè:
Se Bondye ki kapab delivre
Se li sèl ki toujou delivre
Tout fado peche sou li depoze
Paske Bondye nou
K'ap bay la delivrans
Moun ki vle vini
Pa dwe janm mize
Pòt la byen ouvè
Pou l kapab antre
Kris se chemen, la verite, lavi
Bondye nou kapab ba ou la delivrans
Se yon chan jwaye
Pwoklame l byen lwen
Pou tout aflije anba chaj peche
Kapab resevwa padon pa la fwa
Bondye nou kapab
Ba ou la delivrans
everytime i am in Haiti i hear this song being sung in church services... do you have all of the lyrics?(pardon, while i try to sound out what i hear)Jezi, beni sois ton nomJesi, oh meveye donJezi, ... ....
It is not sung in Creole.
Le nom de Jésus est si doux
De Dieu désarmant le couroux
Il nous appelle au rendez-vous
Précieux nom de Jésus
J'aime ce nom dans le chagrin
Il me soutient sur le chemin
Sa musique est un son divin
Précieux nom de Jésus!
J'aime le nom de mon Sauveur
Car Lui seul connait tout mon coeur
Lui seul me rend plus que vainqueur
Precieux nom de Jesus