Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.

Tuesday, April 24, 2012

se mwen ki la

Se mwen ki la.
It's me who is here. (literally)
It's me.

mwen pral domi

Mwen pral dòmi.
I'm going to sleep.

Preposition FROM → Sot; Depi; Nan Men or Nan; a, ak, avè,or avèk




Download link for this audio:
  
To listen to this audio, press the play button and follow along :)


Mezanmi, bonjou tout moun!  Kouman nou ye?
Hello everyone!  How are you?

FROM → Sòti; nan men or nan; depi; a, ak, avè or avèk; and more...

"From" an origin, place, position → Soti

1. Mwen SOTI Ayiti.
    I’m originally FROM Haiti.

2. Li te marye ak yon nèg ki SOTI New York.
    She married a man who's  FROM New York.

3. Li SOTI nan yon fanmi ki rich.
    He's FROM a wealthy family.

4. Li te fè gato a ak wonm KI SOTI Jamayik.
    He made the cake with rum FROM Jamaica.

5. Papiyon an t’ap vole SOTI NAN yon chanm ale nan yon lòt.
    The butterfly was frolicking FROM one room to the other.

"From" a point in space where an action started, or is to be started → Depi

6. DEPI isit la jouk laba a
    FROM here to there

7. Nou te travay DEPI solèy leve jouk solèy kouche.
    We worked FROM sunrise to sunset.

8. Mwen te abite la DEPI 2005 jouk 2010.
     I lived there FROM 2005 until 2010.

9. DEPI a senkan, li te konnen li te vle vin yon aktè.
    FROM the age of five, he knew he wanted to become an actor.


"From" someone or something (an action of separation, removal, taking away, or giving away) → Nan Men or Nan

10. Mwen te wete kouto a NAN MEN l.
     I took the knife FROM him.

11. Li te resevwa yon kado NAN MEN papa l.
     He received a gift FROM his dad.

12. Li te prete $10 NAN MEN nou.
     He borrowed $10 FROM us.

13. Tout sa mwen konnen, mwen te aprann NAN MEN yo.
      Everything I know, I learned FROM them.

14. Li te retire ze a NAN chapo a, e li te mete l nan pòch li.
     He took the egg FROM the hat and put it in his pocket.

15. Li te retire rad yo NAN malèt la, epi li te ban mwen yo.
     He took the clothes FROM the suitcase and he gave them to me.


Different From, made from(Indicating differences between people, things) → Ak, avè, avèk

17. Pa’l la DIFERAN AK pa’m nan.
     His/hers is DIFFERENT FROM mine.

18. Kabann nan te fèt AK bwa kajou.
     The bed was made FROM mahogany wood.

19. Boutèy sa a fèt AK materyèl resiklaj.
     This bottle is made FROM recycled materials.

20. M’ap soufri AK yon maltèt depi maten.
I've been suffering FROM a headache since this morning.

21. L’ap soufri AK chagren.
     She’s suffering FROM a broken heart.

Se te tout. Mèsi e n'a wè.
That was all.  Thank you and see ya.

Track: Yo by Beethova Obas and Jocelyne Berouard
Lyrics:
Yon ti jès pou yo
Yon tandrès pou yo
Yon favè pou yo
Yon lonè pou yo
Yon zepòl pou yo
Yon pawòl pou yo
Yon respè pou yo
Libète pou yo

In this sentence, ki translates as "are there", have you explained the use of ki in much depth anywhere. It confuses me a little. Konbyen Timoun ki nan lékòl la? How many children are there at the school?

'Ki' translates who, which, that. It does not translate 'are there'.
What you won't see here, in the following sentences, is the verb to be, which is somewhat 'understood' between these lines.

Konbyen timoun ki nan lekòl la?
How many children that are in the school? (literally)

Ki moun ki la?
Which person that is there? (literally)

Gode ki sou tab la sal.
The cup that is on the table is dirty. (literally)


See more on 'ki' link

How would I write in creole? Lay up Treasures in heaven where neither moth nor rust destroys and where theives do not break in and steal.... Matthew 6:20

Anpile trezò ou yo nan syèl la kote ni vè ni lawouy pa ka detwi yo, e kote vòlò p'ap ka vòlè yo...

what is la folle

'fòl' is another way to crazy in Creole.
It is the feminine of 'fou' (in French).

Since we're speaking Creole now, you may use 'fou' for both males and females. But if you want to use 'fòl', use it for females only :)

how do you say i love you with all my heart

Mwen renmen w ak tout kè m.

Ask me anything

What does retann mean?

Ret tann (Rete tann)
Wait.
Be patient.

How would I write in Creole? I Praise You Because I am Fearfully and wonderfully made... Psalm 139:14 and For where your treasure is, there your heart will be also... Matthew 6:21 Thank you!!!

I Praise You Because I am Fearfully and wonderfully made... Psalm 139:14
'M'ap fè lwanj pou ou paske ou te kreye m avèk anpil ladrès.'

For where your treasure is, there your heart will be also... Matthew 6:21
Konsa kote trezò ou ye, se la kè w va ye tou.

Monday, April 23, 2012

How would you explain the use of LADAN, L, and LAN in this sentence: Kay ou LADAN L LAN se pou li.

It's a question of the definite article 'LAN' agreeing with the pronoun 'L' that precedes it.

Kay   | ou   | ladan'l   | lan | se   | pou   | li
House | you | inside it | the | is    | for     | him/her
The house you're in is his/hers.


Now, if you did not have that contracted "L", the article would've been different.
It would have said:


Kay      | ou   | ladan   li  | an      |  se   | pou   | li
House  | you  | inside it    |  the  |  is     |  for     | him/her


See this link for more info on the placement of the article:  Where Do I Place The Definite Article?

so happy to have news from you

Mwen kontan pran nouvèl ou.

Ask me anything

say hi to everyone for me

Salye tout moun pou mwen

ou vle aprann?

Ou vle aprann?
Dou you want to learn?

Ask me anything

WHAT IS MEZANMI MWEN JWEN MEAN?

Mezanmi mwen jwenn ni.
I found it.

Ask me anything

How to say you are my angel in creole?

You are my angel.
Ou se zanj mwen.

Ask me anything