Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.

Saturday, March 9, 2013

What's the best way to address a group of 'just' women. Hello ladies! Bonjou fanm yo?

Sure, why not.  You can also say  Bonjou Mèdàm!

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Kisa ou dwe fe si ou rankontre bab pou bab ak yon bann sanpwel sou wout ou nannuit?

Pwovèb la di se lougawou ki mache lannuit :)
Sa w'ap chache nan lari a nan mitan lannuit lan?
Si'w ta rankontre ak yon bann chanpwèl sou wout ou a minui, enben ...chans pou yo, malchans pou ou!  Ou sanlè tounen zonbi :)

Aktyèlman, lari an laj anpil.  Ou mache sou bò pa w ak tèt ou byen dwat, enpi yo pran bò pa yo.  Y'ap regle zafè pa yo, ou menm w'ap regle zafè pa w.  Si w pa kontrarye yo, m pa wè rezon pou yo ta kontarye w.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Poukisa gen moun Haiti se a l'heure que w'ap manje yo vin rann ou visit?

An jeneral, moun pa manje sou moun, Ayiti, san w pa ofri moun.
Gendemoun ki konn ap bat grangou pou detwa jou.  Se diyite yo ki fè yo pa tonbe mande nan lari a.
Si w remake w'ap resevwa yon vizitè chak lè w'ap pare w pou w atable w, petèt moun nan razè, li nan di, li grangou.  Petèt se ou menm ki ba li sèl manje li mete nan vant li pou jounen an.
Malerezman, zafè grangou an se yon pwoblèm serye nan peyi a.  Gen moun, se ak yon grenn sèl anba lang yo ke yo pase jounen an.  Mwen pa ka di w sa pou w fè, men mwen aprann pou m separe sa m genyen piti kon l ye.
Mwen sonje lè mwen menm ak sè m yo patko kite Ayiti;  manman m te nan peyi Etazini, l'ap travay $3.35 pa è.  Si lè l fin peye bill li nan peyi blan an, li pa gen lajan ki rete pou'l voye okipe nou Ayiti, ah! n'oblije al dòmi grangou.  Sa pa't fèt souvan, men m kapab imajinen kouman sa ye pou moun ki p'ap travay e ki pa gen espwa resevwa lajann okenn kote.
Mezanmi, si'n ta pran ekri yon liv sou granmoun, potorik gason, jenn moun ak timoun ki nan grangou fòse e k'ap moute kabann san manje, san konnen kijan demen yo ap ye, dlo lanmè pa ta menm sifi kòm lank pou ekri.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Friday, March 8, 2013

Get out of my hair? (What's a good Haitian Creole translation), to get rid of someone who's cramping my style?

1.
Get out of my hair (get away from me)
Retire'w nan kòlèt mwen
Retire'w nan kòsaj mwen

2.
To get rid of an unwanted person (friend, enemy, a person who's being a pest)
retire nan kòlèt
retire nan kòsaj

3.  
Fanm nan te mare pye m, donk mwen retire l nan kosaj mwen.
The woman was cramping my style, so I got rid of her.

4..
Mesye a t'ap ban m problèm, mwen retire l nan kòsaj mwen.
The guy was giving me trouble, so I got rid of him.

5.
Poukisa w rete ak fanm sa a toujou?  Retire l nan kosaj ou non!
Why are you still with that woman?  Get her out of your hair.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

"HOW MANY TIMES PER ....DAY/WEEK/YEAR"..... (AUDIO)

Download link:
Click here to download…

To listen to this audio, click on the PLAY button and follow along :)
  

Bonswa zanmi.  Kouman ou ye? (Good evening friend.  How are you?)
Nou la. (We're there.)
Konbyen fwa pa semèn ou fè egzèsis? (How many times a week do you workout?)
M fè egzèsis twa fwa pa semèn. (I workout 3 times a week)
Dakò mèsi! (Great thanks!)

Bonjou zanmi m.  Kouman w ye?
Bonjou Mandaly.
Kesyon mwen pou ou se, konbyen fwa pa jou ou lapriyè?
(My question for you is how many times a day do you pray?)
Mwen lapriyè de fwa pa jou. (I pray twice a day)
Dakò mèsi.

Bonswa zanmi.
Bonswa Mandaly.
Konbyen fwa pa jou ou manje? (How many times a day do you eat?)
M manje de fwa pa jou.  M pran dejene.  M pran dine.  M pran soupe. 
(I eat twice a day. I take breakfast.  I take dinner.  I take supper)
Si ou pran dejene, ou pran dine, e ou pran soupe, sa pa fè de fwa.  Sa fè twa fwa pa jou!
(If you take breakfast, you take dinner, and you take supper.  That's not twice.  That's three times a day!)

Bonswa zanmi m.
Konbyen fwa pa semèn ou fè makèt? (How many times a week you grocery shop?)
Mwen se Ameriken.  Mwen fè makèt chak jou.
(I am american I do grocery shopping everyday)

Konbyen fwa pa semèn ou lave cheve w? (How many times a week do you wash your hair?)
Mwen ta di de fwa konsa. (I would say about two times)
Dakò mèsi.

Konbyen fwa pa ane ou vwayaje? (How many times a year do you travel?)
Zewo bare! Mwen pa vwayaje ditou. (Zilch! I don't travel at all.)

Konbyen fwa pa jou ou bwose dan w? (How many times a day do you brush your teeth?)
Mwen bwose dan mwen de fwa pa jou. (I brush my teeth twice a day.)

Konbyen fwa pa semèn ou manje bannann fri?
(How many times a week do you eat fried plantains?)
Mwen ta di de oubyen twa fwa. (I would say two or three times.)
O! O! mezanmi. Ou se yon Ayisyen natifnatal total kapital! (Wow! you're 100% Haitian!)

Konbyen fwa pa jou ou lapriyè? (How many times a day do you pray?)
Pitit o! Mwen lapriyè vennkat sou vennkat.  Chak è, chak minit, chak segonn. Oke Mèsi dakò!
(Child! I pray 24/7.  Every hour, every minute, every second.  Good Thanks.)

Bonswa zanmi m.
Bonswa Mandaly.
Konbyen fwa pa semèn ou fè lanmou? (How many times a week do you make love?)
Yon sèl fwa!  (Only once!)

Track: Yon Sèl Fwa.  Wi, Yon Dènye Fwa by Christiane Vallejo

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Looking for words for kitchen things--tea kettle, teapot, can opener, lifter, egg beater

tea pot → teyè, tèyè, kafetyè
tea kettle → bouywa
can opener → ouvbwat
egg beater → batèz
lifter → aparèy levaj

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words


I don't know if I asked this question before. How to translate'To make sure'? "Make sure he writes it down." or "We made sure of the route we had to follow before we left." or "I want to make sure that you are okay." Let me know if I asked again.

M pa sonje si ou te mande m ak si ou pa t mande m.  Mwen chache yon kesyon ki parèy li, e m pa't jwenn aryen :)

to make sure → asire, fè sèten
one example:
Anvan l te soti, li te asire l ke tout pòt te klete.
Before going out, she make sure that all doors were locked.


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

What is 'loophole' in creole? "There are loopholes in this rigid policy."

Hi, Mandaly ! Can you let me know how to put the accent mark when you type ? kamsa hamnida ( mesi anpil)

Dakò zanmi,
If you're using a PC the H. Creole accents you'll need are:

è (ALT  138)

ò (ALT 149)

à (ALT 133)

È (ALT 0200)

Ò (ALT 0210)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Twice a day / Three times a day / Once a day

1. twice a day
   de fwa pa jou

2. Take the pill three times a day
     Pran grenn nan twa fwa pa jou

3. once a day
    yon fwa pa jou

4. Mwen vwayaje de fwa pa ane.
    I travel twice a year.

5.  I go to church three times a week on Wednesdays, Fridays, and Sundays.
     M al legliz twa fwa pa semèn lemèkredi, levandredi, ak ledimanch.

6. We have bible study once a week on Wednesdays.
    Nou gen etid biblik yon fwa pa semèn lemèkredi.

7.  You don't need to take the medicine twice. Only Once is enough. 
      Ou pa bezwen pran remèd la de fwa. Yon sèl fwa kont.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Chalk Chalkboard Backpack

chalk - lakrè
chalkboard → tablo
backpack → valizado
school bag → valiz lekòl

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Thursday, March 7, 2013

Both, all three, all four, ... all twelve? Thanks

1. Both
    toude
    toulede
    toulède

2. all three
    touletwa

3. all four
    toulekat

4.  Are all five kids yours?
     Eske toulesenk timoun yo se pou ou?

5. I don't want all six, let me just have three.
    M pa vle toulesis, jis ban'm twa sèlman.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

is there a song to help with remembering the days of the week?

I do know of one song.  I don't think it was made for remembering the days of the week.  And I don't remember which group sings it.  This won't be any help if you don't know the tune,  but I can't be any help there :)
Maybe someone will have something better.

The songs goes:
lendi m'al travay
madi m'al travay
mèkredi m'al travay
jedi m'al travay
vandredi m'al travay
samdi m'al nan mache
dimanch m'al banboche

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Allo zanmim I'm trying to understand "Pale non Seyè. Sèvitè ou la ap koute ou." What does the non mean? Speak now? 1 Samyèl 3:9 Mèsi zanj kreyòl

Bonswa :)

This "non" is more like an "emphatic word".   It doesn't translate as "no" or "now" in English.

"Pale non" will be translated as "Speak."

Here are some other examples:

1. Vini non!
    Come!

2.  Manje non!
     Eat!

3.  Pale avè m non!
     Talk to me!

Sometimes, we use the Creole "Wi" in that same manner.  Some examples.

4.  Mwen renmen l wi.
     I like it.

5. Mwen fini avèk travay la wi.
    I'm done with the job.

6. Mwen prale wi.
    I'm leaving.

See this link here for more examples: Emphatic WI or NON

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Is there a saying for NEVER SAY NEVER instead 'pa janm di jame'?

Try:

Jamè di jamè → never say never

or this expression:
Toutotan tèt ou pa koupe, ou pa ka di w p'ap mete chapo.
As long as you still have your head, you can't say that you won't wear a hat.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words