Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.

Monday, March 16, 2015

Men pwoblèm mwen. Se Ayisyen mwen ye. M gin 56 an. Gen plis 30 an m pa t pale Kreyòl la. Kounyeya m rete nan lachin. Pa gen oken Ayisyen nan peyi isit. Men m vle pale lang mwen ankò. Ki jan pou m jwenn "language exchange"? Ki kote m ka jwenn Ayisyen ki vle aprann pale Chinoua ou byen Angle? Nou ka itilize Facetime, Skype, ... pou koze. Mèsi anpil!

Dapre jan w ekri Kreyòl, sanble ou te fè yon ti etidye lang nan.
Gen anpil chanjman ki fèt nan lang nan depi 30 lane sa a. Men sanble ou kenbe konpa w ak Kreyòl la.  Konpliman, kenbe la piga w lage.

Mwen poko jwenn yon "language exchange" pou Ayisyen kominike ak lòt Ayisyen nan bi pou kenbe Kreyòl yo sou konpa. Si w bezwen kominike ak Aysisyen ou va jwenn yo nan "chat room" sou entènèt la oubyen nan "meetup" ki fèt anpèsonn.

Eske ou te janm tounen vizite peyi w pandan trant lane sa yo?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Si mwen di nan tan bembo kisa ou va di?

Si w ta di m "nan tan benbo", mwen ta di "nan tan lontan", "nan tan dantan", "depi dikdantan", "gen bèl driv", "lò konkonm ta goumen ak berejèn" ....jouk nostalji ta anpare m :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Hi, do you have the words to this song, JESUS LAVEM, LI DELIVER M, LI ETYEM MANBA PECHE. I hope I got the words right. mesi

W ape mande m pouki nou kontan konsa
Nou kontan vre paske nou genyen Jezi
Se yon zanmi ki p ape janm bliye nou
Nan ladetrès, nan maladi, nan ladoulè

Jezi lave'm, li delivre m
Li retire m anba vye peche kote mwen te ye

Mèbyeneme annou chante pou Jezi
Lajenès annou louwe Letènèl
Mèfrè ze sè annou pa dekouraje
An nou kenbe fèm jouk Jezi vini n ap kenbe lafwa

Jezi bon
Mwen santi l nan nanm mwen
Mwen santi l nan tout kò mwen
........

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

What''s the difference between moin and mwen? Are the used in different part of the country?

Would you use the word ‘chichado’ for someone who does a favor for favor, asks for something in return when he does a favor? Thanks

I would call it regadan.


chichadò means ungenerous, stingy

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Tuesday, March 10, 2015

Silvouple madam ban moin enfomasyon sou ricin a friend gave to me to use as laxative , she calls it mesquiti,but i thought these seeds were dangerous how do you prepare it

It's called maskreti or maskriti.
If you've never prepared this plant before you should stay away from it. If you're in a country other than Haiti there are plenty of cheap laxatives in drugstores. If you're in Haiti and have no drugstores (fanmasi) nearby find a doctor or a medicine man (doktè fèy). If you're not sure of how to take it don't use it - I know I wouldn't

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Kisa djougan vle di enpitou kijan mwen kapab mo sa a?

djougan onswa dyougan

Mwen wè Ayisyen itilize mo sa a de fason. Yon fason li dekri yon moun ki maton, ki fò nan yon bagay, oubyen ki gen bon ti abilite pwofesyonèl nan yon bagay.  Yon lòt fason yo itilize l pou dekri yon moun ki plen enèji, ki “fougueux” jan Franse yo di a.


Nan lang Angle li tradui vivacious, spirited, full of energy, oubyen tou skilled.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Monday, March 9, 2015

Aprann òtograf Kreyòl la.

Thank you Mr. Degraff for this link.
Here's a a link to an in-depth look at the Haitian Creole orthography:
Aprann òtograph Kreyòl la
The link address is: http://on.fb.me/1zyovCk
You may also click on the picture to see this little booklet.

 Ann Aprann òtograf Kreyòl la


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Kilès ki gen rezon? Who's right?





Listening exercise. Click on the play button and follow along :)


O Ti Mari ou rantre bonè jodi a.
Ti Mari you're home early today.

Men wi. Mwen fatige. M pral kouche pou yon moman.
Yes I'm tired. I'm going to lie down for a while.

What's wrong?

Nothing's wrong.

Cheri m konnen w trè byen. Sa’w genyen? Poukisa figi w fennen konsa?
Sweetie I know you very well. What's wrong? Why the sad face?

A! Se pa anyen ditou.  M pa gen anyen.  M'anfòm.
It's nothing at all. Nothing's wrong. I'm fine.

Ou di w anfòm men figi w pa sanble sa.  Pale avè m non.
You say you're fine but your face doesn't look it. Talk to me won't you?

Dakò. Te’m rakonte w sa’k pase m. Di m kilès ki gen rezon.
Ok. Let me tell you what happened to me. Tell me who's right.

M’ap koute w.
I'm listening.

Jodi a nan travay la nou te genyen yon miting.
Today at work we had a meeting.

Anhan.

Bòs mwen t’ap fè yon prezantasyon an Kreyòl enpi yon anplwaye etranje  ki te la panche bò zòrèy mwen pou mande m tradui sa bòs la t’ap di a. Sa’w kwè m fè?
My boss was making a presentation in Creole and a foreign employee that was there leaned in my ear to ask me to translate what the boss was saying. What do you think I did?

Ou te ede anplwaye a?
You helped the employee?

Men wi . Mwen tradui sa bòs mwen an t’ap di a.  Sa w kwè k rive?
Yes. I translated what my boss was saying. What do you think happened?

Bòs la mande w fè silans,
He told you to be quiet?

O o men wi! – Se kòmsi w te la.  Bòs la fè m yon sèl malonèt devan tout moun – li di m pe bouch mwen.  Mwen vin santi m tankou yon timoun yo rale zorèy li.
Yes! it's as if you were there. He insulted me in front of everyone. He told me to shut up. I felt like a reprimanded child.

Bòs ou an  gen rezon wi cheri. Ou pa ka pale pandan l’ap pale tou – si tout moun ap pale, pa gen moun k’ap koute. Se youn oubyen lòt. Ouswa w’ap pale ouswa w’ap koute. Ou pa ka fè toulede alafwa.
Your boss is right sweetie, you can't talk while he's talking. If everyone is talking no one is listening. It's one or the other. Either you're talking or listening. You can't do both at the same time.

O o sou bò ki moun ou ye menm?
Whose side are you on?

Mwen sou bò w cheri – men eske ou ta renmen gen yon odyans k’ap pale pandan w’ap fè yon prezantasyon?
I'm on your side sweetie. But would you like to have an audience talking while you're doing a presentation?

Non men fò’w konprann sa’ m t’ap fè a te enpòtan tou.
No but you must understand that what I was doing was also important.

Menm si sa, pa fè yon lòt sa w pa ta renmen yo fè w. Ou konnen sa trè byen.
Even then, "Don't do unto others, what you wouldn't want done unto you". You know that very well.

Bon kòm mwen wè se kritike ou vle kritike m jodi a, mwen pral kouche kouche m. Ou mèt kouche sou sofa a aswè a.
Since I realize that all you want to to is to criticize me today, I'm going to lie down. You may lie down on the couch tonight.

O o Cheri! Mwen te fè erè. Se ou ki gen rezon.  Se ou ki va toujou gen rezon.
Oh Sweetie! I was wrong. You were right. You will always be right.

A! li twò ta pou chanje lide.  Pase bòn nwi sou sofa a.
It’s too late to change your mind. Have a good night on the couch.



Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Sa ou te kwè a se pa sa

Sa ou te kwè a se pa sa.
You were wrong.

Sa ou kwè sa a ye?
What do you believe this is?
What do you think this is?

Sa w kwè ki pase la a?
What do you believe happened here?

Sa  kwè li fè?
What do you think she did?

Sa w kwè k te rive (contraction)
or
Sa ou kwè ki te rive?
or
Kisa ou kwè ki te rive?
What do think happened?

Sa w kwè li te di m?
What do you think he told me?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Genyen rezon, gen rezon

gen rezon - to be right, to be correct, to be at an advantage

Ou gen rezon
You are right.

Kilès ki gen rezon e kilès ki pa gen rezon?
Who's right and who's wrong?

Ravèt pa gen rezon devan poul.
Roaches are at a disadvantage when facing chickens.

Se mwen ki gen rezon.
I'm the one who's right.

Li gen rezon devan w.
He's got a leg up on you.

Ou pa fè respè w, se pousa ou p'ap janm gen rezon devan bèlmè w.
You don't respect yourself, that's why you'll never have the upper hand when dealing with your mother in law.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Do Haïtians from Port-au-Prince completely understand everything that a Haïtian from the north or south of Haïti is saying? Will it be difficult for them to understand their accent and words?

Men wi! tout Ayisyen kèlkeswa kote yo sòti, nan Lès, Lwès, Nò oubyen Sid Dayiti va konprann Kreyòl ki pale  .....depi se Kreyòl Ayisyen l ye. Aksan moun nan Nò oubyen nan Sid p'ap anpeche w swiv yon konvèsasyon nonplis. Gen de twa mo vokabilè ki ka pa menm nan Nò ak nan Sid - donk si w tande yon mo ou pa konprann pran plis enfòmasyon sou mo a.
Absolutely! All Haitians whatever their origin, East, West, North of South of Haiti, will understand spoken Creole ...as long as it is Haitian Creole. Northern or southern Haitian Creole accents won't prevent you from following a conversation. Some vocabulary words may not be the same in the North and South, so ask about these words if you hear them.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words