Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, February 10, 2014

Mare kon krab (Audio)


Click on the PLAY button to listen to this audio the follow along :)



  O O Joujou, sa w genyen figi w fennen konsa?
Joujou what’s wrong your face is so faded?
Joujou why do you look so down?

 Mezanmi! Fanfan, yon zanmi m te envite m dine lakay li yè swa – si m te konnen sa’k t'apral pase m pa ta ale.
Fanfan, a friend of mine invited me to dinner at her house last night – If I knew what was going to happen I wouldn’t have gone.

 Ki sa ki te pase?
What happened?

 
Lè m rive kay zanmi m nan m te panse se te yon dine konsa konsa men non se te granzafè.  Dabò, lè m rantre lakay zanmi m nan, m wè tout envite te abiye fen kou zezwa.  Mwen menm se te yon vye mayo ak pantalon abako k te sou mwen.
When I got to my friend’s house I thought it just any dinner but no it was a big affair. First off  when I went into my friend’s house I saw that all the guests were dressed very elegantly.  As for me I had an old shirt and jeans on.

O O!

Wi! M vin santi de pye m nan yon grenn soulye.  Lapoula m te dwe fè bak tounen lakay men tout zye te gentan sou mwen.
Yes! I felt trapped.  Right then and there I should have stepped back to return home but all eyes were already on me.

 Sa w fè menm?
What did you do same/even?
So what did you do?


Lè tout moun atable yo – m mete m sou tab tou.  Enpi se lè sa m sonje m pa’t gen  etikèt manje sou tab.
When everyone sat at the table I sat on the table too.  And then that’s when I remembered that I didn’t have proper table manners.
 

Si m te ou - m ta pran pòz m malad - enpi m ta leve ale.
If I were you I would have pretended to be sick and left.

 
Non m gen twòp fyète pou sa.
No I have too much pride for that.


Donk ou pito anbarase tèt ou devan tout moun?
So you rather make a fool of yourself in front of everyone?

 

Mezanmi m sou tab la, m mare kou krab.  Premyèman m pa konn ak ki men pou m ranmase  fouchèt la.  Dezyèman m te tèlman grangou m bwote preske tout manje k te sou tab la mete nan plat mwen 
Man! I was at the table, I felt so awkward.  First of all I did not know with which hand to pick up the fork.  Second I was so hungry I brought almost all the food that was on the table onto my plate.

 

Ou konnen se pa konsa sa fèt sou tab.  Se piti a piti ou charye manje mete nan plat ou.
You know that’s not the way is done on the table.  You bring food to your plate little by little.

 

Ah! manje nan plat mwen fè yon ti pil byen wo tankou yon ti mòn.  Lè m fin manje atò m vin swaf. M rale yon po ji.  M plen vè m nan ra bouch. M kage vè a nan figi m. M bwè tout ji a nan yon sèl goje. Enpe bweson tonbe sou rad mwen  - enpi m vin rann yon gwo gaz!
The food in my plate made a little pile as high as a little hill.  When I was done eating I got thirsty. I grabbed a pitcher of juice.  I filled my glass to the rim.  I brought the glass to my face and drunk the juice in one gulp.  Some fell on my clothes - and then I let out a big belch!

 O O!

 Tout moun tonbe gade m atò.
Then everyone started looking at me.

 Sa’w fè lè sa a?
What did you do at that time.

 Lè sa a m wont, m jennen - m tonbe pale koze m pa gen biznis pale sou tab la.  Tout moun blije met tèt atè – m te mare kon krab – Lè m te kite kay zanmi m nan, li te lè l te tan.
At that time I was ashamed, I was embarrassed – I started making inappropriate table conversations.  Everyone was looking down (They were avoiding eye contact with me) – I was fumbling.  When I left my friend’s house it was about time.

 M’espere ou pran yon leson – pwochèn fwa yo envite w dine, se pou w mande ki kalite dine li ye anvan – konsa w'a pare pou li.
I hope you learn a lesson.  Next time they invite you to dinner you should ask what type of dinner it is first so you can prepare for it.

 Pwochèn fwa yo envite m dine m p'ap fè yon pa .
Next time they invite me to dinner I ain’t gonna go nowhere.

Track: Nègès Lakay by Elylrac

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

6 comments:

  1. Mesi anpil for this audio.

    kamsahamnida

    ReplyDelete
  2. Tout moun blije met tèt atè
    I can't understand your translation, can you plz
    explain ?
    mesi anpil
    (kamsa hamnida)

    ReplyDelete
  3. Dakò.

    Tout moun blije met tèt atè
    Tout - moun - oblije - mete - tèt – atè (when words are not contracted)
    All - person - have - to - put – head - floor (word for word translation)
    Everyone was obligated to put head down (literally)

    We say blije (or oblije) – to have to
    We say met tèt atè(or mete tèt atè) – to bow one’s head in shame, or from embarrassment

    Other times we might also say bese tèt, bese je atè, mete je atè,or gade atè

    ReplyDelete
  4. se piti a piti ou charye manje mete nan plat ou.
    (please translate)
    which one is the main verb ?

    kamsa hamnida

    ReplyDelete
    Replies
    1. Main verb is "charye"

      Se piti a piti | ou charye manje | mete nan plat ou
      It's little by little | You load food | to put in your plate.
      It's little by little that you bring food to your plate.

      Delete