Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Showing posts with label jamè. Show all posts
Showing posts with label jamè. Show all posts

Eske ou janm...? → Have you ever...? (in Haitian Creole)

Click here to download…

Audio for the following Creole sentences using ESKE OU JANM Have you ever
 

Eske ou janm... → Have you ever...

1. Eske ou janm bwè diven jiskaske ou sou?
    Have you ever drunk wine until you were intoxicated?

2. Eske ou janm kenbe yon sekrè ki pi fò pase w?
    Have you ever held  a secret that was stronger than you?

3. Eske ou janm pran lapenn pou yon moun ki koupab?
    Have you ever felt sorry for someone who was guilty?

4. Eske ou janm priye pou Bondye modi yon moun?
    Have you ever prayed for God's curse on someone?

5. Eske ou janm vòlè nan men yon rich pou bay yon pòv?
    Have you ever stolen from the rich in order to give to the poor?

6.  Eske ou janm wè solèy leve oubyen solèy kouche?
     Have you ever seen the sunrise o rthe sunset?

7.  Eske ou janm vwayaje sou motosiklèt
     Have you ever travelled by motocycle?

8.  Eske ou janm te nan yon aksidan?
    Have you ever been in an accident?

9.  Eske ou janm fè kònmsi ou se yon lòt moun?
    Have you ever pretended to be someone else?

10. Eske ou janm pale Kreyòl Ayisyen nan telefòn?
      Have you ever spoken Haitian Creole on the phone?

Se tout.  Mèsi anpil e orevwa:)
That's all.  Thank you very  much and goodbye.

how do u say i will never leave u?

I will never leave you.
Mwen pap janm kite w.

translate never give up in haitian creole

Never give up.
Pa janm lage.

Hold on tight, don't give up.
Kenbe fèm, pa lage.

Hold on.
Keep it up.
Kenbe la.
Kontinye konsa.

Never forget (in Creole)

1. Never forget
   Pa janm bliye

2. We will never forget.
   Nou pap janm bliye

3. I will never forget.
   Mwen pap janm bliye.

4. You should never forget.
   Ou pa dwe janm bliye.

5. Don't forget to buy bread and milk.
   Pa bliye achte pen ak lèt.

6. Don't forget that there's no class tomorrow.
   Pa bliye, pa gen klas demen.

7. Don't forget to turn off the stove.
   Pa bliye etenn dife fou a.


Remember! → Sonje!

8. Remember where you came from.
   Sonje kote ou sòti.

9. Remember who your true friends are.
   Sonje kilès ki vrè zanmi  ou.

10. Remember to bring chokolate.
   Sonje pote chokola.

11. Remember to bring cash with you.
     Sonje mache ak lajan.

12. Remember to wash your hands.
      Sonje lave men w.

13. Remember to drink lots of water.
     Sonje bwè anpil dlo.

14.Remember to give thanks.
    Sonje bay remèsiman

15. Remember to always smile :)
     Sonje pou toujou souri :)

16. Remember to look both ways before you cross the streets.
     Sonje gade adwat agoch anvan ou travèse lari a.

Mwenn pap .janm sispann renmen ou pitit mwen eske li kote Bon Die di sa se pitit mwen renmen ampil la .

Mwen pap janm sispann renmen ou pitit mwen.
I will never stop loving you my child.

Ki kote Bondye di, "Sa se pitit mwen renmen anpil la"?
Where does God say: "This is the child that I love very much"?

I'd never had the pleasure.

I never had he pleasure...
Mwen pat janm gen chans...
Mwen pa't janm gen opòtinite...

I never had the pleasure of meeting Matt Damon, but I've seen his movies.
Mwen pat janm gen chans rankontre Matt Damon, men mwen wè fim li yo.

I never had the pleasure of tasting your cooking.  I hear it's very delicious.
Mwen pa't janm gen opòtinite goute manje ou fè.  Yo di sa gou anpil.

I never had the pleasure of meeting you before.  I am delighted to make your acquaintance today.
Mwen pat janm gen opòtinite fè konesans ou anvan.  Mwen kontan rekonèt ou jodi a.
______________

It is my pleasure...
Se tout plezi mwen....

With pleasure...
Avèk anpil plezi...

It is with great pleasure that I present you.....
Se avèk anpil plezi mwen prezante ou...

It is my pleasure to accompany you to the concert tonight.
Se tout plezi mwen pou m akompanye ou nan konsè a aswè a.
Ask me anything

Never give up

Never give up. → Pa janm lage.
Don't give up. → Pa lage.
Always hang in there. → Toujou kenbe la.
Hang in there. → Kenbe la.


pa

"Pa" indicates the negative.

Mwen pa kapab.
I can't.

Mwen pa wè li.
I don't see it.

Pa gen pwoblem.
No problem.

Nou pap janm bliye.
We will never forget.

Mwen pat konnen.
I didn't know.

Mwen pa prale avè ou.
I will not go with you.

I wish I never met you

translation:

I wish I never met you.
Mwen swete ke m pat janm rankontre ou.
Mezanmi! That sounds harsh!  What did he/she do to you :)

how to say "have you ever...?" and "I have never..."

I have never... - M pa janm...
I have never spoken to her. - M pa janm pale avè li.
I have never eaten a mango. - M pa janm manje yon mango.
I had never said that. - M pa te janm di sa.


Have you ever...? - Eske ou janm...?
Have you ever gone to Haiti? - Eske ou janm ale Ayiti?
Have you ever seen the sun set? - Eske ou janm wè solèy la kouche?
Have you ever eaten goat meat? - Eske ou janm manje vyann kabrit?

pap

pap (contraction for pa ap) - negative form of a progressive or future tense.
pa → determiner for negative form in Creole
ap → determiner for progressive and also future tense
pap stands for not verb + ing
pap also stands for will not

Example:
Mwen pap manje.
I am not eating

Mwen pap pale.
I am not talking.

Mwen pap vini.
I will not come.

Nou pap janm bliye.
We will never forget.

how do you say.... "never forget"

Never forget - Pa janm bliye
we will never forget - Nou pap janm bliye

mwen pa janm manje

Mwen pa janm manje. - I never ate.

Making negative sentences (NEVER) - Part II

Click on the play button, listen and follow along.


BONJOU TOUT MOUN!HELLO EVERYONE!

Last time we made negatives sentences such as:
M pa paleI don’t speak
m pa konprann - I don't understand

Today we’ll make negatives sentences with NEVER.
Jamè - never
Janm - never

Jamè is a French word for never. In French it is written as jamais
Janm is the creole word derived from jamais.

In Haitian Creole we use both jamè and janm
Negative sentence = pa janm, or pa jamè


1. M pa konnen I don’t know
2. M pa janm konnenI never know

3. Nou pa palewe don’t talk
4. Nou pa janm pale - We never talk

5. Ou pa konprannyou don’t understand
6. Ou pa janm konprannyou never understand

7. Pa gen moun la - There’s no one here
8. Pa janm gen moun lathere’s never anyone here

9. Pa lagedon’t give up
10. Pa janm lagenever give up, don’t ever give up

Let us look at a few more examples:

11. M pa janm li I never read
12. Li pa janm travayit never works
13. M pa janm bwè I never drink
14. Li pa janm twò tait’s never too late
15. M pa janm sèlI’m never alone

16. Pa janm bliye mdon’t ever forget me
17. Pa janm lage mdon’t ever let me go
18. Pa janm pale ak bouch plennever talk with your mouth full
19. Pa janm di jamènever say never
20. Pa janm sispann souri - never stop smiling


Believe - kwè
How would you translate: I never believe


Sit downchita
How would you translate : I never sit down


.Mèsi, orevwa e pa janm sispann aprann
Thank you, goodbye and never stop learning.

Track: La machin a danse by La Compagnie Creole