Listen to and Follow The Podcast at SOUVNI ON THE MIKE with Podcast Transcripts available. Advanced Haitian Creole Learners, you have arrived :). Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. This Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. Follow the podcast.

Sunday, November 13, 2011

How would a man address a beloved mother-in-law?

Madam or Manmi.
Does this mother-in-law have other son or daughter in-laws?
If yes, what do they call her?

Ask me anything

What does mean?li pa anceint vre

Li pa ansent vre.
She's not really pregnant.

Really (for real) → vre, tout bon vre, tout bon (usually placed at the end of sentence)
Really (for real) → vrèman, reyèlman (usually placed after subjects and auxillaries)

1. Li pa fache vre.
    Li pa reyèlman fache.
    He's not really angry.

2. Nou pa gen lajan tout bon vre.
    Nou vrèman pa gen lajan.
    We really don't have any money.

3. Mwen pa te wè li vre.
     Mwen pa te reyèlman wè li.
    I didn't really see it/him/her.

4.Fwa sa a se vre.
   This time it's for real.

5. Mwen sezi tout bon.
    Mwen vrèman sezi.
    I'm really shocked.

Sali!Mandaly, please translate this. -Charm is a product of the unexpected.-Understand citizen, that the only thing white about me is color of my skin.*What a combination, romantic phrase with revolutionary.I hope i am not bothering you.Stay cool!

Sali a ou menm tou :)

This is beautiful.

Charm is a product of the unexpected. -Understand citizen, that the only thing white about me is color of my skin. *What a combination, romantic phrase with revolutionary.

Atirans se pwodwi yon bagay ou pa t'ap atann.
Konprann sa *mezanmi, se koulè po m sèlman ki fè m blan.
Ala yon melanj! Pawòl womantik ak *rebelyon

1. *mezanmi → you could use "mezanmi" or "sitwayen"..
I felt more confortable with "mezanmi"

2. *rebelyon"rebelyon" or "revolisyon"

Please don't tell me you will check on me in the morning but then not do it. (in Creole)

Tanpri pa di m w'ap tcheke avè m nan demen maten epi pou pa fè sa.

Ask me anything

Saturday, November 12, 2011

Avek kisa mwen ka ouvè yon cocotier?

Itilize yon mato pou kraze kokoye a.
Oubyen
Leve l e frape l atè byen fò sou pati atè a ki simante.
Oswa
Leve l e frape l byen fò sou wòch.

Bòn chans :-)

i dont love you

love/like → renmen

I don't love you.
Mwen pa renmen ou.

Ouch! That's a very sad thing to say to someone. I wonder if it needs to be said at all.

her husband?

her husband - mari li

Her husband is an artist.
Mari li se yon atis.

skill and knowledge

Abilite ak konesans

Ask me anything

"Mande yon kesyon" Or "Poze yon kesyon"?

Both.

1. Ki kesyon ou vle poze?

2. Eske ou gen yon kesyon pou mande m?

3. Sa se yon kesyon nou tout dwe poze.

4. Mwen te poze li de kesyon.

5. Li pa't renmen kesyon mwen te mande li.

Anfòm.

koken, fè koken

koken (n) → trickster, bluff, chiseler

fè koken (or pete koken or leve koken) → to double-cross, to dupe, to trick

Nan dènye minit jwèt la, li wè l'ap pèdi, li tonbe pete koken.
At the last minute of the game, he noticed he was losing, he started cheating.

Can you please translate... thank you! Mwen tres bien mwen tande wap......

email: Limanecasimi@aol.com :)

Mwen la map gade apre' ou kap fe' bel bagayMwen renmen sa le' yon moun ap fe' eforBel bagay

Mwen la, map gade apre ou k'ap fè bèl bagay. Mwen renmen sa lè yon moun ap fè zefò. Bèl bagay!
I am hanging in there just looking at you doing great things. It makes me happy to see people making efforts. Great!

We Love you!

We love you!
Nou renmen ou!

We are united

united → ini, fè youn

We are united
Nou ini
or
Nou fè youn

We were united like brothers and sisters
Nou te ini tankou frè ak sè.
or
Nou te fè youn tankou frè ak sè.

They are united together.
Yo ini ansanm
or
Yo fè youn ansanm

We are united in Christ.
Nou ini nan Kris.
or
Nou fè youn nan Kris.

Christmas Greetings / Holiday Greetings (Creole)

Merry Christmas → Jwaye Nowèl (sometimes: Jwaye Nwèl)
Happy New year → Bòn ane (sometimes: Bònn ane)

Merry Christmas and Happy New Year
Jwaye Nowèl e Bòn ane

I wish you peace, health and prosperity.
Mwen swete w lapè, sante, e pwosperite.

Thank you.  Merry Christmas and Happy New Year to you too.
Mèsi.  Jwaye Nowèl e Bòn ane a ou menm tou.

I wish you all a Merry Christmas and a Happy New Year
Mwen swete nou tout yon Jwaye Nwèl e Bòn ane.

Wishing you a beautiful holiday season and a new year of peace and happiness.
Mwen swete w yon bèl sezon fèt ak yon nouvèl ane plen ak lapè e lajwa.


May the love of Christmas fill your hearts and your homes.
Se pou lanmou Nwèl la plen kè w ak kay ou. (To: singular person)
Se pou lanmou Nwèl la plen kè nou ak kay nou. (To: Plural people)

Wishing you peace, joy and love
M'ap swete w lapè, lajwa, ak lanmou.

Pase Bon Sezon Fèt!
Have a Happy Holiday!

May all the joys of the season be yours!
Mwen swete w tout lajwa sezon fèt la pote.

Holiday season
Sezon fèt

Happy Holidays
Pase yon bon sezon fèt. (literally: Have a good holiday season)

Christmas time
tan Nowèl
or
sezon Nowèl

Christmas Holiday
Fèt Nowèl

Christmas Day
Jou Nowèl

Christmas Eve
Lavèy Nwèl
or
Vennkat Desanm (Dec 24th)

New year's Day
Joudlan
or
Premye Janvye

New Years Eve
Lavèy joudlan
or
Tranteyen Desanm

Christmas party
Fèt Nowèl

Christmas card
kat Nowèl

Chritsmas gift
kado Nwèl

Christmas decorations
Dekorasyon Nowèl

To hang Chritsmas decorations
instale dekorasyon Nwèl

Christmas carols
chante Nowèl

Celebrate Christmas
Fete Nwèl.
or
Selebre Nwèl.

We won't celebrate Christmas this year.
Nou p'ap fete Nwèl ane sa.

Do you celebrate Christmas?
Eske ou selebre Nwèl?

Toys → Jwèt
angels → zanj
Santa → Tonton Nwèl or Tonton Nowèl
star → zetwal
candle → bouji
wreath → kouròn
gifts / presents → kado
bell → klòch
Nativity → nativite
crib (baby jesus in manger) → krèch
shepherds → bèje, gadò mouton
donkey → bourik
Bethleem → Bètleyèm
Jesus, Mary and Joseph → Jezi, Mari, ak Jozèf
A nativity play → yon pyès Nwèl
The three wise men → twa maj yo