Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Zabèlbòk (written part)


 

Salitasyon:  Mesyedam lasosyete, n’ap kontinye seri Choses et Gens Entendus, C’est à dire Moun ke’m wè e bagay mwen tande.

Jodi a se Mèt Zabèlbòk Bèrachat.

(The story begins here:)

Lè manman’l mennen’l nan ti chanmòt dèyè lise a, li t’ap prale gen twa mwa. 
Manman an t’ap pral chache lavi pi lwen.  Li mennen’l al remèt marenn li.  Se pi gwo kado li te ka bay madanm sa a, paske li pa’t gen pitit.  Men, ti gason an te rechinya.  Li te yon jan petevi.  Li t’ap bay yon ti kriye yenyen …tout tan.  Vwazinaj di, “Se gaz, ba’l ti te majolèn, pote’l sou zepòl!”. 

Men, marenn nan yon jan gen yon ti tèt chaje, paske li wè kriye yenyen an tankou yon ti lapli yenyen…  ap kontinye. 
Yon jou gwo midi,  gen yon madanm ki te rete pi ba yo, …yon fanm nan Nò.  Li parèt sou yo, avèk mouchwa tout koulè nan bra li, mouchwa tout koulè mare tèt li.  L’ap chante, li di li se chwal Frè Tijan.  Tout moun yo di “ fanm nan gen yon zanj!”. 
Li mande yon boutèy diven wouj …pou’l fè on tretman pou ti gason an.  Yo ba’l sa imedyatman.  Li benyen ti gason an.  L’antre nan lakou a, li pran enpe fèy… ti Ponm Malkadi.  Li prezante ti gason an kat (4) fasad .  Li di, li chanje non de batèm li, li rele’l Zabèlbòk Bèrachat.  E se malè’l si’l chanje non sa jous l’antre nan latonm.  Lè’l fini, li di se yon Makanda ki t'ap miyonen’l pou’l manje’l.  Kounye a, li remèt li pou tout sa’k ta vle fè yon radiyès avèk li, pou l koke nan gòj yo.

Reyèlman, kriye yenyen an fini.  E marenn nan ap gade’l ap grandi jous li lè pou’l voye’l nan yon ti lekòl kay Madmwazèl Ursule, pa twò lwen yo. 

Men, depi l piti, l’ap bay traka.  Nan ti lekòl la, l’ap chire silabè, l’ape goumen ak lòt timoun, l’ap kraze adwaz. 
Marenn nan vin konprann ke beny nan te yon ti jan twò fò pou li.  Se dòz la… fanm nan te ba li a ki lakòz tout koze sa yo.
Lè l’ale lekòl lise tou, se menm bagay.  Li vole sou ban, fopwen nan men li l’ap kase batay.  Tanzantan y’ap voye rele marenn nan pou vin met milye.

Yon jou direktè Lise a rele li pou rale zòrèy li…  Li vole nan kòlèt mouche a.  Yo di li, “Rete lakay ou.  Pa tounen ankò isit!” 
Marenn nan di, “Pito sa pase malgre sa.”  Li pa bezwen li byenelve.  Li pa bezwen li konn li byen, epi pou l’al rekonèt li anba tè.  Kite li ak afè l, jan l ye a.  Li pran yon moun pou ba l leson: direktè Sovè.  Li ta twoke kòn ak mèt la wi.  Men, se sou je marenn nan li ye.  Li oblije mete yon ti dlo nan diven li. 
Yo ba li leson jous pou li desann nan egzamen retorik.  

Marenn nan kontan!  Li wè l’ap desann nan egzamen. 
Men, lè li rive, li bòde goumen ak yon siveyan.  Yo fè yon jandam pran men li, mennen l tounen.  Jandam nan di marenn nan, “Lè w gen de pongongon konsa, ou pa voye sa sou moun.  Ou mare l nan pye kabann ou.”  Si kout je te ka tchwe moun, jandam sa ta tonbe tou long.  Marenn nan ba l yon bèl tchwipe tou.
  Zabèlbòk la nan men li, dwèt li se pa li, li pa ka koupe l jete.  Men marenn nan te genyen yon misye pèsonaj.  Yon zanmi ki te konn vin wè l twa (3) fwa pa semèn.  E twouve mesye sa a se te frè direktè L’école de Droit.  Li chita, li pale pwoblèm Zabèlbòk la… yon bagay difisil…  Zabèlbòk pa gen papye, men yo ranje sa, yo fè yon kont mal taye.  Se pa premye glas ki kase nan gouvènman. 

Zabèlbòk pase pa lakou, li pase pa jaden;  men, l'antre L’école de Droit. 

Marenn li te toujou di li, “ Lemonn pa bezwen konnen sa ou fè pou reyisi.  Li pa bezwen konnen tou poukisa ou pa reyisi.  Men se laviktwa li konnen.   Degaje w pou w pote bon nouvèl.”  Koze sa a te antre fon nan toulede zòrèy Zabèlbòk.  Nan L’Ecole de Droit a, li mete l yon jan pou li sèvi.  Li louvri je li.  Li degaje li.  Li pase nan pil, men li resi sòti ak diplòm avoka a.

Marenn nan kontan!  Li  gen yon grenn avoka nan men li.  Tèlman li kontan, li debarase ti pyès devan an nan chanmòt la pou mèt la fè kabinè avoka l. 

Lè w parèt devan pòt la, mèt Zabèlbòk te mèt pa la, ou wè ak ki moun ou annafè.  Ou voye je w andedan an, ou wè yon tab ki gen de (2) pye k’ap tranble, yon lòt kap mete ajenou, lòt la menm preske fin soti.  Tab sa a chaje ak papye tout koulè.  Se la mèt la genyen gwo ankriye lank vyolèt li pou l fè papye tenbre.  Se la tou pou li resevwa yon ti sipe lè yo pote’l pou li.  Li te  gen yon fi yo te rele Vyèj kap travay avèk li.  Men li te toujou nan kont ak Vyèj paske mèt Zabèlbok te renmen resevwa lajan men se pa yon bagay li te renmen met deyò.  Pou ou pran yon goud nan men Zabelbòk, se pou ou te ba li yon medsin lwil lavèy epi pou w mare yon bouldozè nan ren li pou rale goud sa. 

Lè’w gade ankò andedan an, ou wè nan bò pòt la, a goch lè w’ap antre,… yon pil jounal… pèk mèl!   Adwat, yon chèz ki paka kanpe pou kont li, ki apiye nan miray la.   Li genyen valiz mèt la chaje ak papye…  yon tòj, ki kòmanse pike, kwoke nan mi a.  Se sèl bagay ki nan mi pyès la.  Yon tòj marenn li t’achte pou li.
Mèt Zabèlbòk nan katye a, li achte bagay moun kredi. Li pran biswit a manba, sigarèt kredi, chany netwaye soulye li, li pa peye. 
Men yo te kase fèy kouvri sa tou. Paske yo te bezwen li.  Lè yo te nan eskandal piblik se li k’al wete yo.  Se pousa lè’l chita devan galeri li, chapo’l voye dèyè tèt li, l’ap li jounal li, li wè yon fanm a pase,  bouch fanm nan tankou yon ponya.   Li move… Zabelbòk dwe li.  Men, fò’l di mèt la bonjou, 
Fanm: “Bonjou mèt!”
Mèt Zabèbòk: “Oh Comment tu vas voisine?  Ca va?” 
Fanm: “Mè wi...” 

Se konsa.

Mèt Zabèlbòk te gen yon  ti kostim kannèl… ki te sou li tout tan.  Ou gen enpresyon li te dòmi avèk li.  Dèyè idamant lan an se te betiz.  Ou konn tande soulye konn fè moun mal?  Lè ou gade kanson an sou Zabèlbòk, ou wè se yon bagay ki fè’l mal. Tèlman li jis tankou wè kanson matlo ki lase pa dèyè.  Mèt Zabèlbòk nan yon aktivite… li toujou  gen yon mouchwa nan kou li pou ranmase swè.  …L’ap ale vini.  Zabèlbòk te okipe malere oto frape.  Donk, li toujou nan yon vatevyen,... lopital, jij de pè, kay doktè, nan kabinè’l la. L’ape degaje li.

Premye jou m kontre ak mèt zabèlbòk, mwen menm, se kay yon zanmi m.  Depi m tande l pale, depi m gade bagèt kepi li, mwen wè se yon nonm vif, entelijan, ki  gen yon vitès sou li.  M wè se yon nonm, tou, k'ap voye chen sou chat, kòn sou zago, fatra sou pousyè, k’ap bote dlo nan panye pèse, pou l bat a lavi a.

Lè sa a, m te rete dèyè do Dessalines, pa twò lwen Chemin Des Dalles, nan yon pansyon fanmi.  Anfas kote m te ye a, te gen yon  madanm ki te rete nan yon kay valab avèk pitit fi li.
Se te yon bòn vwazin. Nou toujou fè ti koze.  Pwoblèm madanm sa a, se te pwoblèm ti fi a.  Sèke, sa'k rive, li wè trantan ap rive sou ti fi a nan dyèt, epi li poko wè kote yon nòs ap soti. Malgre tout Nevènn ti jezi de bra chak vennsenk (25) di mwa, tout priyè ki voye fèt nan peyi etranje, rekalsitran yo pako deside yo.

Alò lè l’ap koze avèk mwen,  li di, li ta renmen kite ti fi a nan men yon bon moun.  Se manman li ye.  Mwen di, “Enben lamè, twò prese pa fè jou louvri.  Gendelè yon moun mize se pou l pot pi bon nouvèl.  E sa'k sere pou ou, non sèlman lavalas pa pote l ale, men li konn pran li epi li vin depoze l nan kwen kay ou.  Ou pa bezwen bat kò w; paske mache chache pa dòmi san soupe, se vre, men li konn kontre ak de manje ki gonfle l tou.  Alò, se pou ou tann sa k’ap vini an.

PAUSE…………………………….. 

De (2) twa (3) semèn apre. Li rele mwen epi l’ap di m, apa de kay kote li rete a, li gen de (2) lòt ti kay, revni fanmi an.  Men, gen yon lokatè k’ap ba l traka. Yo rekòmande’l yon mèt avoka yo rele Mèt Zabèlbòk Bèrachat, si m konnen li?  Mwen di l, enben si se misye sa a k’ap okipe afè ou, afè w sanlè regle sou de (2) chèz.  Paske misye sa, li pa an chemise de nuit, se pa yon moun k’ap dòmi.  L’ap pral konfonn vitès ak presipitasyon pou l ba w sa fen tankou yon jilèt Chandra.

Reyèlman kèk tan apre, li rele’m li di mwen,  “vwazen, ou konnen se bon pawòl ou te di mwen.  Ou konnen ke… afè m sot nan tribinal wi.  Yo pral degèpi move lokatè a.”
Mwen di l,  “Ah! Ou wè vwazin!”
Li di’m,  “Men, vwazen, ou konnen nou konn fè ti koze.  Gen yon diplis wi.”  M di “Anhan, sa li ye?”
Li di m, “Enben, mèt avoka a, ou konnen li gen je sou Mina.”

Mina se ti fi l la.

M di l,  “Vwazin, sa w di?”
Vwazin: “Se len nan lòt.  Se youn apre lòt.  Tout bagay vin ansanm.”
M di’l,  “Men, sere koze w pou l pa vante.  Pa lonje dwèt ou sou joumou an pou l pa koule.  Gade wè kijan tout bagay ap mache.”
Avan, mwen wè Zabèbòk la, k’ap vini lakay yo. Y’ap envite l manje. Li pot papye bay yo siyen… yon antre sòti… avan twa (3) mwa m resevwa envitasyon maryaj.
                
Mwen te nan nòs…Gran klòch Sacre-Coeur… Ah yayay!   Zabèlbòk abiye tankou wa Meme.  Mina chaje ak fidonè… Ah bèl nòs! 
Y’al fè lindemyèl. 

Men, manman an te pale Zabèlbòk.  Kòm li  gen yon kay ki gen senk chanm a kouche, li ta renmen pou l abite ak pitit li.  Se yon bagay Zabèlbòk t’ap chache anlè, li jwenn li atè.  Zabèlbòk, ou konnen s’on moun entelijan.  Li gade.  Li wè moun yo la.  Li wè kay la.  Li di l’ap pran desizyon li pou l siyen demisyon li ak lamizè.
Sa yo di Zabèlbòk la.  Li plonje dèyè Lycée.  Marenn li pa’t la ankò.  L’al pran de (2) moso bagay li te genyen.  Epi li monte vin rete dèyè do Lanperè.  L’a pral yaya kò li dèyè do Dessalines.

Mwen menm, m anfas la.  M’ap gade sa.  M tankou yon nonm ki achte yon kat pilouz pou yon match entènasyonal, sèlman, jwè yo poko rive.  L’ap tann jwè yo.  Mwen menm, m’ap tann Zabèlbòk.
M anfas la.  M’ap gade.  Mwen wè Zabèlbòk ap pronmennen nan jaden, pase men nan ren madanm li, bouch yo ansanm, y’ap manje yon siwèl a de (2).  Sa pa ka bèl pase sa.

Men, m konnen kòmansman toujou bèl.  M’ap swiv.  M wè lè Zabèlbòk fin manje le midi, yo mete yon kad anba yon gwo pye bwa nan lakou a la, yon ti tab kot kad la, vè dlo li, ak pòch sigarèt li.  Madanm li kanpe kot kad la avèk yon evantay latanyen pou l pouse moustik.  Zabèl an robe de chambre wouj, bèl pijama, bèl pantouf.  Dwèt li foure nan yon liv doré sur tranche.  Se li ki vin eritye bibliyotèk papa ti fi a.  L’ap li Les Opinions de Jerome Coignard par Anatole France.  Bagay ki pou fè l dòmi pi vit.

Sa’k rive, Zabèl fini avèk afè de mayi moulen blan le maten pou lage yon piman bouk ladan li, mayi moulen a pwa le midi, labouyi farin mayi leswa.  Manje sa yo, lè ou fin manje yo, se pou ou al nan travay.  Zabèlbòk vin antre nan Homard Termidor, Timbale de Poissons, Quiche Lorraine.  Se manje moun a soulye.  Lè ou fin manje bagay sa yo, ou gen yon danballah kò likid ki antre sou ou e ki mande fè syès.
Alò, mwen la, m'ap gade.  Mwen wè si’m bezwen konnen lè nan apremidi, se lè Zabèlbòk ap leve nan syès li. 
Mwen tande bèlmè li k’ap di fi k’ap travay avèk yo a: “Lali, men ou ta moulen krèm nan pou moun nan machè!  O!  men grenadin nan la, sèl la, sik la, lèt la, soptyè a devan ou.  Se mechanste!  Piske ou fin ba l abitid. “
Zabèl leve.  L’ap bwè yon gran vè krèm ki  gen yon boutèy kola ladan li ak kiyè long.  Li limen sigarèt li epi l’ap souke kò li pou l al pran douch li. 

Paske Zabèl fini avèk afè de benyen nan yon ganmèl ki kore a kat (4) brik. Pou w’ap pran yon kwi voye dlo sou ou.  Li fini ak koze sa.
Li pral pran douch li. 
Madanm li enstale sou kabann nan, kalson, chemizèt, chemiz nannan kokoye.  Sa byen blan!  Chosèt blanch li sou soulye blan li, mouchwa li pafimen ak Jean Marie Farina.  L’ap pral rantre nan kostim dri linyon blan li.
Men ou  gen enpresyon, se nan yon pouli (pulley) yo lage’l sot nan plafon an pou l antre nan kostim nan.  Ou pa wè yon ti pli.
Lè l fini, li pran chapo kasav ruban noir.  L’ap pral desann sou Champ de Mars, li pral pran de l’air.
Lè l’ap pase nan baryè a pou li soti.  Li tèlman bwòdè, li tèlman solanèl, ou wè se yon kò mizik li manke pou akonpanye l.  Li desann, li pase pa Tifour, li rive Champ de Mars, li pase bò Fontèn nan li desann bò Paramount, li remonte bò Kiosk la, l’al bò kote Pè Golard te ye a, bò Tribune.  L’ap pran de l’air. 
Men sa ki te enterese Zabèlbòk vre sou Champs de Mars la, se te de medam avèk posteryè redondan.  Zabèlbòk ap gade yo.  Alò si l jwenn youn vre, li pèdi nan kanpay li serye.  Li ba l yon ti psst, men yon psst moun de byen: Pssst!  Se pou moun pa wè li.  Alò gen de lè tou li pran pa l nan men yo tou. 
Moun ki konn vire, yo di li:
 “O O Ki moun mesye sa ap rele psst la?  Ala frekan!  O O Alò gade l non!  W’al foure bouch ou nan yon nich fomi.  O O! tout an blan!  Soulye blan… Ou pa ta di yon sigarèt.  Genlè li konprann gen kèk piyay y’ap bay sou Champs de Mars la, l’ap vin pran pa li.  Gade ale li non!  Mwen chache w, mwen pa wè w!  O O!  Sa cho pase leve danse.  Ou tande bèf, ale wè kòn!” 

Zabèlbòk mete tèt li fiks.  Si’l kontre yon moun li te konnen dèyè Lise, Ay! Li pa gade menm.  Paske li divòse ak koze sa. 
Si li rankontre youn nan medam yo ki reponn a lapèl, li kase yon randevou. 
Vè senkè edmi, Zabèlbòk reprann wout li.   L’ap pase Tifour ankò.  Tèt li sou kote.  Chapo kasav la nan men li.   Ilan Ilan ap souflete nan lari a.
L’ap monte pi wo sou yon Chevalier de nuit k'ap akonpanye l monte.  L’ap rive bò lakay li.  Nan kafou lakay li atò, li pran yon lòt souflèt.  Se yon bouyon k’ap fèt nan kwizin moun yo. 
Yon fanm provens k’ap boule.
Zabèlbòk rantre li wè yon veritab branle bas.  Bèlmè li avèk Mina ap mete kouvè, nap bwode, kouto, sèvyèt bwode,  gran soupyè.  Se ansyèn mezon.  Yo vini.  Zabèlbòk atable li. Epi y’ap sèvi li yon bouyon sirik ki gen yon zo janbon kòm nanm… ti malanga, bon donbrèy, bon ti bannann ladan l… yon vyann fil…

Zabèlbòk pran yon premye asyèt, li pran yon dezyèm, li kore sa avèk yon konfiti gwayav, sòs la pwès… e yon pen rale.
 
Lè l fini li bwè yon dlo glase ak glas dyaman.  Yo pouse sandriye kristal devan li, epi l’ap voye de gran nwaj.
Pandanstan sa, gen yon ti fi nan lakou a k’ap kale kann pou dijesyon mèt la. 
Vè setè, li envite madanm li, Mina, pou al fè yon pronmnad vesperal.  Y'a pral pronmenen nan katye a.   …Bay Mina yon satisfaksyon tou.  Pou moun ka wè li marye.  Epi li sòti tèt toutouni.  Li bay madanm li bra.
Si yon moun rankontre li, yo di l,

Moun: “Comment allez-vous cher maître?”
Mèt Zabèbòk: “L’ultime honneur, ma chère, vous saluer.
Yon ti gason di, “Bonswa mèt!”
Mèt Zabèbòk: “Après vous, si l’on reste seigneur et maître!”
Yon dàm pase.  Li di,  “Bonswa!”
Mèt Zabèbòk: “Bien le bonsoir cher madame!”

Se konsa Zabèbòk salye moun.

Men, Zabèlbòk fin pwomennen li rantre.
Men, te gen yon pwoblèm tou pou timoun ki nan kay la.
Ti fiyèl bèlmè a, ti nyès, ti neve…
Lè timoun sa yo la, Zabèlbòk la tou, timoun yo pa ka di yon mo Kreyòl.
Se pou yo degaje yo chache kot Franse yo ye.
Se pou sa mwen anfas la, m’ap tande.  Se premye fwa mwen tande timoun ap chante zonbi mann mannan an Franse.

Fantôme de Blan Mannan
Tenez petit poulet o lala
Petit poulet sover ola la
Le poulet santi doux o lala

Lè yo rive sou ti pye lorye a atò,  m tande,
Un pitit pied laurier ki est chargé de fleur
Un petit vent passe la tue.
Il brise toutes les fleurs.
A ma coliko abrico

Podyab timoun yo!  Yo pa ka di donbrèy nan pwa sa dous.  Yo oblije di,

Cervelle au beurre noir c’est bon!
Cervelle au beurre noir c’est bon!

Zabèlbòk ki mete timoun yo nan tout koze sa yo.

PAUSE………………………

Lè’l rantre sot nan promnad, se rantre nan kabann, manje kann nan balkon. 
Demen maten li leve.  L’ape promennen andedan an,  an pijama.  Li pran kafe li, enpe fwi, epi li mete mizik nan fonograf.  L’ap jwe le Concerto de Gregue.  Li di moun yo se pou ijyèn mantal. 
Apre sa, li atable’l pou dejene. Li dekoupe kòpyèz.

Chak jou se konsa.

Bèlmè a menm ap gade koze sa a.  Sèke, l’ap janbe twa (3) mwa.  Li wè afè de lindemyèl la, zabèlbòk gen lè dekrete yon pèmanans.
Li pa wè okenn imaj travay.
E li pa wè misye ap souke kò l tou.
Li tankou yon moun k’ap mande travay.   Ak yon bouji nan men dwat, l’ap mande pou’l jwenn travay la.  Nan men goch, li gen yon lòt bouji, l’ap mande yon lòt sen pou li pa jwenn travay. 
Sèke, se pa yon eleman pwodiktif ditou.  Mesye a pa pwodwi anyen.  Se konsonmen sèlman l’ap konsonmen.
Madanm nan li menm, bèlmè a, se moun ki kwoke dyakout li kote bra li ka rive   Se de (2) kay yo li genyen la.  Se sa ki pou fè l viv ak pitit li.  E boutik koumanse ap voye mande l lajan lèt evapore, lajan sik.

Ah! L’antre nan yon gwo refleksyon.
Lap mande eske li ka kontinye avèk protokòl Duc de Tonquel l’al achte byen chè a.

Madanm nan wè li pa si antrave tankou l kwoke.
Li leve yon jou maten.  Li koule yon kafe.  Epi li desann.  L’al wè kot lari fè kwen.  Li rive katedral, l’al remèt Notre Dame koze a.  Lapenn yon fanm se pou tout.  Lè’l fini li fè yon kout pye, l’al wè yon komèsan ki te byen a mari li.
Lè l rive, l’ap di li ke Mina marye. Mesye a te nan nòs la tou.  Mesye a ap mande’l nouvèl li.
Madanm nan di, “Wi, Mina marye. Mari a la avèk mwen. Mwen byen kontan, men alò, chak jou w’ap leve pou wè yon moun ki pa nan travay.”
Mesye a di, “Enben se konsa wi.  Pitit la se yon pè gal li te manke pou l grate.  Men, fò yo fè bagay sa.  Men lè yo pran yon chay met sou tèt yo.  Chay la sot tonbe.  Se pa sou zepòl pa yo non li tonbe, se sou zepòl pa nou…  Machè sa pou nou fè?   Se pou m fè yon bagay pou ou la… Ba ou yon kout men… O non de vye zanmi mwen, mari ou...  M pa ka kite w ak ladoba sa.  Se pa ke mwen bezwen moun non.  Men, fò m fè yon bagay pou ou machè….  Men, sa misye a konn fè?”

Manman an di,  “Wi, se yon mèt.”

Mesye a di,  “Ki afè mèt sa?  Ah! ou gen mèt-dam… mèt-chantè…. …..antouka, voye l ban mwen.  Men…m gen yon yon biwo la, ma wè sa l ka fè.”

Manman an monte vre.  Lè Zabèlbòk fin manje a midi, li di,
Manman: “Zabèl, m gen yon sipriz pou ou wi!”
Mèt Zabèbòk:“Ah wi, lamère qu’est-ce que c’est?”
Manman: “Monchè, jodi a m’al katedral.  M’al koze avèk Notre Dame… Ou konnen…    Lè m fini,   m mache… yaya kò mwen.  Epi monchè, yon lide di mwen antre nan kay yon komèsan ki te zanmi mari m.  Li te nan nòs ou wi.  L’admire ou anpil.  Lè m rive, l’ap mande nouvèl Mina.  Mwen di  Ah! Mina ap fè bèl jèn marye.  L’ap mande m si Mina poko fè bèl maladi.  Mwen di, “ Ah non”.  Epi nan koze, l’ap mande pou ou.  M di li ou trè byen, men gason p’ap travay, kè pa kontan.  Li p’ap di ou sa.  Li di m O Machè fò’m fè’w repwoch la.   M pa ta ka gen gwo komès sa pou jan mwen te byen ak mari ou,  pou bofis twouve li p’ap travay… O!  Gade m gen yon biwo la, mwen bezwen yon moun pou met dèyè l… yon moun de konfyans.  Jan nonm nan se yon nonm aktif, yon nonm entelijan,  ankouraje l non.  Voye l ban mwen, pou l vin la non.  Ou wè sa, ou fèt sou bèl zetwal papa.  Zabèl, men sipriz sa m te gen pou ou.  Ou fèt a kwaf wi.”
Mèt Zabèbòk:“Ah oui Je vois.  Mais moi aussi j’ai une surprise pour vous”
Manman: “Wi, sa li te ye?
Mèt Zabèbòk:“Enben, voila, m kwè fò ou wè yon doktè serye wi.”
Manman: “Poukisa?”
Mèt Zabèbòk:“Paske ou gen yon wou nan machin ou ki pa mache.  Kouman ou vle sa?  Pou ou desann lavil pou w’al chache plas pou mwen nan yon komès?  Mèt Zabèlbòk Berachat travailler dans le commerce?  Je suis avocat, j’suis licensié en droit.  De plus, Je suis un homme politique.  J’ai mes fanatics.  Je ne peux pas faire pareille chose à la faculté, à mes condisciples, mes confrères.  Que dira le batonnier de l’ordre des avocats?  Que dira la cours de cassation? Je ne peus pas profané le temple de Themis.  Mes confrères ne doivent même pas  être au courant de ces démarches.  Mais, c’est pas possible!  Deplus, Je suis un homme politique, le chef de l’état ne m’a pas encore appelé.  Mais je ne peux pas forcer la mains de ces gens.  Mais l’appel viendra inevitablement.  Ils ne pourront plus continuer à gouverner sans mes conseils, sans mes suggestions, sans mes connaissances.  Se pa posib sa.  La mère, m’ap di ou yon bagay,  gen yon etid sou avoka, fò m li sa pou ou wi.  De plus, lè w gen yon dyaman nan men w, la mère,  se pa sèlman pou konnen ke ou gen yon dyaman non,  men fò w konn valè dyaman an.  Fò w konn kalite dyaman an.  M’ap di ou yon bagay, kounye a nenpòt lè ou bezwen m ou ka wè mwen.  Men, à un moman de la durée, pou ou wè mwen, menm ou menm, se gwo demach w’ap gen pou fè wi.”
Manman: “Se gwo afè papa.  O! m pat konnen.”
Mèt Zabèbòk:“Oh non se sa.  Il fallait me consulter.  Et ne pas donner des coup d’épée dan l’eau.  C’est pa possible ah oh non!”
Manman: “Enben, eskize mwen.  M pat konnen.”

Jou manman an tande sa, li gen yon sèk tèt ki kenbe l, li pa dòmi tout lannuit.  Demen maten li leve bonè.  Li koule yon kafe, fwa sa, avèk pwa pyant epi vèvenn.  Li soti ak yon boutèy dlo anba bra li.  L’al dirèk nan simityè sou tonm defen mari li.  Li rive, li bale, li wouze, li fè yon propte, li chita nan bout kavo a, li limen yon ti balèn dis.  Li di mari a, “Ou pa ka vin lonje kò’w la non konsa.  Ou wè ah!  Nou pran nan twa (3) rwa.  Ou wè nan kisa nou ye.  Se byen nou t’ap chache, n’al frape sou resif sa a.  Pou jan ou te renmen Mina, fò w vin fè yon bagay pou nou monchè.” 

Soti li soti devan kavo a,  l’ale.   Li bay yon libera devan chapèl la, devan gran kwa a, devan tonb inivèsèl… l’ap rele tout invizib.  Paske l nan ka.

Bon! Li fè yon lide la a.  Li desann Kwabosal.  Li pral wè yon sè li kot papa: Manmzèl Sandrine… 
Sa se yon fanm ki kanpe sou de (2) pye militè li.  Lè sa ap pase bò kote w, chenn ni pandye, zanno kreyòl li ap danse, mouchwa l an bandisyon mare sou tèt li.  Lestomak li, w'a di de (2) pipirit k’a pral pran vòl.  Anba ti vant li ap danse. Si on gason ou pa vire gade li, Ah! ou  gen yon bagay ki pa mache tou.  Se pou w’al wè yon doktè serye. 
Manmzèl Sandrine  gen yon sipèb boutik Kwabosal.  Afè’l ap mache.  Lè manman Mina rive, li wè Sandrine chita avèk plizyè lòt gran jipon.  Se medam lè y’ap salanbe yon moun, yo manyè monte wòb yo pou ka wè band bwode k’ap pèdi lavi yo anba yon jipon.
Li parèt. Li di “O!”
Sandrine di,  “O sè mwen!  O O! Kijan figi ou parèt kagou konsa?  Ou sanble yon moun ki sot anba yon gwo lafyèv.  Vini non!”
Manman: “Non se pa lafyèv non m genyen.”
Sandrine: “Sa’w genyen!?”
Alò, li yon jan ap vire gade moun ki te la.  Sandrine di,
Sandrine: “Ah non! ou mèt pale.  Moun sa yo se lestomak mwen… machè ou mèt pale.  Se moun mwen.  Yo konnen se sè ou mwen ye…  Sa li ye?  Ban mwen non!”
Manman: “Enben se yon bagay mwen te vin rakonte w.”
Sandrine: “Ban mwen!”
Manman: “Mwen te vin di ou kalvè n’ap monte anwo lakay avèk jenonm ki mari Mina a.”
Sandrine: “Sa li ye!?   He Hey!   Men mwen.    Se pa Zabèlbòk?    He Hey!   Ah… ou konnen m sezi.  Zabèlbòk k’ap fè nou monte kalvè jous ou blije desann vin kote mwen.  Ah… Ban m moso!  O O!”

Li rakonte Sandrine Zabèlbòk mande anraje. Li pa vle manje ze ak janbon de (2) jou swivi.  Y’achte yon boutèy pafen pou li, li manke kraze l.   Li di se pa pafen konsa l' mete.  Li fè kòlè pou kalson y’al achete.   Se pa kalson awo.

Sandrine: “O O!  Bon sè mwen, ou pa konn sa m’ap mande ou?   Eske se yon zen ou vin ban mwen, oubyen se mande ou vin mande pou’m al ede nou wete chen anraje sa nan mitan nou anwo a?”

Manman: “Enben machè, ou konnen, depi ou wè m desann vin kote w, se lamen fòt.

PAUSE…………………….

Sandrine:  “Bon, rele sa ou ban m kat blanch . Ou pa bezwen fatige kò w.  Pran sa w bezwen nan boutik la la a.  Pran yon liy ale lakay ou.  Mwen menm, mwen pral moute pou m’al kòlte ak Zabèlbòk.  Paske, nou menm, nou pa konn Zabèlbòk non.   Haha… Zabelbòk mèt chita tann mwen…  Koulye a se f-i fi, n-i ni.   Ou pa bezwen fatige kò w.”

Madanm nan monte vrèman.  Lè’l rive,  li bay Mina nouvèl la.
Zabèlbòk, li menm, soti al pran de l’air nan apremidi.
Manmzèl Sandrine, li menm, l’abiye’l avèk tout jobolobosou li.
L’abiye tankou kongo belizè.
Li chaje avèk braslè k’ap voye etensèl. Dwèt li chaje ak bag...  yon fanm kanpe.   Li pran liy li, li monte. 
Lè’l rive, sè a pa’t la.  Nyès li, Mina, resevwa li,  mete’l chita bò tab a manje a, mete vè ji’l kote li… pòch sigarèt li,   l’ape tann Zabèlbòk k’ap pran de l’air sou Champ de Mars.
Lè Zabèlbòk tounen, l’ap vini byen bwodè epi l’al frape sou zo grann li.  Janbe  l janbe pòt la, se sou manmzèl Sandrine li frape. 

Mèt Zabèbòk:: “Quelle Surprise!  Ou bò isit?”.
Sandrine: “M te vin wè moun yo.”
Mèt Zabèbòk: “Ah oui?”
Sandrine: “Bonswa Zabèl.”.
Mèt Zabèbòk: “Alèkile, se konsa ou rele mwen.  Ou pa rele m Mèt ankò?”
Sandrine: “Dekilakyèl de mèt m te ye avèk ou a?  Oh! Ou marye ak nyès mwen.  Ou ta  gen yon endispozisyon la, m’ap fwote w, se Mèt pou m ta rele w ou tou? 
Pran san w non, Zabèl…. O! sa ou te gentan gen la? …Zabèlbok?”
Mèt Zabèbòk: “Wi?”
Sandrine: “Koute non, se kote w, wi, mwen vini.”
Mèt Zabèbòk:“Hmm, ou te bezwen mwen regle yon bagay pou ou?”
Sandrine: “Ha Ha! depi ou gade mwen, ou wè m se yon kochon ki gen kont grès pou kwit tèt mwen.  Kalite mèt avoka moun debyen ki gen nen nan figi yo m konnen, m ta gen yon  bagay pou’m regle, epi se ou m ta vin pote l bay regle?
Mèt Zabèbòk: “O! ou genlè ou rive tou pare?”
Sandrine: “M pa konn si w konn sa.  Ah! mwen rive tou limen menm!   Paske se ou, wi, ki mennen bò isi a.  Ah!  M vin mande w kòman w fè l Zabèlbòk?”
Mèt Zabèbòk: “Sa sa vle di: kòman m fè l?”
Sandrine: “Fò m vin mande w kòman ou fè l, Zabelbòk.   Madanm nan marye w ak pitit li.  Li louvri de bra pou l pran w.    Ou rele sa, ou se yon FEF… Fèt e founi!  Ou vin antre nan kay moun yo la.  Madanm nan te konprann se te yon pwotektè yo ta pral genyen.  Se yon konkou yo t'ap genyen… O O!  Sa li ye ki parèt sou yo?  Se yon Kong nan maza, yon towo gwonde, yon Matador Sipèb.   O O!
Ou parèt sou yo avèk yon papa toudenkou, yon lwa brize ki pran ou,… ki pa vle ale.  M di kite m monte avek enpe siwo si pou’m wè si m’a vin desann lwa sa a.
Paske…. moun yo pa konnen w Zabèlbòk.   Yo pa konnen w...  Mwen menm, m konnen w. … Ou konnen m tou. 

Mwen ak ou se kabrit tomazo
Menm plim menm plimay. 
Pase pran m, m’a pase rele’w
Alò, mwen m vin koresponn avèk ou. 

M pa ka konprann.   De (2) malerèz pezib konsa... moun yo lakay yo.    Pou w soti, ou bezwen estwopye yo. O! Hey!!!
Ah, se pa vre sa. 
Sa pa gen dwa fèt. 
Fò mwen menm, Alexandrine, fiks pou lavi, rès pou tè, pa ta la pou ta pèmèt ou fè moun yo de bagay konsa a. Oh non!  Ah non!  Zabèlbòk. 
Dabò Mwen tande se nan kabann sèlman ou vle rete.  Tanzantan se rale pitit la nan kabannn.   …Sa ou konn fè a.  …Sa w ou vle fè a,   Ah!  ou pa ka mete’l sou kat vizit ou.
Ala yon nòs ki vin pou moun yo papa!
Ala yon rigwaz moun yo al achte, lè y’al chache bag sa! O O!
M pa konn sa’k genyen, bagay sa ap kouri nan tout lari a. O!
Pa w la, gen lè se an dyaman li fèt, pou moun oblije ap peye l chè konsa. 
O O! Non! Zabèlbòk, li pa bon. 

Atò, men sa m vin di’w.  ...Mwen vin pale w. 
Mwen p’ap vin nan chire pit ak ou non! 
M pa vin nan fè lanmou benè ak ou.

M vin di’w aswè a, m’ap domi isi a, kay moun yo,  paske yo nan ka.  Men, m p’ap dòmi ak ou. 
Alò monchè, degaje w.  Bay dèyè w de (2) tap.   Pran de (2) moso bagay ou genyen anwo a.  Eskize se lizay.  Vire do w pou bay moun yo kay yo.
Paske m pa ta bezwen pou m soti nan lari a deyò a pou m al eksplike m ak ou.
Paske sa’m ta ka degrennen ba ou.  E se bagay ou konnen.  Pantalon’w ta tonbe sou ou… san ou pa deboukle sentiwon w.

Mèt Zabèbòk: “Mai alors, je ne comprends rien la.  Je voudrais enfin demandé a Mina.  Comment, vous êtes d’accord avek ces pedoirives?  Vous avez donnez mandat à madame votre tante?”
Mina:  “Ah! Moi je ne sais pas.  Je suis entièrement d’accord avec ma tante.  Tu ne veuz rien faire.  Tu veux tout le temps rester dans le lit.  Manman a trouvé un travaille pour toi,  tu as dis je suis avocat, je suis un homme politique….”
Sandrine: “Men yon lòt bagay ankò Zabèlbòk.  Se mechanste! 
Ou konnen mo politik sa mennen twòp moun twò lwen, monchè. 
Se pa isi a pou ap  vin di bagay sa a. 
Si se sou ou yo t'ap vin dappiyanp, zafè ou! 
Men y’ap vin pran malerèz yo, pou y’al di,   “Ki koulè rad ki te sou ou lè ou t’ap disa?, konbyen fwa ou te di sa?,  Kilè l te ye lè ou t’ap disa?  Poukisa yo pa vin di ke ou t’ap di sa?”
Ou konn kijan bagay la ye… W’ap mòde men k’ap ba ou manje.  Se mechanste Zabèlbòk!  Non non, li pa bon! O! 

Apa ke ou vle rete nan kabann sèlman, mwen tande ou fin anraje paske yo ba ou ze ak janbon de (2) jou swivi. 
Zabelbòk, ou t’ap manje asye, kounye a y’ap ba ou gonbo nan asyèt pòslèn, ou di gonbo a twò di.  Fò w repase w tou Zabèlbòk! Ah non! li pa bon monchè! 

M tande, se bon pou moun yo, moun yo al achte pafen pou ba ou pou fèt ou.  O!  Mwen, m konnen se Vapmenni ou te konn mete sou ou.   Si se pa’t granmesi madan Gano, ki lòdè ou ta konnen?  O!

M tande, non! m pito ri koze sa.  Ya pral achte kalson pou ou. …. Yo pote Fruit de Loom.   Lè’l vini, ou rete pou w toufe, paske se kalson awo ou mete.  Mwen, m te konn al kay marenn ou dèyè Lise Zabèlbòk.  M toujou wè w,  kalson ou fèt … kalson ti sak!… ki fèt avèk ansyen sak farin Roi du Nord!.”  Ou toujou gen yon lyon sou kwis ou.  Nan ki kalson awo ou te konn ye a? Ban m repo non Zabèlbòk!

Ou jous ap pale pou diven tou, m tande. Mwen m konnen ou nan goudrin amabi!  W’ap pran chenn sou moun poutèt diven.  Ah non!  Se bon pou yo!  Monchè, gade non…..

Mèt Zabèbòk: “Ah oui je vois, c’est une conspiration.  Je me suis trompé.”
Sandrine:  “Mè wi!  Gade gwo mo ou gen nan bouch ou:  Je m suis trompé.   Se moun yo ki twonpe.   Bon, sa ou te gentan ye konsa pou je-m’suis-trompe?  Se yon pakèt afè moun yo jwenn?    Si zandolit te bon vyann konsa, li ta va ap promennen sou tout lantouray pou nenpòt timoun gen dwa lonje men pran li? 
Li ta va al chita nan mitan Dòbawoti  tou mache anba. 

Ban m repo non zabèlbòk…

Ou konn sa’k rive moun yo? Yo sote sou ou, ou pantan sou yo, enpi ou twouve w andedan kay yo mèt e Senyè.  O!
Sa’k rive yo, lè moun pral achte kochon nan pon, se trè byen wi.  Men lè’w rive, fò w mande moun ki konnen pou’w pa al achte kochon vyann nan gen grenn. Men sa’k rive yo.

Yo tande Mèt Zabèlbòk, yo konprann se yon bagay serye.  Paske… yo abitye wè mèt avoka moun de byen. Yo pa konnen vakabon abiye pi rèd pase vakabon m’ap wè toulejou kwabosal yo. E nanpwen priyè non… pou chase vakabon.  Gen priyè pou chase malentespri. Vakabon, se an vakabon pou w mete w avèk li pou w boule ak li.
Atò, monche gade, twòp pale, twòp koze kremòl.   Ranje kò w pou ou bay moun yo andedan kay yo.”

PAUSE……………………….

Mèt Zabèbòk: “Ah oui je vois,  je me suis trompé.  Je ne suis pas chez moi.”
Sandrine“Gade lè ou wè ou pa lakay ou.”
E si ou te rete, de (2) ti kay moun yo genyen an , ou t'ap vann sa nan fay minit (five minutes).  Se devan katedral Mina ak manman li ta parèt, yon men devan yon men dèyè.  Si se pa yon kwi yo ta gen nan men yo ap lonje pou mande charite.  Ah non monchè… Sa pa ta gen dwa fèt tou.     …M la Hmm.”
Mèt Zabèbòk: “Ah wi, vous avez bien plede la cause.”
Sandrine: “Se pa pou di mwen plede kòz la non.  Se pou w di mwen genyen kòz la.  Ou te konprann pou moun plede kòz, fò se an Franse.  Ou pa’t konnen Kwabosal tap monte sou ou vin plede kòz li nan Kreyòl.    Paske… mwen menm pa gen kont ak okenn lang.  Kreyòl la se lang mwen, m konn pale li.  E kreyòl pale, Kreyòl konprann.     
…..Ak tout sitwon ou mete bò bouch ou a.  …M konn poukisa ou met sitwon an bò bouch ou a wi. 
W’ape met Franse sirèt la wi.  …Se pou ou ka lonje yon bwa long bay moun.  Pou’w pete moun.  Non! Mwen, menm bon madigra pa fè m pè, Zabèlbòk, se pa ti madigra masil  tankou ou ki ta fè m pè.    ….Ah non! Ranmase ou.  Sa pa gen dwa fèt.”
 Mèt Zabèbòk: “Ah bon je vois.  Mais alors je comprends, trahi par ma femme puisque Mina est d’accord.  Je vais luis demandé encore une dernière fois.  Mina, c’est un affair entendu.  Vous ête d’accord avec ma matante?”
Mina: “Ah moi je ne sais pas.  Mais je suis entièrement d’accord avec matante.  Matante a raison mezanmi.  Tu manques dega a manman tu ne veux pa travailler.  Non, non, non, je suis d’accord…”
 Sandrine“Men kijan pou l pa ta dakò a?  Gen lè ou konprann m’ap vin antre nan won san baton.  Madanm nan se sè m.  Se bon jan sè m wi li ye.  Ase betize non Zabèlbòk!”
 Mina“Antouka, moi je prendre le travaille.  Mai je ne vais pas prendre le travaille pas nourir un homme non.
Sandrine: “Pe la non pitit!  Mina, sa ou genyen nan kò ou?   Ki fanm nan ras nou ou konn wè k’ al pran travay pou nouri yon gason?   …Pou yon gason ta vini pou nou nouri li, ki kalite gason sa ta ye?    Ou pa konnen ou se yon bèl fanm?  Yo pa di w ou sanble mwen?  Pou yon gason ta tyoula matante ou Alexandrine, pou yon gason ta tyoula’w, fòk gason sa ta gen tout founiti klasik li sou li wi.  Ou wè gason la ki pou tyoula fanm?   …..Zabèlbòk, monchè, ale pran de (2) moso bagay ou yo, pou bay moun yo kay yo.  M pa janm tande zwazo sot nan bwa vin kale pijon nan kalòj li.
Degaje w papa.  Pou’m pa bezwen di sa m pa dwe di.”
 Mèt Zabèbòk: “Bon je vais prendre mes affaires.  Vous avez byen raison. Parce que le domicile du mari c’est le domicile de la femme.  Je vais louer ma maison.”
 Sandrine“Ah! afè de “ma femme’ nan,  ou pa bezwen pale de bagay konsa.   Se bagay ou wè nan liv.  Pou yon moun gen “ma femme”, fò w loje l , fò w, biye l, fò’w bal manje.  Si yon preskripsyon rive, se pou ou kouri nan fanmasi.  Ou ka fè sa?  La marine pa metye w Zabèlbòk?  ….Ale pran bagay ou yo.”

Zabelbòk monte.  L’ale.  Li pran de (2) malèt.  Li ouvri yon lamwa.  Li foure sa l te gen pou l  foure ladan li.  Li pran yon sak.  Li plen li.  Li desann, li  vin lage l devan tab la kote Sandrine chita a.

Sandrine di, “ Hmm,  sa pa pi mal.  Ou pa’t vini ak sa.  Si ou te mete w yon jan pou viv, ou ta manje grenn je moun yo.  Men, ou soti pito pou dechèpiye yo.”

 Mèt Zabèbòk: “Ah wi, bon je vois.  Je voudrais quand mème saluer la mère, pour prendre conger.”

Sandrine: “Madanm nan pa la.  L’al wè yon komè li ki fè yon endisposizyon.  Lè l’a vini, n’a di l w‘ale.  Pou nou pa ta di’l sa.     Se tèt chaje madanm nan k’ ale la a.  Se koulye a ou bezwen salye l?  Ou pase tout tan an la.   Ou pa respekte li.  …Ou pa ka respekte moun, ou pa respekte tèt ou.”

Mèt Zabèbòk: “Comment, je ne me respecte pas?”

Sandrine: “Ou pa respekte tèt ou. Ou vin chita sou kont de (2) fanm pou ba w manje, pou biye w, pou loje w… Se kijan ou respekte moun nan?  Ase betize non Zabèlbòk!   …W’ap vin di, “je vais louer ma maison.”  …Madanm nan ta pran pitit li pou l voye lakay ou al mouri grangou. 
Yo ta bat chalbarik dèyè madanm sa! Yo ta di li pa bezwen pitit la.
Gen lè ou konn wè chen ap chache zo devan pot tayè.  Se devan pòt bouche chen chache zo. 
Pran san w non zabèlbòk  …Twòp pale papa!    Koulye a se dènye rèl pou leve kò a…  dènye kout siwèl pou wete de brik nan tonm nan pou yo ka foure sèkèy la.  Nanpwen pale anpil ankò.  Pran bagay ou yo.”

Mèt Zabèbòk: “Bon alors, Mina on a eu quelques souvenirs ansanm…”

Sandrine“Ah!  Bay pitit la repo non… !   Souvni?   Yon jenn timoun tankou Mina, byen kanpe, ki gen tout nannan l sou li.  Ou ta gen souvni kabann avèk li, se jodi l vole nan kolèt ou la, li pa kite w soti.  Hey! Ou pa konn fè sa Zabèlbòk, ou pa du metye.”,

Mèt Zabèbòk: “Antouka, je nai que des félisitations a vous faire.”

Sandrine: “M pa bezwen felisitasyon'w papa! Sa m ta bezwen ou fè koulye a, w’ap vire do ou prale a.  M ta renmen a pati demen, ou kòmanse wete bout kòd sal nan kou pitit la.”

Mèt Zabèbòk:  “Qu’est ce que sa veut dire?”

Sandrine“Pou kòmanse fè divòs la!  Ah!  Se pou ou fè divòs la.  …..Sa li bezwen ankò?  Pè beni li, klòch sonnen, ofisye eta sivil wete chapo devan l, lasosyete bo l.  Li pa bezwen anyen ankò papa!  Li bezwen yon nonm pou migrèn pa tchwe l sou kont manman li.  Pou li ka gen yon nonm ki di li: men yon kado mwen ba ou pou bay manman w.  Tout fanm renmen sa.  Ou menm menm menm, ou chita se makou y’ap swen pou al jwenn mimi sou chandmas.  Ou konprann koze a pa rive jous isi?”

Mèt Zabèbòk: “Ah bon, je vois.  Alors Je vais mettre mes affaire dehors.  Je vais me retirer.”

Zabèlbòk pran de (2) malèt yo.  Sandrine pran yon krich, li swiv li.  
Li tounen.  Li vin pran sak la. 
Pandan li deyò a.  Sandrine prezante krich la  kat (4) fasad.  Li di, “ Woy! sa m pa wè yo,  mennen manje ranje sa ale, makwali sa, twa (3) degout sa, pichon sa, madichon sa, giyon sa.  Mennen sa ale lwen.  Pou l bliye kay bò isi yo. Mennen l ale.  Tounen l nan patiraj li.”

Mwen menm, m te kanpe anfas la.  M’ap gade sa.  Mwen rale kat pilouz mwen an nan pòch mwen. 
Mwen di, “Mèt Zabèlbòk Berachat, pèdi match la.” 

Finisman…………………………….

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Alo, eske ou satisfe oubyen pa satisfe ak yon liv?

Yon liv?

Yon liv pou li?
A book to read?

or

Yon liv ajan
A pound of silver?

But can someone form St. Lucia understand a Haitian and visa-verse?

Both Haitian and Saint Lucian Creole have French, Spanish, English, native Indian, African and other origin. A good percentage of the vocabulary's the same. But these two languages could not be any more different.

In my conversations with Saint Lucians, at times I'll get what they were talking about and other times I would be completely lost. I do better when I read their Creole. I imagine it's the same for them when it comes to Haitian Creole.

So, which Creole do YOU speak?

Happy New Year / New year wishes in Haitian Creole

January First (in Creole)
Premye janvye
Joudlan

December 31st (New Year's Eve)
Lavèy joudlan
Tranteyen desanm

New Year's Service
Sèvis tranteyen desanm

Happy New Year!
Bòn Ane!

Have a happy new year!
Pase yon bòn nouvèl ane!

May this new year bring you a heart full of love.
Se pou nouvèl ane sa pote yon kè plen ak lanmou pou ou.

I wish you good health, overflowing joy, and lots of happiness for this new year.
Mwen swete w bòn sante, yon jwa imans, ak anpil kè kontan pou nouvèl ane sa a.

Hope this year brings you lots of happiness.
Se pou ane sa pote anpil kè kontan pou ou.

Here's to a new year filled with health, propesrity, love and faith.
Pou yon nouvèl ane plen ak bòn sante, pwosperite, lanmou, ak lafwa.

May every beautiful day of this new year reminds you of God's love for you.
Se pou chak bèl jou nan nouvèl ane sa fè w panse ak lanmou Bondye pou ou.

Peace, love, and joy to you in this New year!
Lapè, lanmou, ak lajwa pou ou nan nouvèl ane sa a!

May all the charms of the New Year be yours!
Mwen swete w tout bote nouvèl ane a pote!

Beautiful thoughts of you will guide my smiles all through the new year :)
Se bèl panse w ki va gide souri mwen pandan tou nouvèl ane a.
P.S.  I'm not sure if this is a new year wish or not. lol :)

Which Creole word would you use to translate the verb "to pain"? as in: It pains me to see you go.

Pain v. (sadden or afflict?) → fè mal,  fè lapenn, atriste

It pains me to see you go.
Sa fè m mal pou m wè w ale.
Sa fè m lapenn pou m wè w ale.
or
Sa atriste m pou m wè w ale.


It saddens me.
Sa fè m mal.

I got into a car crash. (Best way to say it)

I got into a car crash.
Mwen fè yon aksidan.
or
Mwen fè aksidan machin.

Living a fantasy → Yon vi fantezi


Pi bon fason pou viv yon fantezi se ak je fèmen,
paske lè ou fèmen je w, sa anpeche w wè reyalite. 
Se domaj ou pa ka sikile nan lavi sa a ak je fèmen.

Any more songs in Haitian Creole that we can get on an audio feed? I kind of ave Ti Zwazo running thrugh as an earworm. :)

LOL ☺

Yes there are, of course, many.
But you have konpa, twoubadou, merenge (oldies), Fòlklò, angaje, etc... which are your favorite?

Ask me anything

How do you say "Get out of here!" precisely?

You know, in Haitian Creole, sometimes there are no precise way of saying one thing. You may hear it one way in Port-Au-Prince, and a different way in the North and South. So I cannot tell you how to say it precisely, but I can tell you the different terms you'll hear for that one sentence :)

Get out of here!
Soti la!
Rale kò w la!
Retire kò w la!
Mete w deyò!
Fout ou deyò! (vulgar)

pa inkietew tande pa inkietew tout bagay bien pou ou menm avem ok (In English please)

Pa enkyete w tande.
Don't worry, you hear.

Pa enkyete w. Tout bagay byen pou ou menm avè m.
Don't worry. Everything is well for you and me.

I care so much about you!

Mwen apresye w anpil.
Mwen gen anpil sousi pou ou.

Ask me anything

MUSIC HAITIAN

Haitian MusicMizik Ayisyen

I am going to volunteer in a hospital in Port-au-Prince this Spring. Where can I find information about medical terms and cultural issues about illness/injury?Many thanks!

Here's a great resource you can download (in a PDF file) from the internet;
Third-World Fold Beliefs and Practices: Haitian medical AnthropologY
Maude Hertelou and Fequiere Vilsaint' English / Haitian Creole Medical Dictionary ISBN1-58432-072-9
I thought I saw a downloadable link to that dictionanry on the net, but I could not find it today.

anplimdepan?

anplimdepan or anplimdezwawell dressed, fashionable, dressed to the teeth
  

alamen in Creole is handwrite?

alamen or a la men → by hand, done by hand, handmade

It is handmade.
Li fèt alamen.

He wrote it by hand.
Li ekri li alamen.

You must wash this shirt by hand.
Ou dwe lave chemiz sa alamen.

See post about HANDWRITE or HANDWRITING

Is it pòtparole or pòt parole?

It is  pòtpawòl delegate, mediator, representative or spokesperson
Sometimes you'll see pòt pawòl or even pòt-pawòl

ebyen se lavi mwen men m si te paran ki t'ap bay pwoblem mwen konnen jan m t'ap jere sa!!

Well, that's life. As for me if it was "parents" giving me problems,
i know how i would have dealt with it.

Ask me anything

translate: Mwen te panse mwen te fin gen fanm!

literally: I thought I had the woman.

Ask me anything

shame

shame (n.) - wont, lawont

Ask me anything

Merry Christmas? (in Creole)

Merry Christmas!
Jwaye Nwèl!

Have a merry Chrstmas and a happy new year 2012!
Pase yon jwaye Nwèl e yon bon nouvèl ane 2012!

More Christmas holiday greetings here......

what is.. antouka menmk mwen trist kounye a mwen panc yon jou map soulaj!

Antouka, menm kan mwen tris kounye a, mwen panse yon jou m'ap soulaje.
In any case, even though I'm sad now I think one day I'll find solace.

How do you say: "I wish you good health" in Haitian Creole?

I wish you good health.
Mwen swete ou bòn sante.

what does Jwaye nowèl mwen cheri mean

Jwaye Nwèl cheri mwen
Merry Christmas my love.

It's not mwen cheri, it's cheri mwen for my love

have a safe trip

Have a nice trip.
Pase bon vwayaj.
Fè bon vwayaj.

Have a safe trip.
Vwayaje byen.
Vwayaje an byen.
Ale an byen.
Ale byen.
Fè bon vwayaj.

Is Haitian Creole that different from St Lucia creole?

Yes it is.

Ask me anything

how to say "where are you at"

There are many ways to say 'Where are you?"

Kote ou ye? (non contracted)
Kote w ye? (contracted)

Ki kote ou ye? (non contracted)
Ki kote w ye? (contracted)

Kibò ou ye? (non contracted)
Kibò w ye? (contracted)


or

Kote ou? (non contracted)
Kote w? (contracted)

On se tout pout mwen....Just saw it as a title on a Haitian You Tube as being the theme song of Haitian christians. What does it translate to, please?Mesi.

Ou se tout pou mwen.
You are everything to me.
You are my everything.
You are my all and all.

how do you say - Did you send the money to your mother yet?

Have you already sent the money to your mom?
Eske ou gentan voye lajan an pou manman w?

I missed you

I missed you.
Mwen te sonje w.

I'll miss you.
M'ap sonje w.

The expression "pou tout tan gen tan" makes sense to you?

Sure.

Pou tout tan gen tan  or
Pou tout tan va gen tan
For as long as there's time.
Forever
Indefinitely

May the Son of God bring peace into your heart.

May the Son of God bring peace into your heart.
Se pou Pitit Bondye a pote lapè nan kè ou.

what does karanten mean

mete an karantin or karantèn → to isolate, to exclude, to quarantine
karantèn → isolation, separation

Did you mean:
Karantyèm (with an accent on the "e") fortieth (40th)
Karantèn → a group of forty or so

mwen renmen tout bagay vraiment

you mean "vrèman"?

Ask me anything

Everywhere, everyone, and everything (Creole)

Everywhere → tout kote, toupatou
Everything → tout bagay
Everyone → tout moun

Stay the same...

Stay the same.... → rete menm nan

She didn't change.  She stayed the same.
Li pa't chanje.  Li rete menm.

I will always be the same.
M'ap toujou menm moun nan.

Things will always be the same.
Bagay yo ap toujou menm nan.

bouke (pronouced boo-kay)

bouke → to be tired, to be weary

M bouke tann.
I'm tired of waiting.

M bouke travay.
I'm tired of working.

Nou bouke banboche.
We're tired of partying.

I'm tired of being nice.
Mwen bouke fè bon moun.

We are tired of fighting.
Nou bouke goumen.

But, I'm never be tired of living.
Men, mwen pa janm fatige viv.

i will love you forever.

Impossible :)
Kou chanjman mete pye, tout santiman vole gagè.

Nevertheless, it's good to try.

I will love you forever.
Mwen va renmen w pou tout tan gen tan.

Can an adult be "rechinya"?

Recovered...
No spam...


Rechinya (also known as reshiya, reshiyè)crybaby, wimp, wuss

Li se yon ti rechiya.
Li se yon ti rechiyè.
He's a little cry baby.

L'ap fè rechiya.
He's being a crybaby.


And the verb "whine" is "rechinye", right? So, there's no verb "rechinye"? As in "sispann rechinye konsa!"

By Anonymous on Can an adult be "rechinya"? at 12:59 PM

Wi, To whinefè rechinya, fè rechinyè, plenyen, babye
Why does she whine so much?
Poukisa l'ap fè rechinya konsa?
Poukisa l'ap plenyen konsa?
Poukisa l'ap babye konsa?
By Mandaly on Can an adult be "rechinya"? at 4:17 PM

Wait! According to what you wrote above, "rechinye" is not a verb.
It looks like "l ap fè rechinye" is right, "l ap rechinye" is wrong. Amwe!

By Anonymous on Can an adult be "rechinya"? at 6:26 PM
LOL :) Ou komik anpil!
RECHINYA can be a noun.
Use it in:
Li se yon ti rechinya.
He's a little crybaby.

Poukisa ou rechinya konsa?
Why are you such a wimp? (It's still a noun here :)

FÈ RECHINYA is the verb
Use it in:
Pa FÈ RECHINYA non!
Don't WIMP OUT!
Don't BE A CRYBABY!
Dakò?
By Mandaly on Can an adult be "rechinya"? at 6:35 PM


By Anonymous on Can an adult be "rechinya"? at 7:45 PM


Yes, actually, some people do use "rechiyen" as a verb, "rechinyè" as a noun.
Sometimes it's even referred to as an attribute.  Ex:  "Ala timoun rechinyè / rechinya papa!"

"Sispann rechiyen!"
or
"Sa w genyen w'ap rechiyen konsa?"





pede? as in L'ap pede pale.

Pede → to continue to, to keep on, to never cease to

L'ap pede pale.
He keeps on talking.

Chak swa mwen pede fè move rèv.
Every night I keep having bad dreams.

Tèt mwen ap pede fè m mal.
My head keeps hurting me.
I continue to have a headache.

Si w'ap pede ba li lajan, li pap janm ede tèt li.
If you keep on giving him money, he'll never help himself.

Poukisa w'ap pede anniye m konsa?
Why do you keep on bugging me?

One more (Creole)

One more → yon lòt ankò
Once more → yon lòt fwa ankò

Once more I want to thank you.
Yon lòt fwa ankò mwen vle di w mèsi.

Can I have one more?
Eske mwen ka gen yon lòt ankò?

How do you say "braids" if a girl has her hair in braids in haiti? thank you!

braids (n.)  (cornrows)→ ti kouri, kòdonèt

single strands of small braids → ti très

To braid the hair (cornrows) penyen ti kouri

To make individual strands (not cornrows) penyen ti très

what does kenbel fò wi

Kenbe'l fò wi. → Hold on to it real tight.

Ask me anything

Talking nonsense (Creole)

Radote (v.) → to talk nonsense, to ramble, to talk aimlessly.

Sispann radote.
Stop talking nonsense.
Stop rambling.

Mwen t'ale tande diskou li a.  Men se radote li t'ap radote.
I went to hear his speech.  But all he did was talking nonsense.



Radòt (noun) → foolish talk, gibberish, gossip, crap
Also called radotay

Tout sa se radòt!
All of this is crap (gibberish or nonsense talk)

Ki radòt sa?!
What kind of a foolish talk is that?!

Ala radòt mezanmi!
What a load of  nonsense!


Radotè (noun) → someone who talks nonsense.

Ah! pa koute li.  Li se yon radotè.
Ah don't listen to her.  She's full of it.

Radotè!
Motormouth!
Chatterbox!
Jokester!

Mwen pa tande ou. → I haven't heard from you.

Kouman ou ye? → How are you doing?

S'ak pase? → What are you up to?

Mwen pa tande ou. → I haven't heard from you.

Mwen pa tande w menm. → I haven't heard from you at all.

Mwen pa wè depi kèk tan. → I haven't seen you  in quite some time.

how are you

Nou la. N'ap boule :)
E ou menm, kouman ou ye?

Could you please translate this: Hello Father Sampson! I am studying Haitian creole and I wanted to practice it with you!

Bonjou pè Samson. M'ap etidye lang Kreyòl la e mwen ta renmen pratike li avè ou.

Ask me anything

When do i use a after word?

Wishing you joy and Peace at Christmas time. (in Creole)

Wishing you joy and peace at Christmas time.
Mwen swete w lajwa ak lapè nan sezon Nwèl la.

More Christmas greetings in Creole...

I miss you Grandma

I miss you grandma.
Mwen sonje w grann.

I miss you a lot, with all my heart grandma.
Mwen sonje w anpil, ak tout kè m grann.

Grandma → grann, granmè

Nou la wi!

Nou |  la      | wi   |
We  |  here  | yes  |


"Nou la wi" is same as "Nou la"  meaning "We're here."  or "we're still here."

Let's try:

I am here.
Mwen la.

I am still here.
Mwen la toujou.

Are you here?
Eske ou la?
or
Ou la?

I'm hanging in there.
Mwen la.
Mwen la toujou.
M'ap kenbe.
M'ap boule.

We're hanging in there.
Nou la.
Nou la toujou.
N'ap kenbe.
N'ap boule.
N'ap mennen

You may use the above two translations to answer to "Sa'k pase? - What's up?"

See more about responses to "Sa'k pase?"

Happy birthday, enjoy your day... love you (in creole?0

Happy birthday. Enjoy your special day. I love you.
Bòn fèt. Anmize w byen nan jou espesyal ou a. Mwen renmen w.

Tet chaje, tèt cho, tèt pa la

tèt chaje → troublemaker, someone or something that causes trouble

Stay away from that girl.  She's trouble.
Rete lwen fi sa.  Li se yon tèt chaje.

What a nuisance!
Ala tèt chaje!

I got rid of the car because it was a lemon.
Mwen te debarase m ak machin nan paske li te yon tèt chaje.


tèt cho → impulsive, nuts, wild, sometimes unpredictable

Janine is nuts.  She threatened her boss with a knife when she lost her job.
Janine se yon tèt cho.  Li menase bòs li a ak yon kouto lè li te pèdi travay li a.

I don't want to deal with her.  She's too wild.
Mwen pa vle annafè avèk li.  Tèt li twò cho.


Tèt pa la → forgetful, preocupied

He's a forgetful person.
Li se yon tèt pa la.

I'm sorry I didn't come the party.  I've been preocupied this week.
Eskize m mwen pat vin nan fèt la.  Tèt mwen pa la semèn sa.

Is Haitian Creole that different from Louisiana creole?

I have only heard a little bit of the Louisiana Creole.
I do not know enough to compare it to Haitian Creole.

i love you and i miss you

Mwen renmen w e m sonje w. (contracted)
Mwen renmen ou e mwen sonje ou. (non contracted)

Ask me anything

to confess love (in Creole)

to confess to someone that you love her?
Fè deklarasyon
Mande renmen

Rigo confessed his love to Marianne.
Rigo Marianne deklarasyon.
Rigo mande Marianne renmen.

Is it voodoo or vodoo?

In Creole, it is neither.

The French word is vaudou.
The Haitian Creole is vodou.
Voodoo is English.

A Haitian voodoo priest is called a ougan.
The priestess is called a manbo.
They conduct ceremony is a peristil.
People who practice Haitian voodoo may be called all of these names: zobòp, chanpwèl, baka, lougawou
Voodoo worshippers worship many many different gods called lwa.
Each lwa is said to have dominance over a realm (water, crops, love, wealth, etc...)

A rara is group of people armed with the following musical instruments and more: bamboo sticks, congas, cow horns, whistles.  They take the streets, usually at night, singing and dancing.  Not all raras are voodoo worshippers.

mwen pa vle papa soufri ankor paske li kormanse granmounn e mwen minister li grandi

This is meant to be Haitian Creole right?

Mwen pa vle papa soufri ankò paske li kòmanse granmoun. E mwen "minister" li grandi.

Minister?

Ask me anything

What's the best expression for referring to the World Trade Center towers' destruction?

Destriksyon bilding Sant Komès Mondyal New York yo.
The destruction of the New York' s World Trade Center towers.
or
Destriksyon bilding World Trade Center yo.
The World Trade Center towers' destruction.

Ask me anything

Where can I find the words to the song "Eske ou vle ale lakay papa mwen"?

It's in the "kè Kreyòl" #23. Kè Kreyòl is the group of short Creole hymns in Chants d'Esperance that comes after the longer 145 Creole hymns.

Tout bagay va byen
Lakay Papa mwen (twa fwa)
Tout bagay va byen lakay Papa mwen
Genyen jwa jwa jwa

Pa va gen peche
Lakay Papa mwen (twa fwa)
Pa va gen peche lakay Papa mwen
Genyen jwa jwa jwa

Mwen vle ale la
Lakay Papa mwen (twa fwa)
Mwen vle ale la lakay Papa mwen
Genyen jwa jwa jwa

Eske w vle ale
Lakay Papa mwen (twa fwa)
Eske w vle ale lakay Papa mwen
Genyen jwa jwa jwa

how do you say fine or sexy

anfòm, seksi, chèlbè, bwòdè

sister of my heart

sè kè mwen (literally)

My sister in faith.
Sè m nan la fwa.

My dear sister
Sè cheri mwen

Ask me anything

have fun → Pran plezi w. or Anmize w.

what does npu poze and sak regle mean?

Nou poze.
We rest. (literally)

S'ak regle?
Wha'ts up?

Ask me anything

Eske ou sonje non gwo legliz ki nan antre Arcahaie a?

Legliz Sen pyè, anfas plas Desalin nan.

Ou gen rezon → you're right?

You're right.
Ou gen rezon
Sa w di a se sa.

lyrics yellow bird (Creole?)

Choukoun (also called Ti Zwazo and Yellow Bird)


1. Dèyè yon gwo touf pengwen*   Behind a mass of penguin
Lòt jou m rankontre Choukoun  The other day I met Choukoun
Li souri lè li wè mwen                  She smiled when she saw me
Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!"  I said, "Heavens, what a beauty!"
Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!"  I said, "Heavens, what a beauty!"
Li di m li twouve sa chè              She said She held that dear.

Ti zwezo nan bwa              Little birds in the woods
ki t'ape koute m                 Who were listening
Ti zwezo nan bwa              Little birds in the woods
ki t'ape koute m                 Who were listening
Lè mwen sonje sa              When I thought of that
Mwen genyen lapenn         It gave me such pain
Ka depi jou sa                   For, since that day
De pye mwen nan chenn    Both my feet were in chains

Choukoun se yon marabou  Choukoun is a beauty
Je li klere kòm chandèl      Her eyes are bright like candles
Li gen ti tete doubout        She has erected breasts
Ay! si Choukoun te fidèl    If only she was faithful
Ay! si Choukoun te fidèl   If only she was faithful
Jan mwen ta renmen li     How I would have loved her

Ti dan Choukoun            Choukoun's teeth
blan kou lèt                     Are white like milk
Bouch li koulè                Her lips are the same color
kayimit                          as kayimit*
Li pa gwo fanm,            She's not a big woman
li gwosèt     This could mean she's petite
Fanm konsa                 women like that
plè mwen touswit        I find very pleasant
Fanm konsa               women like that
plè mwen touswit        I find very pleasant
Tan pase                     The time of yesterdays
pa tan jodi!                is not the time of today


*pengwen might also be a dense bushy tree
*Kayimit is a fruit that has a mauve color

my heart's chosen one

That would be:

Moun kè mwen chwazi a.
or
Sa kè mwen chwazi a.

where

where → ki kote, kote, or kibò

Where is it?
Kote li ye?
or
Ki kote li ye?
or
Kibò li ye?

Where should I meet you?
Kote mwen dwe rankontre w?
or
Ki kote mwen rankontre w?
or
Kibò mwen dwe rankontre w?

I don't where I am.
Mwen pa konn kote mwen ye.
or
Mwen pa konn kibò mwen ye.

This is the place where I found it.
Sa se plas kote mwen te jwenn li a.
Sa se plas ki kote kote mwen te jwenn li a.
Sa se plas kibò kote mwen te jwenn li a.

HOW DO YOU SAY i NEED YOUR SUPPORT IN HAITAIN CREOLE?

Support (n.) → sipò, èd, or asistans

I need your support.
Mwen bezwen sipò ou. (singular)
Mwen bezwen sipò nou. (plural)

Let's work together.
An nou mete tèt ansanm.
An nou kole zepòl nou.
An nou pote kole

Air conditioning - èkondisyone or friz?

èkondisyone or klimatizè

Ask me anything

how could you say that in creole"She'sdumping you for me"

Oh dear...

She's dumping you for me.
L'ap kite w pou mwen.

how do you say please share the joy

Please share the joy.
Tanpri, pataje lajwa a.
Tanpri, pataje jwisans lan.

More natively speaking...
Tanpri, pataje lajwa a non!
Tanpri, pataje jwisans lan non!

In a good mood (Creole)

In a good mood
nan bon san
sou san
sou plezi

He's in a good mood.
Li nan bon san l.
Li sou san l.
Li sou plezi.

I am in a good mood.
Mwen nan bon san m.
Mwen sou san m
M sou plezi.

what is the meaning of stupid in haitian creole

Stupid, in Haitian Creole, means the same as in English: unitelligent, idiotic, or foolish. This word, in Creole, will be translated as: estipid, sòt, egare, gaga, kannannan, bègwè, and even bouki

from english to haitian creole

Soti nan Angle ale nan Kreyol.

Bel fi Lakaye, kijan ou ye jodi a?

Bèl fi Lakayè anfòm wi!

Ask me anything

how do you say dear in Kreyol

my dear (to a female) → machè

dear → chè, cheri, chou

darling → cheri, chouchou

My dear John → John cheri 

my dearest Jeanette → Jeanette chouchou 

my little darling → Ti cheri mwen 

my dear (dearest) → cheri mwen, chouchou mwen, doudou mwen, etc...

What animal scares you the most?

microscopic vermins

Ask me anything

Depi tanbou frape pye m pèdi tè!

O O mezanmi!

A conga beat will draw any Haitian out of their shell :-)
Depi tanbou frape tout moun leve danse.
Sa ki pa danse pa Ayisyen. LOL :)

Toto Laraque's Frape Tanbou