Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, January 30, 2012

That is Why .... - Se Sa'k Fè


Dowloadable link for this audio clip: http://limanecasimi.audioacrobat.com/download/b70683bd-bf50-842d-c09c-418fd0443864.mp3

To listen to this audio, click on the play button and follow along.


Bonjou :)
Hello :)

M'ap fè yon bèl kout chapo pou tout moun k'ap koute!
Hats off to everyone listening!

THAT IS WHY

Se sa'k fè - that's why
Se pousa - it's for that, it's the reason why
Se poutèt sa - it's because of that
Se pou rezon sa - it is for that reason
Se sa ki lakoz - it is because of which

We're looking at:  Se sa'k fè, Se pou sa, Se poutèt sa.

Se sa'k fè (contracted)
Se sa ki fè (un-contracted)


1. Ti bebe a te grangou, se sa'k fè li t'ap kriye.
    Ti bebe a te grangou, se pou sa li t'ap kriye
    Ti bebe a te grangou, se poutèt sa li t'ap kriye
    The baby was hungry, that's why she was crying.

2. Lavi a kout, se sa'k fè ou pa janm dwe pèdi tan w.
    Lavi a kout, se pou sa ou pa janm dwe pèdi tan w.
    Lavi a kout, se poutèt sa ou pa janm dwe pèdi tan w.
    Life is short, that's why you should never waste your time.

3. Mwen fèk sot peye bòdwo m, se sa'k fè m razè.
    Mwen fèk sot peye bòdwo m, se pou sa m razè.
    Mwen fèk sot peye bòdwo m, se poutèt sa m razè.
    I just paid my bills, that's why I'm broke.

4. Ou fè m ri anpil, se sa'k fè m renmen w konsa.
    Ou fè m ri anpil, se pou sa m renmen w konsa.
    Ou fè m ri anpil, se poutèt sa m renmen w konsa.
    You make me laugh a lot, that's why I love you so much.

5.  Mwen te anvi wè w, se sa'k fè mwen la.
     Mwen te anvi wè w, se pou sa mwen la.
     Mwen te anvi wè w, se poutèt sa mwen la.
     I wanted to see you, that's why I'm here.

6. Tout moun al nan vakans, se sa'k fè nanpwen pèsonn nan fèt la.
    Everyone went on vacation, that's why there's no one at the party.

7. Papa m kite n depi m piti, se sa'k fè mwen pa rekonèt li.
    My dad left us since I was small, that's why I don't know him.

8. Medikaman sa fè m kagouse sa'k fè mwen sispann pran l.
    This medicine makes me drowsy, that's why I stopped taking it.

9. Tansyon ou  twò wo, se sa'k fè ou dwe pran remèd sa chak jou.
   Your blood pressure is too high, that's why you must take this medication everyday.

10. Li met lajwa nan kè m, se sa'k fè m'ap fè lwanj Li.
     He puts joy in my heart, that's why I'm praising Him.

Se tout.  Mèsi e orevwa.
That's all.  Thanks and goodbye.

Track: Pa fè mwen lapenn by Eric virgal

No comments:

Post a Comment