Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Friday, March 2, 2012

M'asire m Nan Kris lyrics, do you have it?

M'asire'm Nan Kris 
by Remy Lochard

 

M’asire’m nan Kris I assure myself in Christ
Mwen jwenn sekirite I find safety
M’asire’m nan Kris I assure my self in Christ
Sitiyasyon lavi m chanje My life's situation has changed

Jezi s’on bon zanmi Jesus is a good friend
Ki pa janm lage m nan wout Who will never abandon me
Menm si tout moun kite m Even if everybody else leaves me
Li toujou la pou li ede m He's always there to help me
Genyen yon fwa m te santi m sèl One time, I felt all alone
Mwen te fin dekouraje I was discouraged
Tèlman gwo van yo t’ap soufle because of the violent storm
Jezi te toujou la pou li ede m Jesus was always there to help me

Pafwa se dyab rasyal Sometimes it's the devil from our roots
Pafwa se pòch mawon Sometimes it's a crook
Pafwa se bon zanmi Sometimes it's a good friend
Ki pa vle wè m pwogrese That doesn't want me to progress
Pafwa gen lòt ki di Sometimes other people say
Ou menm ou pa janm anyen You will never be anything
Yon sèl bagay mwen konnen One thing I know
Dosye m nan nan men Jezi Kri My file/dossier in Jesus Christ's hands

Zanmi m, si w gen pwoblèm My friend, if you're troubled
Ou santi w dekouraje You feel discouraged
Tout pòt fèmen pou ou All doors are closed to you
Pa gen pèsòn ki pou ede w There's no one who can help you
Si doktè kondane w If the doctor's have condemned you
Si ou pa gen lavi If there's no hope of life
Tout moun pèdi espwa Everyone has lost hope
Ou mèt vin asire w nan kris You may assure yourself in Christ

Asire w nan kris Assure yourself in Christ
Wa jwenn sekirite You will find safety
Asire w nan Kris Assure yourself in Christ
Wa wè sitiyasyon w chanje You situation will change

M’asire m… I assure myself
Nan Jezi m’asire m In Jesus I assure myself

Gen lavi… There's life
Nan Jezi lavi In Jesus there's life

Gen sante… There's health
Nan Jezi gen sante In Jesus there's health

Gen lanmou There's love
Nan Jezi gen lanmou In Jesus there's love

Jezi..., Jezi..., Jezi...
Yaweh…, Yaweh..., Yaweh...
El Shaddai…, El Shaddai..., El Shaddai...

Sa jezi fè pou mwen What Jesus had done for me
M pa ka kite L……. I can't leave Him

4 comments:

  1. Can you please translate this song also?? God bless!!!

    ReplyDelete
  2. hello do you know the song
    wi kris toujou la
    pou li tande mwen
    pou li ede mwen
    e poul bay mwen lavi

    if so do you know the rest of the lyrics? thank you God bless you

    ReplyDelete
    Replies
    1. Lè m nan pwoblèm yo, m ap chante pou Kris
      Lè m nan doulè yo, m ap chante pou li
      Lè m nan tristès yo mwen rele jezi
      Ka li toujou ede m

      Wi Kris toujou la, pou li tande mwen
      Pou li ede mwen, e pou l ban mwen lavi
      Wi Kris toujou la, pou li tande mwen
      Pou li ede mwen, e pou l ban mwen lavi

      Nan mitan lannwit mwen pa janm tou sèl
      Nenpòt kote m ye li toujou la avè m
      Ala yon bon papa ki renmen m tout bon
      Mwen vle soufri pou li

      Ou menm zanmi mwen, vini jwenn Jezi
      Li genyen repo pou kè ki fatige
      Si li kenbe men ou, ou p ap janm tonbe
      Ou va genyen lavi

      Delete