Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, May 8, 2012

FUTURE FORMS

Download link for this audio:

 

To listen to audio, press the play button and follow along :)
 

Yon bèl salitasyon a tout moun k’ap koute.  Kouman nou ye?
A beautiful greeting to all listening.  How are you?

Jodi a nou pral pale sou fòm fiti nan lang Kreyòl Ayisyen an
Today we’ll talk about the future form in the Haitian Creole language

FUTURE FORM MADE WITH: ap, pral, a, ava, va

AP and PRAL  generally used for an immediate future
VA, A, AVA generally used  for an indefinite future.


USING A, AVA, or Va to form the future tense

1. Nou va wè demen. (using 'va' to form future)
    N’ava wè demen .  (using 'ava' to form future)
    N’a wè demen.  (using 'a' to form future)
    We’ll see you tomorrow.  (See you tomorrow)

2. Ou va fèmen pòt la lè w fini. or
    W’ava fèmen pòt la lè w fini.  or
    W’a fèmen pòt la lè w fini.
    You’ll shut the door when you’re done. 

3. Avèk èd ou, yo va travay san pwoblèm.  or
    Avèk èd ou, y’ava travay san pwoblèm.  or
    Avèk èd ou, y’a travay san pwoblèm.
    With your help, they will work with no difficulty.

....Continuing to use A, AVA, or VA to express the future

4.  Kilè mwen va wè w? or
     Kilè m’ava wè w?    or
     Kilè m’a wè w?
     When will I see you?

5. Si ou kwè ou va wè glwa Bondye. or
     Si ou kwè w’ava wè glwa Bondye.  or
     Si w kwè w’a wè glwa Bondye.
     If you believe you’ll see God’s glory.

Using AP or PRAL to form future tense

6.  Mwen pral benyen talè.
    I am going to shower soon
    
    Remember that you might also hear:
    ex: 1 - M’a pral benyen talè.
    ex: 2 -M’ava benyen talè.
    ex: 3 -  M’a benyen talè.
     all of which are future forms

7. M’ap rete tann ou devan bibliyotèk la.
    I will wait for you in front of the library.
    
   Remember that you might also hear:
   ex: 1 - M’ava rete tann ou devan bibliyotèk la
   ex: 2 - M’a ret tann ou devan bibliyotèk la.

8.  M’ap pran de (2) konprime anvan m’al dòmi.
     I’ll take two pills before bed.

Enben mezanmi, se te tout.  Mèsi e n'a wè.
Well that was all.  Thanks and goodbye 


More links to uses of   A, AVA, VA
Other links:  SEE YOU LATER

1 comment:

  1. Thank you for this lesson... it is good to know that there are many acceptable ways to indicate the future tense.

    ReplyDelete