Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, June 5, 2012

WHERE as KOTE and BÒ




Download link for this audio

 


To listen to this audio clip, click on the play button and follow along :)
 

Bonjou!  Kouman nou ye? M’espere tout moun ap pase yon bon jounen.  Pa vre?
Hello!  How are you? I hope everyone's having a good day.  Isn't it true?

KOTE and BÒ
kote / bò → location, position, border, edge,side/facade, margin, border
Ki bò* / ki kote → which side, which location, where, which place
*Sometimes, you'll see ki bò as one word kibò

To ask WHERE:

1. Ki bò kay la ye?
     Where is the house located?

2. Ki kote  restoran an ye?
    Where is the restaurant located?

3. Kote mache a ye?
     Where is the market located?
               
                Sometimes Creole speakers omit “YE”:
                3a. Kote ou? instead of Kote ou ye? - Where are you?
                3b. Kote papa ou? instead of Kote papa ou ye? – Where’s your dad?
                3c.  Kote manje pa’m? instead of Kote manje pa’m ye? – Where’s my food?

So, is there difference between "Kote ou ye?" and "Kote ou?"

4.  Kote’l soti? (or Kote li soti?)
     Ki kote'l soti? (or Ki kote li soti?)
     Ki bò'l soti? (or Ki bò li soti?)
     Where does he/she/it come from?
      
     
Bò kote →  Prepositions: near, next to, close to, by

5. Vin chita bò kote m.
     Vin chita bò kote mwen.
     Come sit near me.

6. Legliz la bò kote yon estasyon gazolin.
    The church is near a gas station.

7. Sou wout nou, nou te pase bò kote yon ti chapèl.  Eske se te li?
     On our way, we passed near a little chapel.  Was that it?

Kote → location, place, area

8. Mwen bezwen yon kote pou’m  poze tèt mwen.
    I need a place to rest.

9. Kote ou ale,  m’va ale tou.
    Where you go, I’ll go.

10. Di’m ki kote ou gen doulè.
       Di'm kote ou gen doulè.
      Tell me where does it hurt.
      Tell me the location of your pain.

11.  Mwen gen doulè sou bò kote goch mwen.
        Mwen gen doulè sou bò goch mwen.
        Mwen gen doulè sou kote goch mwen.
        I have pain on my left side.


Kote as adverb

12.  Yon lopital se yon plas kote yo swanye moun malad.
        A hospital is a place where they care for sick people.

13.  Sa a se magazen kote’m te achte biyè lotri a.
       This is the store where I bought the lottery ticket.

Se tout pou jodi a. Mèsi tout moun.  Pase yon bon jounen, e orevwa :)
That's all for today.  Thanks everyone. Have a great day, and goodbye.


Track: Shada by Lole-Lolay


Mwen soti Okay
M' ateri Jeremi
Kisa m'al fè?
M'al travay nan Shada
Se hach* m'ap voye  *hach → axe
Se pikwa* m'ap voye  *pikwa → hoe
Se bwa m'ap jete
Se wòch m'ap kraze
M' travay anpil, lajan'm piti
Kijan pou'm fè, pou m'al nan peyi'm?


Pitit mwen malad
Men wi, madanm mwen kouche
Mwen gen preskripsyon
Yo bezwen manje
Solèy ap boule'm
Mwen pa gen lajan
Lapli ap mouye'm
Mwen pa sa pare
M' travay anpil, lajan'm piti
Kijan pou'm fè, pou m'al nan peyi'm?

No comments:

Post a Comment