Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Thursday, September 6, 2012

Bonswa Mandaly. mwen pale kreyol tre bien, men eske ou kapab di m si li kòrèk pou yon moun ekri 'Li se zanmi an mwen' olye de 'Li se zanmi'm'?

Pou koumanse, li sanble ou annafè avèk yon moun ki sot bò zòn Nò yo.... Okap petèt?
Dapre sa mwen konnen, Ayisyen akeyi e asepte varyete rejyonal ak endividyèl lang Kreyòl la, sitou nan pwezi ak nan bèl kantik.
Si pou'm ta di'w li pa kòrèk, sa ta vle di ke nou dwe rasanble tout Ayisyen ki pale avèk yon aksan enpi aprann yo pale ak ekri tankou moun Pòtoprens.
Li ta bon anpil si ta genyen yon fòm estanda pou ekri chak mo, chak fraz, chak liy...  Men si sa ta fèt, eske lang lan va toujou kenbe idantite yon lang KREYÒL?
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

5 comments:

  1. (mwen pa menm moun ki te poze kesyon an) Lè ou di "idatite yon lang KREYÒL," kisa ou vle di?

    ReplyDelete
    Replies
    1. Mwen ta di youn nan idantite yo se karakteristik varyasyon nan lang nan.

      Delete
  2. Si moun ki ekri kesyon sa a di li konn Kreyòl trè byen, li bay manti. Paske mwen kapab konte yon valè fot (ponktiyasyon ak òtograf) li fè nan ti fraz sa a sèlman.

    ReplyDelete
    Replies
    1. O!o! Li te di li pale Kreyol trè byen, men li pa di li ekri Kreyol trè byen. Menm kèk natifnatal pa kapab ekri Kreyol byen è anpil pa konnen òtograf estanda.

      Zanmi'm ann nou gen pasyans avèk tout moun k'ap aprann, tèl mwen menm.

      Delete
    2. Li di li konn pale Kreyòl byen. Li pa't di li konn ekri Kreyòl byen. Gen yon gran diferans la a.

      Delete