Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Thursday, September 13, 2012

Eske koutwazi oubyen bon lizay pa ta endike ke lè pasaje ap moute kamyonèt sou gran wout, yo ta dwe kite fanm yo monte anvan? Se pa ti bouskilad mwen te pran lotrejou lè mwen t'ap seye moute yon taptap.

Mwen pa fin twò save nan zafè savoir-vivre ak bon etikèt non, men mwen panse genyen yon tan pou chak bagay.  Yon ti koutwazi ta bon vre, men si gen yon gwoup 20 fanm ak 2  nèg ap tann yon kamyonèt, enpi nèg yo tonbe ap fè galan, kite fanm yo monte nan chak kamyonèt chaje ki pase, enben mesye yo p'ap janm gen chans monte non.  Yo p'ap janm gen mwayen rive nan destinasyon yo.
Mwen ta panse nan yon sitiyasyon konsa, se kite sa ki te la anvan monte an premye.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

1 comment:

  1. sa se vre, se pa manti. Ti koutwazi ak politesse pou yo ta genyen senpleman, se kite moun kite la anvan yo monte. men se pa konsa yo fe l. Moun nan konn paret tou cho tou bouke enpi li jwenn yon group moun devan ni. men kou bis la pwoche li gentan voltije pase tout moun ki te la yo. Gason yo sitou fe sa. Se kek jandam pou yo ta mete kanpe la pou mete lod pafwa

    ReplyDelete