Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, September 8, 2012

Truly, Really, For real!

Click here to download the audio in this post :)
Click here to download…

To listen to this audio, click on the play button and follow along :)
 

Bonjou tout moun! Kouman nou ye?  M'espere tout bagay anfòm.

How do you say the words truly or Really in Haitian Creole?
Vrèman → truly
Reyèlman → really
Reyèlman vre → truly, really

tout bon →   adv: really, truly, genuinely; adj: true, real
tout bon vreadv: really, truly, genuinely; adj:real, true
pou debon (or pou tout bon)  → (from French Pour de bon)  for real, really

1.  Sa se yon zanmi tout bon.
     This is a real friend.

2.  Eske se tout bon?
     Is it true?

3. Men wi se tout bon!
     Of course it's true!

4. Eske li malad tout bon?
    Is she really sick?


5. Eske ou renmen'm tout bon?
    Do you really love me?

6. Eske li te di sa tout bon vre?
    Eske li te di sa tout bon?   
   Did he really say that?

7. Sa rive tout bon vre.
    Sa rive tout bon.
    It really happened.

8.  Eske se tout bon Beethoven te soud?
     Is it true that Beethoven was deaf?

Pou debon (poudebon) or Pou tout bon (also used)for real

9. Fwa sa a l'ale pou debon.  
    Fwa sa a l'ale pou tout bon.
    This time he's gone for real.
    This time he's really gone.
   
10. Se pou debon m'pale wi. (notice nuance in my voice b/c of the WI emphasis :)
       Se pou tout bon m'pale wi.
       I'm for real.
       or
       I'm not joking.

Se te tout pou jodi a. Mèsi anpil anpil. Pase yon bon jounen e orevwa.

Track: Sa Sa Ye la by Pokito and Jean P. JAM

Lyrics
Sa sa ye la?  e e! what is this?
Sa sa ye la? o o! what is this?

Ou vini lakay mwen you come to my home
Mwen byen resevwa’w I received you well
M te konnen te genyen lanmitye I thought there was friendship
Bay tout  kay la pou ou Give the whole house to you
Fè’w santi ou se lafanmi make you feel like family
Epoutan ou vin pou kontwole however you came to control things

Ou di se zanmi’m you say you're my friend
Tout chanm, tout lasal pou ou all bedrooms, all living rooms at your disposal
E poutan anyen’w pa laverite however nothing of you is the truth
Aprezan m’vin jennen now I’m in a bind
M’al frape nan pòt ou I go knock at your door
Ou, poutan, pran mwen  a kout pye you, however, kick me out
Ou di m p’ap sa pase  you say I can’t come in

Pou jan m konnen For how I know
M fè byen pou ou I did good deeds for you
Sonje kou lè’m vin frape nan pòt ou remember when I come knock at your door
Ede’m fè sa  help me do this
Meprize scorned
Maltrete mistreated
Imilye humiliated

Gade sa’w fè look at what you did
Ou pa ta fè’m sa You should not have done this to me

Sa’k ta di sa who would have said that (or who knew?)
Pou jan’m goumen pou ou I fought so much for you
M pa ta kwè sa I would not have believed it
Ou fè mwen sezi you surprise me
Se lèzòm That’s man (that's the human way)

 O Bondye papa! Oh God!

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment