Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Thursday, October 11, 2012

M'ale Haiti nan twa semenn pou premye fwa! N'a vizite Anse d'Hainault nan lwès. Donk, m gen yon kesyon. Ekse yo gen yon jan pale diferan nan lwès? M pa vle sezi lè m rive si yo di pawol diferan oubyen si yo gen yon aksan diferan.

Mwen eksite tande ou prale Ayiti trè byento.
Mwen sensèman espere ou va pase yon bon tan.  Mwen espere ou va pale anpil Kreyòl too :)

An Ayiti, Kreyòl pale Kreyòl konprann.  Sa vle di, si se Kreyòl Ayisyen ki pale, ou va konprann li san pwoblèm (Depi ou pale Kreyòl Ayisyen :)

Nan zòn lwès, pa genyen gwo varyasyon nan lang nan.
W'ap jwenn plis varyasyon nan zòn nò ak sid peyi a.
Anpil moun ki soti nan zòn nò pale avèk yon aksan, men se pa yon aksan k'ap anpeche ou konprann sa y'ap di a.
Zanmi'm, mwen li anpil kesyon ou voye pou mwen sou Formspring, e sou fason ou ekri, mwen asire'w ou p'ap pran okenn sezisman lè ou rive Ayiti.
Mwen swete ou yon bon vwayaj.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words


No comments:

Post a Comment