Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, February 18, 2013

Kouman lekti a ye? Kote ou rive? :)

Awww! Li anfòm nèt :)

Lè mwen te fin li Pastè Bab, m te oblije reli l ankò.
Premye fwa mwen te li l, mwen pa't ka tann pou konnen kouman istwa a te fini.
E mwen te li l yon fwa ankò, pou m kapab absòbe e apresye tout idyòm Kreyòl ki nan liv sa a.
Mwen poko janm kontre ak yon liv ki gen tout kantite idyòm sa yo nan 105 ti paj sèlman!  Mwen souliyen tout :)!

Liv sa gen yon ton pèsonèl pou mwen. Tout vwazinay Pastè Bab yo sanble trè familye pou mwen.

Istwa sa a, tou, byen tris.  Kwake liv la fini avèk posiblite ke Pastè Bab kapab jwenn kè kontan, epòk ki pi enpòtan nan lavi li te makònen avèk anpil dezolasyon.  Ni manman l, ni papa'l, ni fanm li te renmen an pa te ba li okenn afeksyon.  Menm zanmi l yo pa te zanmi l tout bon.  Sèl espwa li te genyen, se te pou pati nan peyi etranje, yon rèv ke anpil Aysiyen pataje.

Kounye a, m'ap li Pase m yon kou Foli paske mwen sonje ou t'ap pale m osijè li.  Mwen fèk koumanse l.

"TIWIL", mwen te renmen analiz ou te fè nan Lamèsi a.  Sa te ban m yon diferan pèspektiv sou liv sila a.  Mwen ta renmen konnen sa ou panse osijè Pastè Bab?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments:

  1. Alò, m dwe li Pastè Bab yon dezyèm fwa. Vreman, menmsi anjeneral m konprann istwa sa a, m panse m pa't apresye li menm jan kòm ou, paske li gen ANPIL idyom.

    Bon, selon mwen, Pastè Bab se yon istwa osije sajès ak mechansite, tripotay ak kominite, lanmou ak isolasyon e neglijans. Men, istwa sa a se yon pòtre yon kominite òdinè. Mechansite, tripotay, moun ki gen zanmi, moun ki pa gen okenn pèsonn, tout sa a nou ta ka jwenn prèske nenpot kwen lavi imèn. Chak chapit te gen yon imè (humor) ak yon tristès mwen ta ka rakonèt, menm si m pa't elve an Ayiti.

    Genyen yon sèl bagay nan istwa sa a ki ekstròdinè. Sete "oun jou konsa tèt Pastè Bab pati." Tout ti tripotay, betiz, neglijans, rejè lanmou, mete insidan tipik (men tris) sa yo ansanm, lespri yon moun ka chavire. Mesaj la, "Be kind to others!"

    Men, vre trezo a nan liv sa a se jan otè a di istwa a. Dabò, idyom... idyom... idyom... adye. Men, tou.... sa mwen te renmen, se fason li bay detay lavi Pastè Bab la. Souvan, nou aprann sa'k te pase pa (by means of) tripotay, lonjez. Moun kominite di nou, lektè a, sa ki te pase. Pami plizyè vèsyon sa yo, nou konmanse gen yon sans verite a, ou omwens yon istwa konplèt. Se konsa, m kwè, nou souvan konprann moun. Tanzantan nou wè sa'k te pase ak zye nou, tanzantan moun ki sije istwa a di nou sa'k te pase, e tanzantan lòt moun di nou sa'k te pase ak moun nan, e lè sa yo yo gen dwa mete epis pa yo nan istwa a.

    Nou mete tout vèsyon sa yo ansanm, vwala, nou gen yon pòtre yon moun. Men kilès li te ye vreman? Poukisa li fè sa li fè? Sa'k te pase avèk li toutbonvre?

    Petèt nou pa p janm konnen. Sèl bagay nou ka fè se espekile (speculate) ak lòt ti jouda anba poto elektrik la :)


    Someday if you ever care to share some (or all), of the idioms from this book... with page numbers, chapter by chapter... though that would be A LOT of work.

    Enben! Di'm kouman ou wè "Kou Foli." Istwa sa a... enben, annou diskite li aprè ou fini l. Pase yon bon jounen!

    ReplyDelete
    Replies
    1. Sa w di a, se verite sou tanbou: "Tout ti tripotay, betiz, neglijans, rejè lanmou, mete insidan tipik (men tris) sa yo ansanm, lespri yon moun ka chavire. Mesaj la, "Be kind to others!""

      Vrèman vre, ou pale byen, kominote ak moun ki antoure w, pandan levasyon w, kapab onswa koze byenèt ou onswa koze tèt ou chavire. Dèfwa, se sa ki defini fiti w.

      E jan ou di a, "idyòm yo ak estil naratif istwa a" se "vrè trezò" liv sa.

      Konsènan Kou Foli, mwen panse lekti a pral enpe "challenging" :) Depi nan koumansman an, m konstate ke li yon ti jan abstrè. Li fè m santi kòmsi se pwezi m'ap li. M'ap vanse douvan ak Kou Foli :)

      Delete