Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, February 9, 2013

Mandalie, ban m di w, se ayisyen m ye tou. men zafe 'twade' a, m pa ta janm dòmi reve ke l te yon bon mo Kreyol non. Ki kote w bare avè l?

M kapab konprann kote w ye a.  Mwen te fè zòn Lakayè, Lakolin, Aken, Pòtoprens anvan m te vin resi tande mo sa a nan bouch yon nonm Pòdepè.  Mwen menm se wayal ak kasavamanba m te konn di.  Se nan bouch menm nonm sa a m te premye tande mo chenjanbe a tou.  M pa't konn dènye sa a nonplis.  Kifè la a, m imajinen mo sa yo so soti, omwens, nan zòn Nòdwès yo.

Fò'm di w tou, yon jou m te di zanmi sa a ke pye l te santi mayas.  Lè sa a, li te fè grimas ak figi l, li mande m, "Ki kalite mo mayas sa w'ap di la a?  Sa sa vle di?" Lè m te di l se te sant soulye, li pa't kwè m ditou.  M ta panse yon mo jeneral konsa, ki nan tout peyi a, fòk on Ayisyen ta konnen l.  Anmwey o!

Si pa gen yon diksyonè ki pou ranmase tout mo sa yo ki degrennen nan tout rakwen peyi a, pou blije mete yo nan yon branch pou montre moun kote yo anrasinen, sanble gen anpil mo Kreyòl k'ap tout desann nan latonm ak mèt yo. Nou p'ap janm konnen yo.
 
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment