Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Wednesday, February 6, 2013

ou fe dibyen se byen wa jwenn, ou fe dimal se mal wa jwenn sou te a.

Mwen pa gen anyen pou m ajoute nan sa ki pale la a, esepte ke sa pa toujou pase konsa.  Moun ki fè byen pa toujou jwenn rekonpans, e moun ki fè mal la pa toujou peye pou malfezans li.  Se vre ke tout moun ap jwenn jijman apre lanmò, men gendèfwa mwen ta prefere Bondye jije mechan an pandan li sou latè toujou,  E ba li chatiman li devan je m.  Konsa mwen wè lajistis fèt douvan je m.

Lè moun nan mouri san l pa peye pou krim li, ki jistis ki gen nan sa?  Menm si moun nan ta leve ankò apre lanmò, se pa kò l ki va leve, men se nanm li ki va leve. L'a gentan bliye sa'l te fè a nètale.
Angle a di "the punishment should fit the crime".  Si moun nan te fè yon krim ak KÒ E NANM, fòk li peye ak KÒ E NANM!  Mwen poko konprann efikasite ki genyen nan toumante nanm nan san w pa toumante kò a tou.  Mezanmi! si m te Bondye, ala yon Bondye san mizèrikòd mwen ta ye :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment