Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Sunday, September 15, 2013

Bonswa, nou gen yon keksyon ki sa ki pi bon: m ap osinon map ??? w ap osinon wap ??? Nan Diksyone par Bryant C Freeman li ekri map e wap men non nouvou Bib Kreyol La Nouvo Testaman par Bibles International yo ekri m ap e w ap. men paj isit ekri yo tankou m'ap e w'ap. Mwen te panse apostroph yo se pa sevi anko ? Mesi pou repons rapid.

Mwen panse "M ap" pi bon pase "Map" paske li elimine konfizyon.  Paske "M" se yon mo (MWEN) ki separe ak "ap" ki se yon modifier.  Donk lè yo separe, sa montre nou genyen de (2) mo diferan.

Gen moun ki ekri li avèk yon tirè - pa egzanp M-ap.
E
Gen moun ki ekri li ak yon apostwòf - pa egzanp M'ap.
E
Gen moun ki ekri li san anyen ditou - pa egzanp M ap.

Kounye a yo tout akseptab, men tirè yo ak apostwòf yo pa nesesè.
Nan nouvo òtograf Kreyòl la (Se li menm ou jwenn nan Bib la), Ayisyen yo koumanse alèz nèt lè yo ekri san tirè, ak san apostwòf la.  Mwen panse se sa ki va fiti lang Kreyòl la.

Dakò.



Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment