Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Wednesday, October 9, 2013

Eske ou ka di mwen yon kote mwen ka jwenn kèk literati Ayisyen? Mwen te eseye chache sou entènet la men m pat jwenn twòp. Genyen kèk liv an Franse men m plis vle bagay an Kreyol. Petet pa genyen anpil.

Genyen anpil literati an Kreyòl.  Sa depan ki  nivo Kreyòl w'ap chache.  Si w'ap chache liv sou entènèt la ou ka jwenn kèk, men ou p'ap janm konnen ki materyèl ki anndan yo vrèman.  Li toujou pi bon pou ale nan magazen an anpèsòn enpi gade anndan liv yo pou genyen yon bon lide osijè yo.  Si pa genyen magazen nan zòn kote ou abite, cheke Educavision.com, oubyen rele Libreri Mapou nan Miami, oubyen cheke Presses Nationales an Ayiti - Moun yo nan konpani sa yo kapab byen asiste ou nan telefòn pou jwenn sa w'ap chache a :)
Dakò.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
 

No comments:

Post a Comment