Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, April 21, 2014

Poukisa yo aprann timoun ayisyen pou pa gade nan je ni pou yo pa kwaze pye yo, et pou pa soufle?

Granmoun pa tolere timoun gade yo nan je. Se timoun odasye ki fè sa dapre yo menm.  Sa demontre yon timoun ki gen aksyon sou li. 
Men m poko janm jwenn yon nasyon ki ka pèdi tan l ap defigire yon moun delatètopye tankou Ayisyen.  Depi yo gade w, yo gendwa di si w "gwo" oubyen si w "piti".  Etranje va gade w anba linèt, men Ayisyen di w, Bondye ba l je, se pou l gade.  Ya kanpe sou ran pou yo gade w. Sèlman yo p’ap gade w nan je.
Men pou di w vre, m gen pwoblèm ak moun ki pa ka gade m nan je lè y’ap pale avè m.  Lè yo fè sa yo sanble y’ap kache m yon bagay.

Zafè kwaze pye a se menm bagay la. Si w gen respè pou moun ki pi gran pase w, ou chita devan l nan yon fason ki onore l….. yon fason ki soumèt. Se konsa m te leve.

Pou koze soufle a, m pa konn sa pou m di :)  Gramoun mwen ta flanke m yon kalòt si m pwenti bouch mwen ap soufle devan yo.  E si m ta mande yo, “poukisa m ka soufle sou granmoun?” yo ta flanke m on lòt souflèt.  Donk se granmou yo ki konnen sekrè a, paske yo pa’t janm ban m chans envestige sa :)


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment