Yon
nouvo zouti enpòtan ki kapab ede timoun Ayiti yo aprann
Se
Dory Piccard Dickson ki ekri atik sa a ann angle, enpi se Mandaly Louis-Charles
ki tradui li an kreyòl
“Imajinen yon nouvo Ayiti kote
tout moun, finalman, kapab li ak ekri lang natif natal yo.” (Michel DeGraff, Massachusetts Institute of
Technology, Inisyativ MIT-Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen)
Refleksyon
sou eksperyans yon elèv lekòl ann Ayiti:
Lè
Mandaly Louis-Charles t ap grandi ann Ayiti, pwofesè lekòl, jeneralman, te konn
fè tout klas yo an franse, yon lang ke pifò elèv pa janm abitye pale lakay yo.
Se nan bat pa kè elèv yo te konn aprann ti mòso nan lang franse a. Toudabò,
elèv yo memorize ABC lang franse a, lèfini elèv yo memorize mo yo, enpi fraz
yo. Apre sa, timoun yo aprann ki sa mo yo vle di. Nan epòk sa a, klas yo
pa t separe ak miray. Nan kèlkeswa nivo klas nou te ye a, nou te
toujou ap tande timoun ki t ap resite alfabè a. Pa te gen chape pou nou. Alfabè
franse a te nan wèl nou tout tan.
Nan lekòl
la menm, timoun pa t gen dwa pale kreyòl. Se nan memwa zo bwa tèt yo ke yo
te blije chache kèk grenn mo pou yo degaje yo pou pale franse, yon lang yo pa
pale ni lakay yo, ni ak ti zanmi yo lè y ap jwe, ni okenn lòt kote nan kominote
a. Pa mande Bondye yon pwofesè ta bare yon elèv ap pale kreyòl, lang natif
natal li; se ale nan pinisyon tou dwat. Pafwa, pinisyon an konn byen rèd.
Alèkile gen ti pwogrè ki fèt: ou kapab jwenn klas kreyòl nan pwogram lekòl yo.
Men, kwak sa, yo anseye kreyòl la kòm yon matyè ki separe ak tout lòt yo.
Akademi Kreyòl Ayisyen an, ki rive fonde an 2014, ap travay pou chanje sa. Y
ape travay pou kore itilizasyon kreyòl nan tout sektè lasosyete. Men, pou
kounye a, kominikasyon alekri gouvènman an ansanm ak lwa ak dekrè, se an franse
sèlman ke prèske tout dokiman sa yo pibliye .
Videyo
a:
Mandaly
Louis-Charles, yon fanm vanyan k ap milite pou lang kreyòl la, te kolabore
ansanm ak animatè Robert Capria, mizisyen Bémol Telfort, enpi pwofesè
lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (MIT), Michel DeGraff, pou
pwodui yon videyo edikasyonèl pou entwodui premye chante sou alfabè kreyòl la.
Louis-Charles
ak DeGraff te kolabore ansanm pou yo ekri pawòl yo. Louis-Charles te kreye
melodi a, enpi li chante chante a ansanm ak amoni yo. Telfort te jwe tanbou e
bat kata tou pou akonpaniman mizik la te konplè.
Sa se
premye chante ak videyo ki fèt sou alfabè kreyòl ayisyen an. Pou entèpretasyon
règ òtograf kreyòl la, ekip la te chwazi imaj avèk pawòl ke tout Aysisyen,
granmoun kon timoun, konnen byen. Yo te marye bèl rit tanbou ak melodi a, bèl
rit ki chita byen fon nan kilti nasyon Ayisyen an depi nan nesans li.
Michel DeGraff
di kon sa:
“Chante
sa a gen rasin ki antre fon nan bèl tradisyon ki nan nannan kilti nou. Li va
bay timoun yo yon grap plezi, e li va ba yo anpil angouman pou yo aprann li, ak
kè kontan, nan lang natif natal yo.”
Tit chante a se Alfabè kreyòl nimewo 1. Nenpòt moun
kapab telechaje li pou granmesi nan adrès YouTube sa a:
E si yo ta enterese chante chante
a tou, yo va jwenn pati mizik la ansanm ak akonpaniman san vwa nan CD Baby,
iTunes, Amazon, Google Play, ak Gracenote MusicID. Si gen kèk mizisyen ki
enterese nan sòlfèj mizik la, yo va jwenn li nan sit sa a: sweetcoconuts.blogspot.com nan mwa k ap vini yo, pandan ete 2015 lan.
Ekip la pa te sèlman kreye yon sèl
videyo. Yo te kreye yon dezyèm chante ki entèprete prensip fondamantal òtograf
kreyòl la. Dezyèm chante sa a rele Alfabè
kreyòl nimewo 2. Ou kapab wè yon ti apèsi chante sa a nan YouTube, nan
adrès sa a:
Enpi ou va jwenn tou de (2) chante
yo konplè nan sit sa a:
Mandaly Louis-Charles di kon sa:
“Mwen espere tout moun va gen anpil plezi pou
aprann sistèm òtograf kreyòl la pandan y ap chante.”
Ki sa
ki fè videyo sa a san parèy:
Animasyon
nan videyo a byen fèt e li atiran. Akonpaniman enstriman yo pa anvayi pawòl
chante a. Lè w ap koute chante alfabè a, ou kapab tande pawòl yo byen klè
pandan tanbou an ap bat anba anba.
DeGraff prevwa:
“Mwen kwè
vwa Mandaly ak akonpaniman tanbou an va fè chante sa a popilè nèt ann Ayiti!”
Konsènan
pwodiksyon videyo a, Mandaly te di “Se te yon privilèj pou mwen te travay ak
Bémol Telfort sou akonpaniman mizik la. Li se yon mizisyen ki gen anpil talan e
se te yon gran plezi pou nou te travay sou pwojè a ansanm. Tout bagay te
tonbe nan plas yo lè Robert Capria nan ActualityFilms.Com
te dakò pou kolabore nan pwojè a tou. Capria, yon Ameriken, te pase yon ti tan
Ayiti e se kon sa li te vin fè eksperyans avèk lavi ann Ayiti. Eksperyans sa a vin parèt nan animasyon li
yo.”
Kòm nou
te di, ekip la te travay sou yon dezyèm chante tou. Nan dezyèm chante sa a,
Louis-Charles ak DeGraff te espesyalman kontan dèske yo te gen opòtinite pou yo
entegre prensip fondamantal òtograf kreyòl la nan chante a:
Chak lèt rete nan wòl yo. Chak son ekri menm jan. Nan pwen
lèt ki bèbè. Chak lèt gen yon sèl son.
Entwodiksyon
premye chante sou alfabè kreyòl la nan ane 2015, se yon bagay ki ekstraòdinè lè nou konsidere ke anrejistreman
dwa otè pou alfabè lang angle a te fèt depi nan ane 1835. Chante
tradisyonèl alfabè angle a, ki pa chante selon fonèm ki koresponn ak lèt yo,
gen menm melodi ak “Twinkle Twinkle
Little Star.” Sa ki fè pwojè alfabè kreyòl la diferan, se jan melodi ke Louis-Charles
kreye a pa te egziste anvan. Se yon melodi ki orijinal nèt.
Pou ki sa
se 180 lane apre chante sou alfabè angle a ke nou jwenn chante sou alfabè
kreyòl la? Se ka paske se trè raman ke
yo te rive kouche lang kreyòl la sou papye anvan ane 1960 yo. Enpi lè sa te rive fèt, se ak òtograf franse
a ke yo te sèvi. Se te jouk nan ane 1980
ke kreyòl la te vin gen pwòp sistèm òtograf ofisyèl pa li. Se òtograf sa a ki sèvi jounen jodi
a. E se òtograf ofisyèl sa a ke
chante alfabè kreyòl la entèprete.
Enpòtans
istorik:
Paske
Ayiti te yon koloni franse, se franse ki te toujou lang lekòl menm si gen, pou
pi piti, 90% Ayisyen ki pa pale franse. Ayiti te anba pouvwa Lafrans depi 1625
rive 1804. Apre yon revolisyon esklav ki te reyisi, Ayiti te vin endepandan.
Apre endepandans lan, sepandan, zafè leta ak edikasyon nan lekòl te kontinye
sèvi avèk lang franse a.
Materyèl
eskolè ak lòt resous pou edikasyon, se sa Ayiti toujou manke. Pa gen ase lekòl
piblik. Pa gen ase pwofesè ki byen kalifye.
Pifò pwofesè yo pa pale franse alèz.
E poutan se yo ki anchaj pou yo anseye an franse. Enpi se an franse tou pou yo anseye timoun yo
lekti ak ekriti. Limitasyon sa a
andikape timoun yo depi nan premye ane lekòl: lè yon timoun aprann li nan yon
lang ke li pa konn pale, sa difisil anpil pou timoun sa a vin bon lektè. E si yon timoun pa ka li byen, li pa fouti
vin maton nan okenn matyè, nan okenn lang.
Enpi tou,
gen pwoblèm lajan. Pifò paran pa gen
mwayen voye pitit yo nan bon lekòl.
Genyen ki pa menm kapab peye inifòm obligatwa lekòl la, oswa yo pa gen
lajan pou peye ata twal pou fè inifòm nan. Anpil timoun, se nan lekòl bòlèt y ale. Alòske moun nan klas privilejye yo pale
franse lakay yo. Ki fè timoun sa yo
aprann franse depi yo ti katkat. Fanmi sa yo gen mwayen pou peye bonjan lekòl
prive pou pitit yo, pou prepare yo pou bèl metye ak lòt pozisyon lelit. Sa ba yo mwayen pou transmèt pouvwa sosyal ak
pouvwa ekonomik bay pitit yo. Enpi, se kon sa fanmi sa yo ka asire yo ke pitit
yo, pitit pitit yo, elatriye, ap kontinye viv konfòtab.
Men sa
DeGraff esplike:
“N ap
pran yon ti souf tou piti pou le moman gras a nouvo pwogram gouvènman an k ap
bay lekòl ki gratis e ki obligatwa: Universal,
Free and Obligatory School Program (“PSUGO”). Men, nou toujou manke resous
pou tout popilasyon an.”
“Sa fè
apeprè 50 lane depi militan lang kreyòl yo ap goumen pou bay tout moun aksè
egal ego nan edikasyon. Sa se youn pami lòt
benefis ke tout Ayisyen ta dwe jwenn kòm sitwayen peyi a—benefis ke pèp la pa
ka jwenn lè lang franse a sèvi kòm sèl lang ekri nan biwo leta, lekòl,
inivèsite, ak lòt kote k ap kreye e k ap transmèt konesans ak pouvwa.”
“Ogmante
itilizasyon kreyòl nan edikasyon ak nan zafè leta, sa mande kokennchenn volonte
politik. Sa gen twò lontan depi yo inyore pwopozisyon pou refòm edikasyon nan
peyi a—pa egzanp, pwopozisyon refòm Bernard a ki te pran nesans an 1980. Youn
nan rezon refòm Bernard a pa te janm reyalize se akoz mank zouti ak mank resous
pou edikasyon an kreyòl. E poutan, tout
rechèch ki fèt montre jan lang matènèl timoun yo enpòtan nan edikasyon timoun
yo. Lang natif natal la se bon zouti pou
elèv yo aprann yon dezyèm lang tou. Pa
egzanp, se lang kreyòl la ki ta dwe ede pifò Ayisyen aprann franse.”
“Kounye
a, finalman, avèk inogirasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an ansanm ak gwo jefò ke
Ministè Nasyonal Edikasyon ap fè sou lang kreyòl la, nou kapab espere ke nou va
itilize lang nasyonal nou an kòm yon lang ofisyèl tout bon vre e kòm yon zouti
djanm pou ansèyman kòmsadwa. Se sa lalwa
ak pwogram ofisyèl yo mande. Pa kapab
genyen devlopman ki dirab ann Ayiti si nou pa sèvi tout kote ak sèl lang sa a
ke tout Ayisyen pale—sèl lang sa a ki simante tout Ayisyen ansanm.”
Inisyativ
MIT-Ayiti a te fonde nan ane 2010 avèk objektif pou devlope, evalye enpi
distribiye resous teknolojik pou anseye matyè lasyans, teknoloji, jeni enpi
matematik (“STEM”) an kreyòl. Kreyòl la
se yon engredyan ki nesesè pou bon kalite ansanm ak aksè pou edikasyon ann
Ayiti. Resous sa yo va sèvi kòm zouti
pou pote chanjman ki va amelyore sistèm edikasyon Ayiti a.(1) Inisyativ
MIT-Ayiti a devlope metòd ak materyèl (videyo ladan tou) ki demontre avantaj ki
genyen lè lang kreyòl la sèvi pou pedagoji ki aktif. Avèk kolaborasyon Ministè
Nasyonal Edikasyon, Inisyativ la pwojte pou entegre aprantisaj aktif nan
ansèyman STEM toupatou nan peyi a. Se
kon sa n ap kapab kreye yon bon baz pou devlòpman ki dirab.
Lè nou
sèvi ak kreyòl alekri kòm aloral depi nan
premye ane lekòl, kontinye nan tout nivo akademik, rive jouk nan
inivèsite, sa va ede elèv yo aprann pi byen e sa va asire siksè elèv yo tou.
Chante alfabè kreyòl la se yon zouti ki enpòtan pou nou ranfòse sistèm
edikasyon peyi a e pou nou kreye Ayiti nou vle a.
(1)
DeGraff, Michel, July 2013
“MIT-Haiti Initiative Uses Haitian Creole to Make Learning Truly Active,
Constructive, and Interactive”
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
No comments:
Post a Comment