Download link:
http://limanecasimi.audioacrobat.com/download/adc55445-43d5-cac3-bd14-c9a63bee3b2f.mp3
Listen to audio here:
http://www.audioacrobat.com/play/WKpjtc0W
******************
Mezanmi, Mariette toujou
kè pòpòz. Li pa janm gen
kè sote.
Mariette is always calm. She's never anxious.
Ou menm nenpòt ti bagay
kontrarye w.
Dis min toujou mare nan fwon w. Lè w gen pwoblèm,
men longè bouch ou.
As for you, anything little thing upsets you. You always have a frown on your face. When you have problems, your lips are that long (pouting).
Se lavi a k'ap
malmennen m pitit.
Kanta pou Mariette, m pa konnen kouman fè li pa janm kite anyen twouble l. M'ap
mande m kijan l fè l.
Life isn't good to me child. As for Mariette, I don't know how come she never lets anything trouble her. I wonder how she does it.
Enben petèt li pa gen okenn
tèt chaje nan lavi l.
Well maybe she doesn't have any problems in her life.
Okontrè,
dam sa a
plen pwoblèm. Li
pa viv lasante. Bòs li toujou ap ba l presyon nan travay li. E mari l ap
fè l pase nan je zegwi.
To the contrary, this woman has a lot of problems. She's not in good health. Her boss is always giving her pressure at work. And her husband does not treat her that well.
Petèt li se milyonè, li pa gen pwoblèm lajan.
Maybe she's a millionaire, she doesn't have money problem
Se pa sa. Moun ki milyonè pa fè
kalite dyòb l'ap fè a.
Enpitou bil li
men wotè.
That's not it. Millionaires don't do the type of job she's doing. And her bills are that high.
Petèt se medikaman li pran pou l kalme l.
Maybe she takes medication to stay calm.
Non. Si l t'ap pran medikaman li ta
soule tout tan. Men li toujou ap souri.
Kèlkeswa sa k pase li li toujou rete trankil. Li pa janm pèdi sanfwa l.
Kè l pa janm kase.
Kè l toujou poze.
Sa k fè sa?
No. If she was taking medication she'd be drowsy all the time. But she's always smiling. Whatever happens to her, she is always temperate. She never loses her cool. She's never anxious. She's always poised. Why is that?
Enben,
sanble li jwenn sekrè lavi a.
Well it seems that she has found the secret to life.
Sekrè lavi a? Kounye a ou vle di m ou konn sekrè linivè antye?
The secret to life? Now you mean to tell me that you know the secret of the entire universe?
M pa ka di w m konnen l men m gen yon lide.
I can't tell you that I know it but I have an idea.
Ki sa l ye? Di m li tanpri pou m ka gen lajwa tou.
What is it? Tell it to me please so that I may also have joy.
Gen yon pwovèb Ayisyen ki di, "Rete trankil se remèd kò". M panse sekrè lavi a nan pwovèb sa a. Pa chaje tèt ou, rete kè pòpòz. Se sekrè a.
There's a Haitian proverb that says, "Being serene is the body's remedy". I think the secret to life is in this proverb. Don't trouble yourself, remain calm. That's the secret.
Enben konpliman Monchè. Pou valè moun k'ap chache sekrè lavi a enpi se ou k jwenn ni.
Se pou w vann sekrè sa a bay tout moun konsa nou va rich e mwen finalman va gen kè kontan tankou Mariette.
Well congratulations my dear. So many people are looking for the secret to life and it is you that finds it. You must sell it to everyone so that we will be rich and I'll finally be as happy as Mariette.
Eske w sèten Mariette se pa
bonnanj ou?
Are you sure Mariette isn't your spirit (alter ego)?
W'ap
pase m nan betiz. M
p'ap okipe w. M'ap rete kè pòpòz.
You're making fun of me. I won't pay attention to you. I will stay calm.
Track: Sa nou ye? by Fernand Marlu
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words