Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Debloke m pou yo we

Debloke → to unblock, to clear out, to free, to unburden, to unclog, to release (funds)

Debloke mwen, debloke mwen
Debloke mwen pou yo wè
Pou mechan yo temwaye se Jezi k’ konn debloke .

Kase chenn nan, Kase chenn nan
Kase chenn nan pou yo wè
Kase chenn nan pou yo wè, se Jezi k’ konn kase chenn

Pete kòd la, pete kòd la
Pete kòd la pou yo wè
Pete kòd la pou yo wè se Jezi konn pete kòd

Debloke mwen, debloke mwen
Debloke mwen pou yo wè
Pou mechan yo temwaye se Jezi k’ konn debloke .

Woule wòch la, woule wòch la
Woule wòch la pou yo wè
Woule wòch la pou yo wè se Jezi k’ konn woule wòch.

Kase chenn nan, Kase chenn nan
Kase chenn nan pou yo wè
Kase chenn nan pou yow è, se Jezi k’ konn kase chenn

Debloke mwen, debloke mwen
Debloke mwen pou yo wè
Pou mechan yo temwaye se Jezi k’ konn debloke .

Pou dyab rasyal yo temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou moun ki pa vle wè m yo temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou Bawon Samdi ka temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou dyab rasyal yo temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou Bawon lakwa ka temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou Lisifè ka temwaye
Se Jezi k’ konn debloke

Woule wòch la, woule wòch la
Woule wòch la pou yo wè
Woule wòch la pou yo wè se Jezi k’ konn woule wòch

Kase chenn nan, Kase chenn nan
Kase chenn nan pou yo wè
Kase chenn nan pou yo wè, se Jezi k’ konn kase chenn

Pou Ti Jan petro ka temwaye
Se Jezi konn kase chenn
Pou Bawon Samdi ka temwaye
Se Jezi konn kase chenn
Pou Ezili Freda ka temwaye
Se Jezi konn kase chenn
Pou mechan yo temwaye
Se Jezi konn kase chenn

Si ou pa gen Jezi nan lavi w ,frè mwen
Ou manke on bagay
Oh yes, ou manke on bagay
Si w pa gen Sabbaoth nan lavi w, frè mwen
Ou manke on bagay
 Oh yes, ou manke on bagay
Si w pa gen Adonai nan lavi w, frè mwen
Ou manke on bagay
 Oh yes, ou manke on bagay
Si w pa gen Dye Israel nan lavi w frè mwen
Ou manke on bagay
 Oh yes, ou manke on bagay

Si w pa gen wa dè wan an lavi w, frè mwen
Ou manke on bagay
 Oh yes, ou manke on bagay

Ou manke lepè
Ou manke le fils
Ou manke Dye de charite
Ou manke Dye de bonte
Ou manke sabbaoth
Ou manke Dye imòtel

Si ou pa gen Jezi nan lavi w, frè mwen
Ou manke on bagay
Oh yes ou manke on bagsy

Lemonn dèyè do m
Lakwa devan je m
Lemonn dèyè do m
Lakwa devan je m
Lemonn dèyè do m
Lakwa devan je m
Mwen p ap tounen, mwen p ap tounen

Mwen p ap tounen, mwen p ap tounen
Non non, mwen p ap tounen

Mwen pap tounen nan mayi griye
Non non mwen p ap tounen

Mwen pap tounen pou m a le woule nan kafou ankò
Non non mwen p ap tounen

Mwen pap janm tounen  pou m al woule nan kalbas ankò
Non non mwen p ap tounen
M p ap janm tounen pou m al tounen kodenn ankò
Non non mwen p ap tounen

Jezi te voye  m moun
Mwen p ap tounen bèt ankò
M p ap tounen nan trase vèvè ankò
Mwen p ap tounen nan fè sa k pa sa ankò

Mwen pap tounen, Mwen pap tounen
Mwen p ap tounen nan madanm moun ankò
Mwen p ap tounen nan fe tripotay ankò
Mwen p ap tounen nan pale moun mal
Mwen p ap tounen nan fe tripotay
Mwen p ap tounen pou m al jwen batri nan jazz ankò
Mwen p ap tounen pou m al jwen batri nan jazz ankò
Mwen pa janm tounen pou m al jwe batri nan Digital Express ankò

Mwen p ap tounen nan fè sa k pa sa ankò
Mwen pap tounen nan mayi griye
Leve Jezi pi wo, desann satan pi ba
Leve Jezi pi wo, desann satan pi ba
Leve Jezi pi wo, desann satan pi ba

M’antre nan anbasad jezi a
W a di m kilès ki kapab kenbe mwen

M’antre nan anbasad jezi a
W a di m kilès ki kapab kenbe mwen

M’antre nan anbasad Jezi a
Ki Lisifè ki kapab kenbe mwen


M’antre nan anbasad Jezi a
Ki dyab rasyal ki kapab kenbe mwen

M’antre nan anbasad Jezi a
Ki Ezili ki kapab kenbe mwen

M’antre nan anbasad jezi a
Ki dyab rasyal ki kapab kenbe mwen

M pa pè yo, M pa pè yo, M pa pè yo
M pa pè defi yo, M pa pè defi yo
Jezi la.

M pa pè baka yo, m pa pè baka yo
Jezi la

M pa pè dyab rasyal yo, m pa pè dyab rasyal yo
Jezi la

Sa Jezi vle mwen ye a , satan pa ka anpeche l
Marye Jezi vle w marye a, satan pa ka anpache l
Rezidans Jezi vle pou ou a, satan pa ka anpeche l
Citizen mwen di w, Jezi vle pou ou a, satan pa ka anpeche l
Marye jezi m nan  vle w marye a, satan pa ka anpache

Pitit Jezi rezeve pou a, satan paka anpeche l
Kle kay Jezi vle pou ou
Kle machi Jezi rezeve pou ou a
Rezidans Jezi rezève pou ou a
Madanm jezi rezève pou ou a
Aba satan! aba satan!
Viv jezi!
Aba satan!
Aba Lisifè
Aba dyab rasyal
Aba houngan
Aba ti jan petro
Aba sa ki pa vle wè m yo
Viv Dye D’Israel
Vivi Jezi
Viv Jezi

Aswè a m delivre
Aswè a m delivre
Aswè a kòd la kase
Aswè a wòch la woule
Aswè a mwen debloke

Asanble louwe Letènel
Il est vivant


Will you be offering a class with Haitihub again in the future?

Haitihub is now offering classes through online modules where the students may go at their pace.  I'm hoping that he will bring back the intermediate and advance Haitian Creole classes one day.

remy my love (in Creole)

Mezanmi o!  Se bèl koze!

Remy, my love...
Remy, lanmou mwen...
Remy, cheri mwen...

How do you say That's wonderful!

That's wonderful!
Se mèveye!
Se bèl bagay!
Anfòm!

How do you say thumbs up in creole?

Thumbs up! → Bravo! Ou byen fè! Bon travay! Konpliman!  Chapo ba! etc...

How do you say I miss you too?

I miss you too.
Mwen sonje ou tou.

Thank you for coming

Thank you for coming.
Mèsi pou prezans ou/nou.
Mèsi pou vizit la.
Mèsi deske nou te vini.

how to say 'what time are we going to see your son on sunday' in creole?

What time are we going to see your son on Sunday?
A ki lè nou pral wè pitit gason'w lan dimanch?
A ki lè nou pral vizite pitit gason'w lan dimanch? (you can say that too esp. if he's in hospital setting)

What is 'bay vag'?

Bay vag or bay bèl vag → to ignore or give the cold shoulder, to brush off


Lè mwen t'al pale avèk li, li ban'm bèl vag.
When I went to talk to her, she gave me the cold shoulder.

WHERE as KOTE and BÒ




Download link for this audio

 


To listen to this audio clip, click on the play button and follow along :)
 

Bonjou!  Kouman nou ye? M’espere tout moun ap pase yon bon jounen.  Pa vre?
Hello!  How are you? I hope everyone's having a good day.  Isn't it true?

KOTE and BÒ
kote / bò → location, position, border, edge,side/facade, margin, border
Ki bò* / ki kote → which side, which location, where, which place
*Sometimes, you'll see ki bò as one word kibò

To ask WHERE:

1. Ki bò kay la ye?
     Where is the house located?

2. Ki kote  restoran an ye?
    Where is the restaurant located?

3. Kote mache a ye?
     Where is the market located?
               
                Sometimes Creole speakers omit “YE”:
                3a. Kote ou? instead of Kote ou ye? - Where are you?
                3b. Kote papa ou? instead of Kote papa ou ye? – Where’s your dad?
                3c.  Kote manje pa’m? instead of Kote manje pa’m ye? – Where’s my food?

So, is there difference between "Kote ou ye?" and "Kote ou?"

4.  Kote’l soti? (or Kote li soti?)
     Ki kote'l soti? (or Ki kote li soti?)
     Ki bò'l soti? (or Ki bò li soti?)
     Where does he/she/it come from?
      
     
Bò kote →  Prepositions: near, next to, close to, by

5. Vin chita bò kote m.
     Vin chita bò kote mwen.
     Come sit near me.

6. Legliz la bò kote yon estasyon gazolin.
    The church is near a gas station.

7. Sou wout nou, nou te pase bò kote yon ti chapèl.  Eske se te li?
     On our way, we passed near a little chapel.  Was that it?

Kote → location, place, area

8. Mwen bezwen yon kote pou’m  poze tèt mwen.
    I need a place to rest.

9. Kote ou ale,  m’va ale tou.
    Where you go, I’ll go.

10. Di’m ki kote ou gen doulè.
       Di'm kote ou gen doulè.
      Tell me where does it hurt.
      Tell me the location of your pain.

11.  Mwen gen doulè sou bò kote goch mwen.
        Mwen gen doulè sou bò goch mwen.
        Mwen gen doulè sou kote goch mwen.
        I have pain on my left side.


Kote as adverb

12.  Yon lopital se yon plas kote yo swanye moun malad.
        A hospital is a place where they care for sick people.

13.  Sa a se magazen kote’m te achte biyè lotri a.
       This is the store where I bought the lottery ticket.

Se tout pou jodi a. Mèsi tout moun.  Pase yon bon jounen, e orevwa :)
That's all for today.  Thanks everyone. Have a great day, and goodbye.


Track: Shada by Lole-Lolay


Mwen soti Okay
M' ateri Jeremi
Kisa m'al fè?
M'al travay nan Shada
Se hach* m'ap voye  *hach → axe
Se pikwa* m'ap voye  *pikwa → hoe
Se bwa m'ap jete
Se wòch m'ap kraze
M' travay anpil, lajan'm piti
Kijan pou'm fè, pou m'al nan peyi'm?


Pitit mwen malad
Men wi, madanm mwen kouche
Mwen gen preskripsyon
Yo bezwen manje
Solèy ap boule'm
Mwen pa gen lajan
Lapli ap mouye'm
Mwen pa sa pare
M' travay anpil, lajan'm piti
Kijan pou'm fè, pou m'al nan peyi'm?

I'm looking for text to: "Ah, Gade Chabine La" ...might you have a resource for this Creole song?


Ah! the chabin matador from Venezuela ....

Part of the Lyrics is French, but I have all in Creole here
Gade chabin la
Ki di nou li  matadò
Misye l’a pale’w ankò
Depi w soti Venezuela
Podyab chabin la (Originally, it said: Pauvre diable, chabine la)
Pran paspò pou retoune
Misye a tou pre marye
Y’aryennafè, ou byen fè sa (Originally it said: Il y a rien a faire, ou byen fèt sa)

Kisa yo vle di:"Men monchè" e "Men wi, machè! Mwen se yon fanatik nètale!" ~yfs

monchè (from French Mon cher) → My dear, my friend, my comrade (when addressing a male person)
machè (from French Ma chère) → my dear, my friend, my comrade (when addressing a female person)
nèt, nèt ale, or nèt al kole → completely, exclusively

Men monchè... → but my dear...

Men wi machè, mwen se yon fanatik nèt ale.
But of course my dear, I'm a devoted fan.

offenses

offenses (as in wrongdoing?)
peche (sins)
vyolasyon
transgresyon
imoralite
malonètete

How many hours / How much time (in Creole). Thanks.

how many hours... → konbyen èdtan ...
how much time / how long.... → konbyen tan ...
how many days... → konbyen jou

How long will it take to complete this project?
Konbyen tan l'ap pran pou reyalize pwojè a?


How many days does it take to get there?
Konbyen jou li pran pou rive la?


How many hours did it take build this paint the house?
Konbyen èdtan li te pran pou pentire kay la?

Hello! I wanted to know how to say "demon" in particularly one who is supernatural or a shapeshifter. Thank you so much

Haitians would call that movè zespri, zonbi, baka, or demon
movè zespri  (mo-vay-zes-pri)
zonbi (zonh-bee)
baka (bah-kah)
demon (day-monh)


A movè zespri, zonbi, baka, or demon believed to be the bad spirit that comes to inhabit a human being either because it has be "expedited" by a voodoo priest or a acquaintance who wants to harm you; or it may come to possess the human being because he/she was at the wrong place at the wrong time.

Now, a 'lwa' or 'loa' is believed to be one of the voodoo gods that will use a human being's body as a vessel to carry a message or service.  These 'lwa' or 'loa' have names, personality, likes and dislikes; they will come down from the realm (or up from hell :) at voodoo ceremonies.

Dyab is the prince of darkness himself.  He/she may be called Gran Dyab, Lisifè, Satan, Mèt Minui or Demon (demon can also mean bad spirit movè zespri)

Lougawou, chanpwèl or sanpwèl, bòkò, houngan, hounsi, manbo, zopob, bòkò, or wangatè are people give service to the gods or lwa/loa. They are of different 'grades'.  

what does 'pa kite m' mean

O O!  ...Tèt chaje!

Pa kite'm.
Don't leave me.

how would i say "do the clothes fit?, or are the clothes too tight/ too loose?"

Do the clothes fit?
Eske rad yo bon pou ou?


Are they too tight?
Eske yo twò jis?
Eske yo twò sere?


Are they too loose?
Eske yo twò gran?

Mwen tonbe foli te renmen an avek ou depi mwen mete premye je sou ou nou gen yon lyen...mwen menm mwen nan renmen ak ou

wow... bèl pawòl!


Here's the best way to say this in Creole (using the same wording):


Mwen gen yon foli damou pou ou.   Depi premye moman je'm te tonbe sou ou, mwen santi nou te gen yon lyen.  Mwen damou pou ou.

I'm madly in love with you.  Since the first moment our eyes met I felt an attachment toward you.  I'm in love with you.

Hi. Your site is great. Question: I've bought a lot of books on Kreyol and they all say that the "ap" form is the PRESENT progressive -- i.e., m ap pale" means "i am speaking." But you seem to use it exclusively as the future - "I will speak.'

Thank you :)

"ap" can be used to form both future and progressive.

Here's a link to Progressive Forms (parts 1,2,3,4.  Start with part 1)
And here's a link to Future Tense

Kite m ranpli ou leve ak outlet mwen

This sentence is not making sense to me.

Kite'm ranpli ou ak leve ak outlet mwen.
Let me fill you with my outlet? (try checking it again)

im not easy (in Creole)

I'm assuming 'easy' as in 'carefree' or 'wild'.
I do not see how easy (as in not difficult) would not make any sense here :)

I'm not easy.
Mwen pa konsa konsa.
Mwen pa yon moun vaykevay.
Mwen pa yon moun libelibè.
Mwen pa yon fanm chanpèt. (if you're a woman)

do you love me (in Creole)

Oh dear... Has anyone ever gotten a "no" answer on this question?  
That would be harsh :(
Hope you get a 'yes' on this one :)

Do you love me?
Eske'w renmen'm? (contracted)
Eske ou renmen mwen? (non contracted)

Bonjou mwen fe kreyol nan lekol e pwofese m genyen an toujou di nou sa pa korek gramatikalman pou n ka itilize "ke" . Kisa ou panse? Mesi pou ede m aprann plis kreyol toujou

Bonjou a ou menm tou zanmi :)

Yes, your Creole professor is correct.
It is recommended, in the new Haitian Creole òtograf, to stay away from using 'ke' when making comparison.  
examples:
The table is larger than the desk.
Instead of saying:
Tab la pi gran ke biwo a.
You'd say:
Tap la pi gran pase biwo a.


You are taller than me.
Instead of saying:
Ou pi wo ke mwen.
You'd say:
Ou pi wo pase mwen.

Also, we try to stay away from using ke as relative pronouns: whom, that, what, which
You may use the Creole's 'Ki' if the relative pronoun can be used as a subject.
example:
The house that fell.
Kay ki tonbe a.


The man whose pants are torn.
Nèg ki gen pantalon chire a.

But if the relative pronoun functions as a direct object, it would have called for the Creole 'Ke', but since we cannot use 'Ke', we use nothing at all.
This is what I saw.
Instead of saying:
Se sa ke mwen te wè.
You'd say:
Se sa mwen te wè.


He is someone that I respect.
Instead of saying:
Li se yon moun ke'm respekte.
You'd say:
Li se yon moun mwen respekte.


The students that I choose must come to me.
Instead of saying:
Elèv ke mwen chwazi yo dwe vin jwenn mwen.
You'd say:
Elèv mwen chwazi yo dwe vin jwenn mwen.


You must prove that you live in the neighborhood.
Instead of saying:
Ou dwe prove ke ou abite nan vwazinay la.
You'd say:
Ou dwe pwouve ou abite nan vwazinay la.


But you cannot omit 'ke' from every sentence in Creole.  We've been using "ke' in Creole for more than two hundred years....  it's become a habit..., a part of our language.
example:
1. We cannot get rid of  ke  in Eske
    Eske...? (from the French Est-ce-que...?)


2. And the expression... ke ... ke... (as in whether it's this, whether it's that)
    Ke l te blan, ke'l te nwa...(Whether it's white, whether it's black...)


3. Haitians will always use 'ke' when they bless you. as in:
    Ke Bondye beni'w. (May God bless you)
    There are other choices such as "Se pou Bondye Beni'w"  
    but Ke Bondye beni'w has become an   expression.


4.  Sometimes you will hear mwens ke or pi piti pase for less than.  And it's ok.
     Li koute mwens ke  10 dola.
     It cost less than 10 bucks.
     
5. We cannot take 'ke' out of 'a mwens ke (unless)', 'amwenske(unless)', 'pouvi ke (providing that)', tandiske (whereas), tan ke (as long as),  etc..


    Mwen p'ap kite w ale amwenske ou anbrase'm.
    I won't let you go unless you kiss me.


    etc...


And lastly, Haitian Creole literature is full of instances where revered authors use 'ke' over and over and over.  Sometimes, it is part of the beauty of the language, not to mention it can acceptably be used in proses for songs and poems. 

How do you say "See you in March"

See you in March.
N'a wè nan mwa mas.

See you in December.
N'a wè nan mwa desanm.

See you next month.
N'a wè mwa pwochen.

See you tonight.
N'a wè aswè a.

See yo next time.
N'a wè yon lòt fwa.
N'ap wè pwochèn fwa.

We'll talk next time.
Pwochèn fwa n'a pale.

More links to See Ya!,    How n'a expresses the FUTURE

How do you say "Follow Him"? As in following Jesus?

Follow Him.
Suiv li.


I will follow him.
Mwen va suiv li.


We will follow you until the end.
Nou va suiv ou jouk lafen.

What does Se pou n gade se pou rete dyòl lolo in the Ayiti Cheri song mean?

Se pou nou gade.
We must look.  or We must contemplate

Se pou nou rete dyòl lolo.
We must remain surprised.


good stuff, looking good keep it up

Dakò :)

Good stuff.  Looking good.  Keep it up.
Bon bagay.  W'anfòm.  Kenbe la.

nonetheless

nonetheless → tout menm, malgre sa, antouka, menm si se te sa, menm si se ta sa, te mèt sa

Li pa kalifye, men yo ba li dyòb la tout menm.
He's not qualified, but they gave him the job nonetheless.

Mwen malad, men mwen dwe al travay malgre sa.
I'm ill, but I must go to work nonetheless

M'ap swe woy?

Woy! is just an interjection.
swe is to sweat.
So, this means "I'm sweating!"

ki jan w ka esplike diferans ant PA KA ak KA PA . Mesi m ap aprann kreyol kounye a e mesi pou sit sa ki ede m. Eske li egziste am franse e an panyol tou tanpri?

Mèsi zanmi :)
Men, mwen pa genyen blog sa ni nan lang Franse, ni nan lang Espanyòl.

pa ka → can't (where "ka" express inability to do something)
ka pa → may not, may not be able to. (where "ka" expresses the probability or possibility that something may not occur).  The negative indicator is then place after "ka".

Pa ka
1. Mwen pa ka manje.
    I can't eat


2. Nou pa ka vin nan fèt la.
    We can't come to the party.


3. Li pa't ka dòmi yè swa. ( 't indicates past tense)
    He couldn't sleep last night.


4. Mwen pa'p ka ale avè'w. ( 'p indicates future)
    I will not be able to go with you.


Ka pa.

Mwen ka pa konprann.
I may not be able to understand.


Li ka pa gen lajan.
He may not have any money.


Li ka pa't wè nou. ( 't indicates past tense)
He may not have seen us.


Nou ka pa janm jwenn li.
We may never be able to find it.

What is the meaning of: "Grenn zaboka sevi zorye, anbalatcha. Aswe a m p ap domi? "

You'll find that a lot of kids do sing that song on the playground in Haiti, either while playing 'circle' or while playing hide and seek.  But this is no song for kids.

Grenn zaboka sèvi zorye, anba latcha. Aswè a m p'ap domi?

Avocado seeds serve as pillow, under latcha.  I won't  sleep tonight. (Literally)

It has a hidden sexual meaning where avocado seeds refer to testicles, and latcha is a nickname for women's or men's private parts.

Haitian Creole "tou" in "Mwen tou bouke" - Still mean "all"?

tou, here, means all, totally, so, so much, all so much

1. Mwen tou bouke.
    I'm all tired.

2. Fòk ou te wè sa.  Ti bebe a te tou zuit.
    You should have seen this.  The baby was so small.

3. Peyi Ayiti tou pòv deja.  Li pa bezwen lòt pwoblèm ankò.
    Haiti is already so poor.  It does not need any more problems.

4. Machin nan tou lèd, enpi manman m te vle m pou m al lekòl avè l.  Mwen te di'l mwen p'ap ka fè sa.
    The car was all so ugly, and my mom wnated me to drive it to school. I told her I could not do it.  

5.  Ou tou fèb.  Kouman ou va fè mache san w pa tonbe?
     You're so weak.  How will you walk without falling?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Thank you and Ke Bondye beni ou ak fanmi ou! Do 'fòk' and 'dwe' have the same meaning?

Yes, they both express necessity.  The only difference is that fòk comes before the subject, and dwe comes after the subject in a typical sentence.

Examples:
I must go.
Mwen dwe ale.
Fòk mwen ale.


You must speak to her.
Ou dwe pale avè li.
Fòk ou pale avè li.

Also, there are many other synonymous expressions such as fòk and dwe that express necessity or obligation in Haitian Creole.

You may say fòk, or fò, dwe, fèt pou, sipoze, oblije or blije.
Just remember that fòk or must come before the subject
Also, you can have a contraction after ''", but not after "fòk", as you can see in the following examples.
Contractions follow vowels (nasal and non-nasal), not consonants.

Examples:
Fò'w mache anvan ou kouri.
You must walk before you run.


Fò'w pa kwè tout sa yo di'w.
You should not believe everything they tell you.


Fòk ou pa kite'l fè sa.
You must not let him do that.


Yo sipoze ban nou mwatye nan lajan an.
They should give us half of the money.


Ou oblije prezan nan maryaj pitit fi ou.
You have to be present at your daughter's wedding.


Ou sipoze mete pantalon'w anvan ou mete soulye'w.
You must put on your pants before you put on your shoes.


Ou fèt pou bwose dan'w chak swa anvan'w monte kabann.
You must brush your teeth every night before you go to bed.


See these helpful links:  Origin of the word Fòk in Creole, Fòk and Fò

how do you say have a nice time sweetheart

Have a nice time sweetheart.
Pase yon bon tan cheri.

There are many different ways to say sweetheart in Haitian Creole.
See link:  Sweetheart

THANK YOU, HAVE A NICE DAY

Thank you, have a nice day.
Mèsi, pase yon bon jounen.


See link:  Have a nice day!

How do you say 'boy' in Creole


boy - gason, ti gason, bonòm, ti bonòm
son - pitit gason

See link:  Family members

How do you say not home in Haitian Creole

Most popularly, you would say:  Pa la.
But you can also say: Pa lakay (pronoun)


He's not home.
Li pa la.
or
Li pa lakay li.


I'am not home.
Mwen pa la.
or
Mwen pa lakay mwen.


We're not home at this time.
Nou pa la kounye a.
or
Nou pa lakay nou kounye a.

"Cry baby" in Creole?

Cry baby → rechiya, rechinya, rechiyen, rechinyen, rechinyè, petevi, dèyè manman, souse dwèt, tete dwèt, kriyadò, nyè


See more in Rechinya

How do you spell "You let me go" in Haitian Creole

You let me go.
Ou kite'm ale.


Let me go.
Kite m ale.


Let go of me.
Lage'm.


Leave me alone
Kite'm an repo.


Give me some peace and quiet.
Ban'm lapè.


Get off of me.
Sot sou mwen.
Rale kò'w sou mwen.

Could you give a lesson on the use of "Afè" being used as "This thing of" or "This business of"? i.e. 1. Afè de mwatye sa, s’on malpwòte. 2."Afè ale nan fèt chak jou a, m vle w koupe sa sèk."

Ah yes of course :)


In the examples that you have given here, you can use afè, zafè, koze, bagay, or even abitid.
The word "afè", here refers to a tendency, a practice, or habit.   
And it will be translated in English, like you said, as: this thing of..., this question of..., this habit of...., this practice of ..., etc...


*Don't forget to add your article or demonstrative adj. at the end of the subject phrase.



Zafè manje deyò chak jou sa a* dwe sispann.
This* habit of eating out every day must be stopped.

Zafè manje ze chak jou sa a* ap mande'w kont yon jou wi.
This* thing of eating eggs every day will catch up with you on day.

Afè de mwatye sa*, s’on malpwòte.
This* thing of half and half is crap.
Malpwòpte can be translated as filth, crap, baloney, garbage etc...

 Afè ale nan fèt chak jou a*, m vle w koupe sa sèk.
The* habit of daily debauchery must be stopped.

Lè Paul te vin prezidan konpani an, zafè mete sandal pou vin travay la* te sispann.  Li fè tout moun mete soulye kounye a.
When Paul became president of the company, the* practice of wearing sandals to work was abolished.  He had everyone wear shoes now.





Other translation for Creole word afè:


Afè , also know in Haitian Creole as: zafè, bagay, koze; and when appropirate, pawòl,  will translate in English as: thing, romance (hooking up), business, personal business, belongings, sexual organs, a phenomenon, a deal, or an agreement.


Pa mele nan zafè m.
Don't meddle in my personal business


Yo fè zafè.
They hooked up romantically.


Pa manyen zafè m.
Do not touch my belongings.


Afè'm pa bon.
Business is not good.
I'm doing well financially.


Li panse li se yon gwo zafè.
She thinks she's a big deal.
She thinks she's all that.

grit?

grit n. → ti gravye, gravye, gwo grenn sab, also detèminasyon, fyèl, kran

Bonjou! I have run into the phrase "pat rive" a few times. Can you help me figure out what it means? (As in: "Ministè Travo Piblik Transpo ak Kominikasyon an patenarya ak Sant Nasyonal Rechèch ak Fomasyon pat rive reyalize konferans de près....)

pat rive or pa't rive contracted form for pa te rive

Pa            |  te             |   rive
negative   | past tense |  arrive, manage, succeed, achieve, come to
indicator    indicator


Nou pa't rive wè yo.
We didn't manage to see them.


Li pa't rive reyalize rèv li anvan li te mouri.
She didn't succeed in achieving her dreams before she died. 


Mwen te tande li, men mwen pa't rive konprann li.
I heard it, but I didn't manage to understand it.



How to say "bunch of..." as in "Bunch of cowards/scaredy cats"

Bunch of crooks!
Bann vòlè!


They are a bunch of cowards.
Yo se yon bann kapon.

What would it cost you?

What would it cost you?
Kisa sa ta koute w?
Kisa li ta koute w?

I've been in Haiti for one year. I lived in haiti for 9 months, 25 years ago. I can read and speak creole to a degree but for the life of me I'm not understanding creole spoken to me.Is something wrong with my brain? Any suggestion about what I can do abo

Good conversation and practice of listening skills should help to get you reacquainted with the nuances of the language again.  Is there a Creole-speaking friend / acquaintance with whom you can have regular conversations in Creole?  

nan lavi ap fè bagay ki bon se pa janm a bagay fasil pou fè!

Ou pale gwo laverite :)

Nan lavi a, fè sa ki byen pa janm fasil.
Doing the right thing in life is never easy.

Hmmmmmph, petit se pa manti non!

Hmmmmmph, petit se pa manti non!
Child, It's no lie!
or
My friend, it's no lie!

how would you say "turn the light off, or get off of the couch!"

For 'turning off' appliances, you would say 'etenn' or 'fèmen'.  Please check these links on Turning on / Turning off.

*Get off (to withdraw, to pull out, to go away)  → leve, soti, or retire kò w

Get off of the couch.
Leve sou kanape a. (Get up from the couch)
Soti sou kanape a. (Get away from the couch)
or
Retire kò w sou kanape (Remove your body from the couch.)


Get off of my lawn.
Soti sou gazon mwen an.
Retire kò'w sou gazon mwen an.


Get off of my property.
Soti sou pwopriyete mwen
Retire kò'w sou teren mwen




*Get off (as in to disembark, to settle, come down) → desann, rete
EXAMPLE:
Saying to a tap-tap driver:↓
Driver, I will get off right here.
Chofè, m'ap desann la a.


Get off of the tree, otherwise you might fall.
Desann pye bwa a, sinon ou ka tonbe.

How do you say 'white house' in Creole?


white house (as in a house that is of the color white) → kay blan
White House (the place where the president stays) → Mezon Blanch or Palè a

The president gave a speech in front of the White House.
Prezidan an te bay yon diskou devan palè a.
or
Prezidan an te bay yon diskou devan Mezon Blanch lan.


We bought this little white house last year.
Nou te achte ti kay blan sa a ane pase.

Mezanmi!, Oh Bondye!, Woy!, Anmwe!

Adye o!  Sa'w genyen ou sezi konsa?  ☺

I asked some women what attributes are considered attractive here...they replied that it does not matter much whether one is skinny or chubby, just if they are "sexy". Can you explain?

They are right.  Chubby is as sexy as skinny.
Chubby can be considered a sign of good health or wealth in a country where food is scarce.
And since "Beauty is in the eye of the beholder (Sa'k lèd pou youn ka bèl pou yon lòt)", sexy can be whatever pleases you.

Usually, in Haiti, when someone says seksi, they mean nice bodily curves (chubby or skinny)

I've read "The Fruit of the Spirit" a few different ways in Creole. Can you give me the closest translation to these? Love, Joy, Peace, Patience, Kindness, Goodness, Faithfulness, Gentleness and Self-Control? Thank you!

In my "own" Creole I would say:
"Fwi Lespri yo se lanmou, lajwa, lapè, lapasyans, jantiyès, konpasyon, senserite, sansiblite, ak metriz tèt ou."

mwen konte ke ti moun mwen yo te kapab aide ou

Mwen konte timoun mwen yo te kapab ede'w.
I hope that my kids were able to help you.

I am going on a missions trip with my church this coming August to Ducis, Haiti. The mission is interested in us doing BP screening and handing out basic info written in Haitian Creole. Do you have any suggestions?

Do you have printed materials that are printed in English.  You might find some on the net or at some clinics.  We might translate them and make a little leaflets in Creole...

how do you use the word piga? what does trakka mean?


The best English translation for "PINGA!" that I can't think of is 'DON'T!",  "DON'T YOU DARE!", or "YOU BETTER NOT..."
PINGA is always used as a warning, with the understanding that there might be consequences.

Examples:

As auxillary / modal verb
Pinga ou fè sa!
Don't you do that!

Pinga ou pale ak moun sa yo.
Don't talk to these people.

Pinga ou kite nonm sa pran tèt ou.
Don't let this man take your head (literally)
Don't be taken by this man.

As a noun:
Mache sou pinga w.
Walk on your pinga. (literally)
Be vigilant.

Yo te ba l yon pinga.
They gave him an warning.


See more sentences with PINGA 

Traka → nuisance, problems, headache, dilemma, a bother, impediment, misfortune

W'ap ban'm traka.
You're giving me a headache.

Ala de traka!
What a nuisance!

Other Haitian Creole nouns that are synonymous with traka are: pwoblèm, tèt chaje, ka, malediksyon, devenn, lapenn, tribilasyon, kalamite, tray

How are the word DETAN and ANPALAN DE used in Creole? Are they present partiples? Got examples?

An palan de → speaking of ..., about


You'll hear:
Anpalan de Felix, kote li?
Speaking of Felix, where is he?


Anpalan de òdinatè a, eske ou te sonje deploge li yè swa?
Speaking of the computer, did you remember to unplug it last night?


detan (also written as antan, etan, pandan) → while, as, in the time that


Detan nou t'ap pale a, vizitè yo te gentan parèt
While we were talking, our guest had already arrived.

sugar daddy? gold digger?

Sugar daddy (is this anything like 'the money man'?) → ti pouchon
gold digger → opòtinis, woulibè, eksplwatè, parazit, sansi, sousèt san

WHAT DOES Cheri 2 jou an jou mw we wap vin bel pa vre MEAN ?

wow.. from chrysalis to a butterfly ...

Cheri, de jou an jou, mwen wè w'ap vin pi bèl.  
Honey, I see you're getting more and more beautiful each day

what does tet chage mean in english

Tèt chaje click on link

translate "no one seeks after God in creole

No one seeks after God.
Pa gen moun k'ap chache Bondye.
or
Pa gen okenn moun k'ap chache Bondye.

Haitian Creole word FÈT as English's 'should, suppose to, ought to'

Download link for this audio:


 

To listen to this audio clip, press the play button and follow along :)



  


Bonjou zanmi'm yo.  Kouman nou ye?  M'espere tout moun trè byen.
Hello my friends.  How are you?  I hope everyone's well.


Fètto be made, to be born, to occur,  and also party, celebration, holiday, birthday
Fèt → ought to, should, to suppose to, to have to



Fèt → party, celebration, birthday, holiday

Fèt as holiday
Easter holidays → Fèt Pak
Christmas holidays → Fèt Nwèl
Independence day → Fèt Lendepandans or Fèt Endepandans or Jou Fèt Lendepandans
Flag day → Fèt drapo or Jou Fèt drapo
Mother's Day → Fèt dè Mè or Fèt Manman Yo or Jou Fèt Manman
Father's Day → Fèt dè Pè or Fèt Papa yo or Jou Fèt Papa
Valentine's Day → Fèt Sent Valanten or Jou Fèt Sent Valanten
Chocolate Day  (on February 9) → Jou Fèt Chokola :)
National Toothache Day  → Jou Fèt Maldan :(
etc...

1. Mwen renmen sezon fèt la.
    I love the holiday season.


2. Kilè fèt ou?
    When is your birthday?


Fèt as delight, rejoicing, revelry ...
3. Nancy te kontan wè mari li. Yo te mete yo toutouni sou kabann nan... Se te bèl fèt...
    Nancy was happy to see her husband.  They got naked on the bed.... It was bliss...


To use as a verb, you will say, fete (fay-tay) → to party, to celebrate, to revel, to have a good time, to rejoice...
click on the link.


Fèt → to be born


4. Ti bebe a te fèk fèt.
    The baby was just born.


5.  Mwen te fèt ak yon enfimite.
     I was born with a handicap.

Fèt →happen


6. Sa k'ap fèt zanmi mwen?
    What's happening my friend?
     
7. Sa k'ap fèt nan peyi a kounye a?
     What's going on in the country now?

Fèt → to be made


8. Gato a fèt ak ze, sik, farin, lèt ak ti moso chokola. 
    The cake is made with eggs, sugar, flour, milk and chocolate chips.


Fèt → suppose to, should, made to

9. Ou pa't fèt pou di sa. (Notice "pa't" indicates negative and past tense)
    You were not made to say that. (Literally)
    You should not have said that.


10. Ou fèt pou mande'l eskiz.
      You're made to apologize. (Literally)
      You should apologize


11. Nou fèt pou'n viv lib.
      We're made to live free. (Literally)
      We're supposed to live free


      #11 in the past tense would be:
       Nou te fèt pou'n viv lib.→ We were made to live free.


12.  Li pa't fèt pou fè sa. (Notice "pa't" indicates negative & past tense)
       He's not made to do that. (Literally)
       He should not have done that.


13.  Lòm pa fèt pou viv sèl.
       Men are not made to live alone. (Literally)
       Men should not live alone


Enben, zanmi m yo, se tout pou jodi a.  Mèsi anpil.  M'espere n'a wè ankò.
Well my friends, that's all for today.  Thanks a lot.  I hope to see you again.


Track: Nan Men Bondye by Marlene D. Adrien


Lyrics


Ala yon bon bagay, se lè'w nan men Bondye
Pou'l pase men pran ou, pou Li transfòme ou
Travay sa pran yon ti tan.  Li fè'w soufri anpil
Men lè ou byen gade, pa gen pi bon plas pou'w ye.


Lavi a ap malmennen* w, ou santi ou vle fou
Ou chwe* nan tout sa'w fè. Ou ka rele "Anmwey!"
Men lè ou vin sonje, Jezi te fè'w pwomès, 
"Pa janm bliye chak jou, M'ap toujou avèk ou."


Lè dife eprèv* y, limen anba pla* pye'w
Nanm ou ape gwonde*, "Poukisa se mwen menm?"
Pinga ou fè jwèt Satan ki vle dekouraje'w
Sou jenou'w pou'w rete.  Nan pye jezi sovè w.


*malmennen v. → to mistreat
*chwe v. to fail
*eprèv n.trial
*pla → sole, base, footing, floor
*gwonde → roar, rumble, complain

ou de tout fason (in Creole?)

Ou de tout fason.
You are flexible
You are easy going

how do you say how tall are you ?

How tall are you?
Ki wotè w?

See link:  Dimensions & Sizes

How to say Happy Mothers Day

Happy Mother's Day
Bòn fèt dè mè
or
Bòn fèt manman.

May / Might (in Creole), which verb to use?

To suggest possibility or probability in Haitian Creole,  use kapab or its contracted forms kab or ka (please see link for  more info on ka, kab, kapab)


may be / might be


1. He might be a crook.
    Li ka se yon volè.
    Li ka yon volè.


2.  It may be a tumor.
     Li ka se yon timè.
     Li ka yon timè.


3. Answer the phone.  It might be your father calling.
    Reponn telefon nan.  Li ka se papa'w k'ap rele.


4.  It may be too late.
     Li ka twò ta.




may / might


5.  He might be sleeping.
      Li ka ap domi. 


6.  He might have been sleeping.
     Li ka t'ap dòmi.


(in #5 and #6, note how Haitian Creole progressive marker is used after "ka", to indicate present of past progressive.


7. I might have forgotten.
    M ka te bliye.
(in #7, note how Haitian Creole past tense marker te is used after "ka", to indicate a form of the past tense.)


8.  This may take a while.
     Sa ka pran yon ti tan.


9.  It might rain later.  Bring your umbrella.
     Li ka fè lapli pita. Pote parapli'w.


10. The shoes might be too small for him.
     Soulye a ka two piti pou li.


11. May I talk to you in private please?
      Eske m'kapab pale ak ou an prive tanpri?

Do you understand me? (Creole)

Do you understand me?
Eske'w konprann mwen?
Ou konprann mwen?


Did you understand what I said?
Eske'w konprann sa'm di a?
Ou konprann sa'm di a?


I understood a little bit.
Mwen konprann yon ti kras.
Mwen konprann tou piti.

"He's on time." (Li se sou tan?)

'on time' → a lè, a tan. 


He's on time.
Li alè.
Li vin alè. (He came on time)

Please come on time.
Tanpri vini alè.


I want to depart on time.
Mwen vle deplase a lè.