Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, August 11, 2012

kisa mo la "lan" vle di nan vese sa: Kite m di Senye ki pa tankou tout moun lan mesi. AND mwen pa konpran fraz sa: Li wete m nan bouch twou a. AND kisa mo la "malfini" vle di nan angle? Mesi anpil!!

Bonjou

Pou premye kesyon ou:
lan se youn nan atik defini nan lang Kreyòl Ayisyen an.
Genyen senk(5) atik defini nan lang Kreyòl la: a, an, la, lan, nan.
Kèk Ayisyen di nan, e kèk Ayisyen di lan apre yon doub 'n' tankou nan mo "monn" nan, oubyen yon mo ki fini avèk yon 'n' ki rezone tankou mo 'moun' nan.
Sa depan nan ki rejyon yo soti nan Ayiti. (It depends on which region of Haiti they come from)

Kite'm  | di   | Senyè | ki pa tankou |  tout moun | lan | mèsi.
Let me | say | Lord   | that not like  | all people  | the | thank you.
Let me tell the Lord that is not like other people thank you


Pou dezyèm kesyon ou:
wete se yon derivatif mo retire ki vle di to remove, to take away, to take out.

Li     | wete'm       |  nan  |   bouch   |  twou  | a
He   | remove me | from |  mouth   |  hole   | the
He removed me from the entrance of the hole.

Pou twazyèm kesyon ou:
Yon malfini se yon hawk, oubyen yon bird of prey nan langaj Angle a.

Mwen espere ou konprann tout Kreyòl mwen :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words


2 comments:

  1. Oh wi, Mandaly!! Mesi anpil...ou te esplike sa tre byen e mwen konprann tout. Bondye beni ou zanmi mwen!!

    ReplyDelete