Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, August 4, 2012

Mandaly, konbyen religion ki genyen Ayiti? Eske yon moun gen dwa pratike vodou piblikman nan peyi a? Eske Rara se yon relijyon?

Relijyon nan peyi Ayiti, tankou tout lòt kote, fè mikalaw.
Genyen anpil.  Mwen pa konnen non yo tout.

Relijyon protestan an ankadre anpil relijyon Kretyen tankou Lapwofesi, Batis, Pannkotis, Advantis, e petèt Temwen Jehova yo tou, etc...
Relijyon katolik la ankadre relijyon Kretyen tankou relijyon Katolik Womèn, Karismatik, Presbyteryen, etc...
Apre sa, genyen Mizilman yo, Mòmon yo, etc... Mwen pa fin twòp konnen anpil sou relijyon sa yo.

Anpil nan seremoni vodou yo fèt nan aswè, men sa pa vle di yo pa pratike li an piblik.

Mezanmi o!  rara pa yon relijyon monchè :)

Si ou jwenn plis enfòmasyon sou relijyon nan peyi Ayiti, w'ava kite'm konnen.  Mèsi.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment