Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Friday, February 1, 2013

Would you look at a little something I am writing for practice in Creole? It is too long for the Formspring box, (about 4 paragraphs) but I will put it as a comment to this post :)

Dakò, mwen ta renmen li sa w ekri :)
Sometimes the comment sections don't take too much either.  You might want to do two comments if it doesn't take it all.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

14 comments:

  1. (after a little introduction explaining my interest in language in Haiti from studying linguistics)

    M gade ki nivo sosyete pale ki kalte lang. M wè kilès ki pale Kreyòl, kilès ki pale Franse, kilè moun fè kòmsi yo ka pale Franse, kilè moun fè kòmsi yo pa konprann Kreyòl menm. Genlè moun ki pale Franse gen plis valè, gen plis entelijans, plis respè. Lè mwen te la, m mande tèt mwen ki kote lonbrit pratik ak lide sa yo antere?

    Depi konmansman Ayiti, moun la pa gen menm valè. Men wi, ou mèt jwenn sa a landan nenpòt peyi, men Ayiti se yon ka estrèm. Li sòt yon istwa eskovaj brital. Kèk moun ki genyen gwo richès, tout lèzòt viv e mouri san vwa nan labatwa yon istwa pèdi. Sa ka pèmèt atwosite konsa pase?

    Chenn, zam, yon gwo lame. Tout bagay sa yo te zouti nan lasenal esklavajis. Men vremanvre, yo pa't pi fò ameman ke yo te genyen. Yon chenn ka kase, yon zam ka chanje mèt, yon lame ka tonbe. Non, pi fò ameman nan lasenal esklavajis te jistifikasyon yo a. Yon jistifikasyon ki di yo gen dwa posede lavi ak lanmò yon lòt moun. E ki jistifikasyon sa a te ye? Gen moun siperyè, gen moun enferyè. Epitou gen kèk kilti, kèk koulè po, kèk koutim, ak kèk lang ki montre siperyorite yon moun. E se pa yon sipriz ke esklavajis te konkli tout karasteristik pa yo te pi siperyè pase tout karasteristik esklav yo. Yo mete lide sa yo nan tèt pa yo, nan tèt timoun pa yo, nan tèt esklav pa yo.

    Lide pa mouri kòm moun. Yon lavi, jenerasyon, gouvènman ka leve tonbe kòm yon bat je pandan yon lide diri san boujonnen yon sèl plim cheve gri.

    Jounen jodi a, èske lide kolonyal sa yo toujou la? Menm si moun pa gen dwa deklare yo nan plas piblik vil yo, menm si konstitisyon peyi a denonse yo, èske y'ap toujou anbiske la, yon malarya nan yon ti pike marengwen, yon kolèra nan yon gout dlo larivyè?

    An Ayiti, revolisyon fizikal kont koloniyalis te pran 13 anne, men aprè plis pase 200 anne, èske revolisyon mantal la fini? Eske toujou gen sa ki siperyè, gen sa ki enferyè, ak yon plas vid an silans ant yo? E si nou vire tounen zafè lang, ki kote nou jwenn kreyòl, lang pèp ayisyen ye?

    (I am not yet finished, but that is what I have so far)

    ReplyDelete
    Replies
    1. Wololoy! Mwen enpresyonen ...anpil anpil :)

      Tout pwen ou soulve yo trè enpòtan.
      Sa ou di a se sa. Zafè egalite nan peyi Ayiti, kèk fwa, li sanble se sou papye sèlman li ye. Jan kèk Ayisyen yo pale an piblik, se pa konsa yo panse an prive.
      Kòm ou di, "yon malarya nan yon ti pike marengwen, yon kolèra nan yon gout dlo larivyè?"; Ou dekri move lide sa yo tankou yon epidemi ki prèt pou deklannche, si nou pa fè atansyon. Sa se gwo laverite!

      Ankò, ou byen pale lè ou di revolisyon mantal la poko acheve. Gen moun Ayiti ki panse ke 1)Se baton ki fè yon pèp mache, 2)Se zafè klas siperyè a ki kenbe peyi a pou l pa tonbe, 3)Dwe gen yon gwoup eksklizif ki pou gouvènen pou peyi a pa demoralize. Toutotan yo panse konsa, revolisyon an pa janm konplete vre.

      Ou konkli avèk yon kesyon enteresan. Si tout pwoblèm ou konstate yo pa janm jwenn yon solisyon, lang Kreyòl la ka pa janm resevwa plas respektab li merite a.

      Mèsi anpil, se yon trè bèl atik ou ekri. Tout sa se pwoblèm ki toujou ap bouyi nan peyi Ayiti jouk jounen jodi. Mwen ta renmen wè rès la lè ou fini tanpri :)

      Gen kèk ti koreksyon tou piti mwen ta fè nan sa ou ekri a. Eske mwen mèt fè li?

      Delete
    2. Istwa peyi sa pa piti menm. Sa se youn nan problem ki anpeche peyi nou avanse. si moun ki ekri sa se etranje ki pa leve nan peyi a mwen kwe se yon bon obzevasyon.

      Delete
  2. Mèsi anpil pou ankourajman sa a! Epitou, m ta vreman apresye konnen nenpòt erè ou wè. Se sèlman konsa kreyòl ekri mwen ka amelyore! Ou twò fantastik! Mèsi ankò!!!

    ReplyDelete
  3. Dakò :) Se yon plezi.

    M gade ki nivo sosyete (add: ki) pale ki (remove preceding KI, add: tèl) kalte lang. M wè kilès ki pale Kreyòl, kilès ki pale Franse, kilè moun fè kòmsi yo ka pale Franse, kilè moun fè kòmsi yo pa konprann Kreyòl menm. Genlè moun ki pale Franse gen plis valè, gen plis entelijans, plis respè. Lè mwen te la, m mande tèt mwen ki kote lonbrit pratik ak lide sa yo antere?

    Depi konmansman Ayiti, moun la pa gen menm valè. Men wi, ou mèt jwenn sa a landan nenpòt peyi, men Ayiti se yon ka estrèm. Li sòt (add: nan)yon istwa eskovaj ←(typo?) brital. (Add: Gen) kèk moun ki genyen gwo richès, tout lèzòt (add: yo) viv e mouri san vwa nan labatwa yon istwa pèdi. Sa (add: ki) ka pèmèt atwosite konsa pase?

    Chenn, zam, yon gwo lame. Tout bagay sa yo te zouti nan lasenal esklavajis. Men vremanvre, yo pa't pi fò ameman ke yo te genyen. Yon chenn ka kase, yon zam ka chanje mèt, yon lame ka tonbe. Non, pi fò ameman nan lasenal esklavajis te jistifikasyon yo a. Yon jistifikasyon ki di yo gen dwa posede lavi ak lanmò yon lòt moun. E ki jistifikasyon sa a te ye? Gen moun siperyè, gen moun enferyè. Epitou gen kèk kilti, kèk koulè po, kèk koutim, ak kèk lang ki montre siperyorite yon moun. E se pa yon sipriz ke esklavajis (add: yo) te konkli tout karasteristik pa yo te pi siperyè pase tout karasteristik esklav yo. Yo mete lide sa yo nan tèt pa yo, nan tèt timoun pa yo, nan tèt esklav pa yo.
    (Ah! Paragraph sa se nannan koze a nèt.

    Lide pa mouri kòm moun. Yon lavi, jenerasyon, gouvènman ka leve tonbe kòm yon bat je pandan ("tandiske" instead of PANDAN?) yon lide diri ← (typo?) san boujonnen yon sèl plim cheve gri.


    Jounen jodi a, èske lide kolonyal sa yo toujou la? Menm si moun pa gen dwa deklare yo nan plas piblik vil yo, menm si konstitisyon peyi a denonse yo, èske y'ap toujou anbiske la, yon malarya nan yon ti pike marengwen, yon kolèra nan yon gout dlo larivyè?

    An Ayiti, revolisyon fizikal ←(fizik) kont koloniyalis te pran 13 anne ←(lane or ane), men aprè plis pase 200 anne ←(lane), èske revolisyon mantal la fini? Eske toujou gen sa ki siperyè, gen sa ki enferyè, ak yon plas vid an silans ant yo? E si nou vire tounen (add: sou) zafè lang, ki kote nou jwenn kreyòl, lang pèp ayisyen ye?

    Tout sa ou ekri a se verite sou tanbou!

    ReplyDelete
  4. M'anboulatcha na premye fraz la ou korekte a. dapre koreksyon kijan premye fraz la dwe pati ?

    ReplyDelete
    Replies
    1. Nan opinyon m, mwen panse otè a te vle di "M gade ki nivo sosyete ki pale tèl kalte lang...."
      Men mwen pa sèten si kesyon sa a konplètman pou mwen.

      Delete
    2. Actually, I do not generally understand the uses of "tèl." It translates roughly as "such a"?

      Otherwise, I understood the corrections. THANK YOU SO MUCH! You are too great!

      Delete
    3. I used Haitian Creole tèl here as a pronoun.
      I think it translates as such, this, that...

      Some examples of how you might see this in Creole:
      Mwen konn ki gwoup moun ki pale tèl lang.
      (I know which group of people speak which language.)

      Mwen konn ki moun ki te fè tèl bagay.
      (I know who did what)

      Mwen kapab sonje tout sa ki te pase jou sa a. Mwen kapab di w ou te ale tèl kote, ou te manje tèl manje, e ou te pale ak tèl moun.

      Or
      Li te chita sou yon chèz, li t’ap pase m lòd. Li te di’m pran tèl bagay, ale tèl kote, li tèl liv, pale ak tèl moun, elatriye.

      Dakò.

      By the way, I have finally received the books this afternoon. All except ZIG LAVI. They had told my friend to check later for it.
      She did not find them at Lapleiade or Axterix. She went to La Presse Nationale. M'ap koumanse li RETE, KOTE LAMÈSI aswè a, anvan m'al kouche.
      Mèsi anpil.


      Delete
    4. AH! I just commented on this news elsewhere on Form Spring. Hurray! As it happens, I have been re-reading Lamèsi. Tell me what you think!

      Maybe after a bit you will need to start a Haitian Creole literature section! How exciting!

      Delete
    5. That would be nice. Maybe one day :)

      Delete
  5. Eske li oke si m ekri sa an Kreyòl?

    Maten an mwen te koumanse li Pastè Bab. Mezanmi! San egzajere, mwen kapab di ke mwen andyoze nèt lè m'ap li liv sa a.
    Gwo kout chapo byen ba devan otè Pastè Bab la. Liv sa a fè m sonje moun k'ap tire kont nan lalin klè.
    Liv sa a chaje ak yon bann ekspresyon ak idyòm Kreyòl ladan li tou. Chak paj mwen vire, mwen jwenn omwens dezoutwa ekspresyon Kreyòl.
    Mwen reyèlman anmize mwen ap li li.

    Mwen poko fini l non. Mwen poko menm rive mwatye wout. Men mwen si tèlman renmen liv la, mwen panse ke m ta dwe voye yon ti kòmante ba ou sou sa'm li deja.
    Si sa te posib mwen pa ta pran kanpo nan lekti liv la, men mwen oblije.
    "TIWIL", liv sa se te vrèman yon bon chwa. Mèsi.

    Kounye a, sou liv Lamèsi a :)
    Mwen te kontan ap li ti liv la byen pwòp. Men lè'm te rive byen lwen, mwen te remake ke sanble liv la pa t'ap fini jan mwen ta vle l la. Sa te yon ti jan tris.

    Lòloj mwen te vire nèt sitou lè m t'ap gade bèl bèl literati ki fèt ak Kreyòl la.... kouman otè a marye mo yo ansanm pou fè m tande Kreyòl la tankou yon chante mwen poko janm tande anvan. Mwen te nan bòl grès mwen :)

    Men, lè'm te fini li liv la nèt mwen te vin santi kòm si mwen pran nan kou moun fou.
    Konprann sa byen, depi nan koumansman liv la mwen te koumanse ap atann ak yon bèl reyinyon lanmou ki ta pral fèt. Chak "ti chapit" mwen te li, chak ti peripesi Jozafa te pase, atant ak eksitasyon mwen te moute pi wo. Men mwen vin reyalize se van Jozafa t'ap fè m chase. ...truly clever. ...Awesome read.

    E ou menm, kouman ou te jwenn liv Lamèsi a?

    ReplyDelete
  6. Dabò, ou mèt ekri an kreyòl avèk mwen toutan! Men, pou mwen menm, m pa ka esprime tout lide mwen an kreyòl fasilman. Se pou sa a tanzatan, si m gen dòmi nan je m (kòm kounyeya) ou si mwen prese, ou si m pa sèten sa m'ap ekri gen sans, m va ekri an Angle. Epitou, m konnen m toujou fè kèk erè lè'm ekri an Kreyòl. Si ou montre m erè sa yo, m ta apresye sa anpil!

    Premyè bagay, m byen kontan ou renmen "Pastè Bab." Li te premyè liv sòt Koleksyon Souf Nouvo m li. Men, m panse lè sa a m pa't apresye li menm jan w'ap renmen ni, paske tout idyom yo epitou blag sibtil. Kounyeya m se yon pi bon lektè, e m gen pou li liv la ankò.

    Osije "Lamèsi," m'ap ekri yon ti bagay an Angle epi m'ale kouche :) (Li prèske minwi kote m rete).

    At the very end of the book, I took the story to be a metaphor for the life (throughout Haitian history) of the Haitian "malere." He toils and struggles through his days, pursuing some kindness, beauty, or relief - a reason that drives him forward. In this story, this is represented by "Lamèsi."

    His difficult existence has been the same throughout Haitian history, and he has been reborn several times, back to the period of slavery. The book is filled with historical reference, and while he finds many reasons to be proud of his country, he admittedly does not feel he will ever amount to much in it, unlike the students he watches going to school, or the "timoun lòt bò dlo ak linèt envansyon yo."

    In the end, at least for the book's poor protagonist, he never catches up with his pursuit, Lamèsi. It is enough to make him despair, break him, even make him go mad. And while he does at first receive some help from the older man, a keeper of Haitian history, in the end he is not helped. He is locked up and the key thrown away. But was this really necessary? Was he really a dangerous psychopath? For the poor Haitian, there is no therapy, no psychologist. A life of struggle, and if it becomes too much to bare, there is no aid, only imprisonment.

    Maybe Lamèsi really existed, maybe not. But regardless, for Jozafa she represented a reason to be, but no matter how hard he tried she was always slightly out of reach, though hardship and even cruelty was nearly ever present.

    Yikes. It is indeed a very tragic story, though I think it told in a lovely manner.

    (Of course I could be wrong about all that. Oke, m'ale reveye sou bèl kannòt lalin lan!)

    ReplyDelete
  7. Toudabò, mwen vle di w ou ekri Kreyòl pi byen pase plis ke katreven pousan Ayisyen.

    Lè m’ap pale Angle, menm bagay ki rive w lè dòmi nan je w la, konn rive m tou. Si kè m sou biskèt onswa m sou tansyon, mwen bliye tout Angle m nèt – lang mwen vin lou ak Angle a, enpi aksan mwen vin pi pwononse. Men si tèt mwen poze, m’anfòm ak lang etranje a :)

    Konsènan Lamèsi, No you can’t be wrong. Sonje byen, otè a ba w lisans pou wè istwa a nan fason pa w. Mwen kwè se yon trè bèl imaj ou trase: "Jozafa ak Lamèsi → Ayiti ak Mizè li." Aktyèlman, m panse jan ou di a se konsa otè a te petèt trase e planifye liv la.

    Anpremye m te konvenk anpil ke Jozafa se te yon loa ki t’ap viv nan yon egzistans ki paralèl, men ki pa konnekte, ak egzistans kote veso ki pou pèmèt li materialize a (Lamèsi) t’ap viv.
    Men alafen mwen vin konvenk ke li se yon nonm, chè e zo, ke lanmou chavire lòlòj li.

    Lè mwen te wè zafè chemenndkwa a (via crucis, way of the cross) sitou, mwen te vin konprann ke istwa sa a pa ka fini byen paske tout katòz estasyon chemenndkwa yo se yon pelerinaj lapenn ak kalamite. E estasyon chemennkwa yo se ak lanmò li fini.

    Pati ki te pi komik nan liv la, se lè Jozafa pran goumen ak bèf la devan kamyon an. (Ah! Mwen santi m te la. M t’ap bat bravo pou li :)

    Pati ki te pi akablan an se te tout tray li t'ap pase ak bèf li t'ap mennen labatwa yo. Dòmi ak yon kòd nan pye w ki mare ak kenz bèf! Sa se lesklavaj! Ala yon chay! Ala yon fado!

    Pati ki te pi touchan, se lè Jozafa t’ap deprive tèt li ak anpil bezwen nesesè dekwa pou li te ka gen ase pou l refè lavi l ak Lamèsi. Ala yon nonm ki gen kè!

    Mwen dakò avè w, jan ou di l la nan lang Angle a, se vre wi: “Sa se yon istwa dramatik, yon istwa ka pèdi ke yon moun rakonte avèk bèl pasyon.”

    ReplyDelete