Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Thursday, April 25, 2013

Google di ‘konkou’ vle di ‘contest’ men gen anpil lè m te wè mo sa-a nan yon fraz epi siyifikasyon sa-a pa t fè sans. Èske ‘konkou’ gen lòt siyifikasyon?

Mwen pa ka panse a lòt siyifikasyon pase contest, competition, tournament, championship etc...

Ou kapab itilize li tankou yon vèb lè ou di bay konkou, pote konkou.  La a, li vle di: to help, to support, to sponsor, to collaborate with

Pa egzanp:

1. Lè te gen tranblemanntè Ayiti a, anpil peyi te pote konkou.
    A lot countries had come to help during the time of the earthquake in Haiti.

2. N'ap pote konkou bay Legliz la.
    We will help the church.

3. Vin pote nou konkou.
    Come help us.


Genyen yon lòt mo an Kreyòl ki ekri konsa: koukou.
koukou (owl) → vle di tou, yon moun ki lèd anpil, yon moun ki pi lèd pase yon makak, yon moun ki nan yon move kondisyon

Si yon Aysiyen rele ou "koukou", sa se yon gwo ensilt...

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments:

  1. M te manke yo t ap ilitize 'konkou' kom yon veb. M t ap panse yo t ap vle di 'gen yon konpetisyon' e sa sete pouki fraz sila yo pa t fe sans pou mwen. Men 'konkou' kom yon veb vle di 'bay sipo' pa 'gen yon konpetisyon'.

    Mesi yon lot fwa :)

    ReplyDelete
    Replies
    1. Wi:) Se sa nèt al kole!

      Si yon moun ta vle itilize "konkou" kòm yon vèb pou di "to compete", yo va di "fè konkirans", fè konkou oubyen "fè konpetisyon".

      Dakò zanmi.
      Pase bon jounen.

      Delete