Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, May 7, 2013

Bonswa Mandaly, Èske ou ta reponn kesyon sa yo pou mwen...

1. Èske 'mete ak' vle di 'join' nan fraz sa a: 'Lachin ak Larisi mete ak Sekretè
Jeneral l’ONU an, Bann Ki-moon, pou yo fè konnen kè-sote yo...'?

      
     Wi.  You got it right.  It means to join, to team up, to unite

2. Ki sa vle di "ajandelòd" nan fraz sa a: manifestan te voye kout-wòch sou
ajandelòd yo...?

     ajandelòd (from French "agent de l'ordre") peacekeeper, code enforcer, or law enforcer

3. Èske 'ale fè wout li' vle di 'to go on his way'?
    Yes, basically.  It also means to go, to go away, to leave, to scram, get lost
    
     examples:
     a. Al fè wout ou!
         Go away!
         Get out of here!

     b.  L'al fè wout li.
          He left.

     c.  Apre yo fin manje, yo t'al fè wout yo.
          After they ate, they left.


4. Ki sa vle di 'San di pètèt' nan fraz sa a: 'San di pètèt, nan ka pa nou, nan
La Grand Bretay, nou gen lontan depi nap respekte yon entèdiksyon Unyon Ewòp la
ki anpeche nou voye ekipman militè bay militan rebèl yo'?

       San di petèt (or sandipetèt) → beyond question, undoubtedly, unmistakably
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment