Bonjou
mesyedam, lasosyete d Ayiti.
Jodiya
mwen vle diskite yon mo mwen tande trè souvan an Ayiti – “blan.” Lè m flannen
nan santye andeyò, lè m achte pwovizyon nan mache, lè m fè dekabès, lè m ap
rele “Anmwey !” aprè pikan pike gwo zotèy mwen, mwen tande moun di “Blan.” E se
pa yon sèl fason pou yo di l. Moun ka rele l, moun ka chwichwi l, moun ka
tchwipe l, e moun ka salye avè l ak tout politès. Kelkeswa ka a,
mwen konn tande l.
Sa k fè moun di sa alantou mwen
tout tan? Oke chè
lektè, m ap mete sekre rèd pa m nan lari. Mwen menm, mwen
gen po blan, je vèt, mwen fèt lòtbòdlo. Donk, an Ayiti moun konn rele mwen
"blan." E jodiya, mwen ta vle pataje yon ti tranch esperyans mwen
genyen ak mo sa a nan bèl peyi nou.
Bon, an palan de esperyans pa m,
mwen ka fè de (2) kan moun ki konn rele mwen "blan."
Premyeman, gen moun ki rele mwen "blan" premye fwa yo wè mwen paske yo poko konnen kijan mwen rele, yo wè mwen se yon etranje, e san touche gwo istwa kolonyal, se nan jan sa nou konn kalifye moun konsa an Ayiti. Aprè sa nou koze, nou bay blag, nou mande youn lòt anpil kesyon. Mwen aprann konbyen sè ak frè yo genyen, e mwen di yo manman mwen byen, menm si sante li pa pafè. Mwen esplike kòman mwen travay nan yon lekòl. Nou pataje esperyans nou ak lide nou sou sistèm edikasyon, e nou diskite ki wòl kominote entènasyonal la ak dyaspora a ka genyen nan zafè sa yo. Kòm mwen se yon Kreyolis, souvan nou pale sou wòl lang kreyòl ak lang franse nan sosyete a tou.
Pale nou fin pale youn ak lòt,
mwen pa "blan" ankò, mwen se “zanmi,” “Msye Scott,” ou “Tiscot.” Men wi, gen kèk moun ki konn rele m
“blan” toujou. Mwen di yo “Se pa konsa fanmi mwen lòtbo konn rele m, non
papa!” (gen kèk ti grenn moun ki parèt sezi. "Non ? Manman w pa rele ou
blan ?" Adje.) E si nou rive fini koze a nèt, mwen pa vle moun ki konnen
mwen byen rele mwen "blan" paske se kòmsi nou ka bliye tout lòt
karatèristik, lefèt ke nou chak gen pwòp istwa ak rèv nou, e se sèlman koulè ki
enpòtan. Aprè mwen di sa, moun konn reponn "Tout moun se moun. Tout moun
gen menm valè." Pifò Ayisyen konprann sa byen. Anfèt, jeneralman isit la
moun konprann sa pi byen pase lòt kote sou latè, e se pou sa mwen renmen pale
avèk Ayisyen e mwen gen anpil zanmi Ayisyen.
Gen yon dezyèm gwoup moun ki konn
rele mwen blan tou. Men okonmansman yo pa rele mwen blan. Non, odebi se
“Monsieur Scott, bienvenue en Haïti. Comment allez-vous?” Tre janti, non? Men,
sa pa dire twòp tan. Menmsi mwen eseye mare lang mwen, mwen gen tandans antre
bouch mwen nan koze EPT (Edikasayon Pou Toutmoun) oubyen sou valè lang Kreyòl
Ayisyen an, e kòman m ap etidye kilti ak istwa d Ayiti. Epitou, mwen ka fè wè nan de tan twa
mouvman yo konstate mwen pa rich. Donk, mwen pa rich, mwen pa sòt. Kisa yo ka
fè ak yon etranje ki pa ni sòt ni rich ?
Bridsoukou, se
pa « Bienvenue Monsieur Scott » ankò. Bridsoukou, se yon blan mwen ye. Yon
etranje, yon moun ki sòt yon lòt kote. Yo pale ak zanmi yo devan mwen e yo di
"Kominote entènasyonal la ap toujou mete tèt yo nan zafè nou." Yo pase m nan tenten, yo rele mwen
“yon blan fou.” Yo pa reponn lè mwen pale ak yo an kreyòl. Mezanmi, sa preske
fin dekouraje mwen nèt.
Bon,
san fè okenn konklizyon, mwen ka kondanse esperyans mwen ak mo “blan” an konsa:
Pou
pifò moun an Ayiti, plis mwen pale kreyòl, plis mwen fè efò pou konprann
sosyete Ayiti, e plis nou di ansanm ke yon bon edikasyon se yon dwa pou tout
timoun, kèlkeswa koulè, kèlkeswa nasyonalite, kèlkeswa lang, e kèlkeswa klas,
plis yo konn ban mwen yon non pase jis “blan.”
Men pou yon dezyèm ti gwoup, dotan
mwen pale sou lide sila yo, dotan yo konn rele mwen “blan.” Men mwen santi gwoup sa a sèvi ak mo
a nan yon lòt fason. Genlè se pa sèlman yon jan pou kalifye mwen, men se yon
metòd pou fè m santi m kòm yon moun deyò, pou betize mwen, e, dabò, pou fè mwen
fèmen bouch mwen ak tout koze Edikasyon Pou Toutmoun sa a.
Mwen
pa ka di mwen konprann tout bagay nan sosyete Ayisyen an, e donk jodiya m ap
sèlman pataje esperyans mwen ak nou.
Epi, si nou vle, nou ka eksplike m kisa li siyifye.
-pa Scott
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
No comments:
Post a Comment