Try Zouker.com or even Top Mp3 lyrics.com - You might get lucky with a Creole song.
Sa bèl
Gade kijan w ale kite m
Pou yon flannè ki sot New York
Li te di l’ap marye avè w
Ou te konprann se verite
Li pase yon fo ak sivil
Aprè lindemyèl li ale
Li pa janmen dòmi reve w
Kounye a ou santi w dezole
Jodi a ou vin mande m tounen
Mwen pa ka fè anyen pou ou
Se pou konnen lè w gen menaj
Menm si lòt moun ap fè w pwomès
Se pa pousa pou w kite l
Moun nan ka bezwen pwofite w
Li bay Bondye san konfesyon
Kou l fin twouve w li pati, l kite w
Sa bèl, sa bèl!
Ou gen menaj, ou soufri avè li
Demen nou vi marye
A wi sa bèl o!
Fòk ou pran tèt ou ti cheri
Pa chache yon fòtin rapid
Ou gen menaj ou, kenbe l
Pa koute nèg k ap vin fè w pwomès
W ap mennen avèk menaj ou byen
Ou kite nèg la vin tante w
Kou l fin konnen w, li kite w
Jodia gade ou nan lari
Nan chache fòtin lavi
Gade ou pèdi chans ou ti manman
Nan chache fòtin lavi
Gade ou pèdi chans ou ti cheri
Decide w
Gen lontan m'ap travay
Mwen santi m pa nòmal
Graje kò m pou m kanpe
Sèl mwayen k'ap soulaje m
Se sa k ap fè m byen
Pwoblèm founi nan kò m
M'oblije pran yon lòt dyob
Mizik se pasyon mwen
Se liyè kò mwen ke m renmen
Sonje, m mwen jan avè w
Sipòte mwen toutpatou
Menm si kè m pa kontan,
Santiman m toujou menm jan
Si w renmen m, banm kouraj, pou m travay
Sonje byen, cheri, mizik se vi mwen
Si m gen fanm mwen
Li pa renmen kote m'ap travay la, li pa bezwen marye
decide, l'a fè sa l vle
Cheri, ou pa bezwen ban m pwoblèm tout tan
Mwen vle, ou vle, nou vle
Se antant tout tan
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
